Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Sou baz yon antant ant 4 delege sou 7, ansyen senatè Edgard Leblanc Fils vin kòdonatè Konsèy prezidan pou tranzisyon an

Pòtoprens, 30 aavril 2024 [AlterPresse] --- Sou baz yon antant ant 4 delege, se enjenyè Edgard Leblanc Fils, ansyen senatè Nip, ki te dirije sena a ant lane 1995 pou rive 2000, yo chwazi madi 30 avril 2024 la kòm moun, k ap asire kòdinasyon aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Desizyon sa a pran 6 jou apre enstalasyon ofisyèl 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, nan dat jedi 25 avril 2024 la nan Palè nasyonal la, Pòtoprens

Se delege kolektif pati politik 30 janvye 2023 yo, delege Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) Smith Augustin, delege pati politik Pitit Desalin nan Emmanuel Vertilaire ak delege akò 21 desanm 2022 a Louis Gérald Gilles, ki fè antant madi 30 avril 2024 la. Konsa, pa t gen vòt, kontrèman ak sa k te prevwa anvan an.

Se ansyen minis espò nan lane 2007, sou Rene Preval ak Jacques Edouard Alexis, Fritz Belizaire, ki ta sipoze pral pran tèt nouvo gouvènman tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Se sa yon nòt k al jwenn komite ki te anchaje vòt madi 30 avril 2024 la, pou chwazi kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou trannzisyon an, fè konnen. Chwa sa a sanble pa ta suiv kritèm 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an te defini pou chwazi oun, ki pou vin chèf gouvènman tranzisyon an.

Se sou baz amoni, inite ak bon konprann ant nou, Konsèy prezidan pou tranzisyon an va pran desizyon l yo. Dayè, se sou baz sa a Konsèy prezidan pou tranzisyon an vin pran mayèt politik la jodi a. Se yon ekzèsis ki montre nou kapab. Nou ka bay rezilta ansanm. Nou dwe jwenn tèt ansanm, fè negosyasyon nesesè yo pou gwo desizyon k ap bon pou peyi d Ayiti yo, nou pral pran nan kesyon sekirite a. Nou rekonèt soufrans tout pil ak pakèt milye viktim zal laterè, vyolans, kadejak, gang ak zam yo fè nan peyi a. Se kèk pami premye mo nouvo kòdonatè aksyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils.

Nou vle ale vit, men nou vle ale byen nan chak pa n ap fè, pou trase wout pou lòt pa k ap vini yo, pou ride peyi d Ayiti soti nan kriz la. Nou dwe pran bon jan dispozisyon pou retabli sekirite sou teritwa Ayiti a. Nan jou ak semenn k ap vini yo, pral gen bon jan siyal sou koze sekirite a. Se pwomès Edgard Leblaanc Fils nan non Konsèy prezidan pou tranzisyon an (Kpt), detan l rekonèt 9 manm Kpt yo te parèt mache on ti jan bwete depi enstalasyon ofisyèl yo jedi 25 avril 2024 l, nan Palè nasyonal.

Analize sitiyasyon sekirite a nan peyi d Ayiti, jwenn nan tèt ansanm eleman solisyon pou fè fas kare ak zak laterè, vyolans ak kidnaping, gang ak zam yo ap plede fè yo, ki se pi gwo sousi popilasyon an depi pliyè lane. Se sa k te nannan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an te genyen, lendi 29 avril 2024 la, ak Lapolis nasyonal d Ayiti ak Fòs lame d Ayiti a. Se sa yon nòt ofisyèl fè konnen.

Antretan, depi plizyè jou, gang ak zam yo kontinye ap simen laterè nan zòn Dèlma 24, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Dimanch 28 avril 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan aryopò entènasyonal Okap la, depatman Nò peyi d Ayiti, Jameson Jean, nan moman li ta pral pran avyon pou ale nan peyi Etazini. Jameson Jean ta rekonèt li konn fè operasyon lajan pou chèf gang ak zam Ti Bwa a, nan zòn Fontamara, Christ Roi Chery, moun plis konnen sou non Krisla, dapre enfòmasyon disponib yo.

Lendi 29 avril 2024 la, nan tèminal katye Moren, ki pot non Okap 2, nan depatman Nò peyi d Ayiti, lapolis nasyonal arete pou trafik zam Jacques Joseph, ki te dwe resevwa yon konntenè nan non Wilkin Etienne, ki se mèt konntenè a. Nan konntenè sa a, lapolis nasyonal la di li dekouvri 2 pistolè 9 milimèt, 2 chajè ak 13 katouch, ki te nan yon dwoum ki soti nan peyi Etazini.

Gang ak zam yo, ki ta vle montre yo gen yon diskou politik, pa t toujou gen pozisyon sa a, y ap eseye afiche nan dènye semenn sa yo. Sou okenn fòm, nan okenn sans, nou pa ka konsidere gang ak zam yo tankou militan politik. Se pito gwoup kriminèl k ap maspinen dwa moun, gang ak zam yo ye. Se konsiderasyon konfrè jounalis Ives Marie Chanel nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Dirijan plizyè peyi ki nan gwo espas tè ki rele Afrik yo, tankou Kenya, Tchad ak Benin, dirijan peyi Bamgladesh ki nan Sid gwo espas tè ki rele Azi yo, dirijan peyi Karayib, tankou Bahamas, Jamayik ak gwoup zile Bahamas yo, ekri Òganizasyon nasyon zini, pou di yo ta enterese voye polisye pa yo andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite, ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se Stephane Dujarric, pòtvwa sekretè jeneral naasyon zini yo, ki di sa nan yon kozman ak laprès lendi 29 avril 2024 la.

Se ta nan dat 23 me 2024 la yon premye gwoup polisye peyi Kenya ta dwe rive nan peyi d’Ayiti, nan kad deplòtonnay fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Gouvenman peyi Etazini ta koumanse prepare espas, ki ta dwe akeyi polisye ak militè k ap vini andedan fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Se sa jounal nan peyi Kenya kenyans.co.ke/news rapòte, detan l site yon sous ki toupre gouvènman prezidan kenyan an William Ruto. [ppsf emb rc apr 30/04/2024 14:00]