Español English French Kwéyol

Divizyon nan Fanmi Lavalas sou kesyon eleksyon

Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas " denonse epi kondane ak tout fòs li " konpotman Feuillé, Gilles ak Heriveau

Moso nan yon nòt ki sòti sou sit ofisyèl Fanmi Lavalas nan dat 9 out

AlterPresse reprann pati nan dokiman sa a 10 out 2005

Lè nou konsidere Atik 29 Manman Lwa Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas lan,
ki di: “Se Reprezantan nasyonal la ki gen pouvwa pou l dirije Oganizasyon
Fanmi Lavalas epi ki dwe veye pou tout bagay mache byen. Li responsab tout
aktivite Oganizasyon an. Li la pou li defann dwa Oganizasyon an tout kote,
fè yo konnen enpòtans travay Oganizasyon ap fè a epi li fè tout lòt travay
manman lwa a mande. Pou kounyè a, se Prezidan Jean-Bertrand Aristide yo vote
kòm Reprezantan nasyonal†;

Lè nou konsidere deklarasyon Reprezantan Nasyonal Fanmi Lavalas la, Prezidan
Jean-Bertrand Aristide te fè nan dat 19 avril 2005 kote li di pa ka gen yen
eleksyon lib, onèt, demokratik ak tout manm Fanmi Lavalas ki nan prison, an
ekzil epitou nan mawon;

Lè nou konsidere Rezolisyon 14 Me an kote reprezantan Fanmi Lavalas ki soti
toupatou te adopte yon pozisyon aklè sou zafè eleksyon;

Lè nou konsidere nòt pou laprès pòtpawòl Prezidan Repiblik lan, nan dat 28
jiyè 2005 kote li denonse manti sèten sektè ki di yo an konsètasyon ak
Prezidan an sou zafè eleksyon;

Lè nou konsidere nòt pou laprès reprezantan ai Fanmi Lavalas nan dat 4
dawout 2005 kote li di tout moun alawon badè, yon lòt fwa ankò, Fanmi
Lavalas pap patisipe ni li pa voye pèson patisipe nan maskarad eleksyon
rejim koudeta 29 fevriye 2004;

1) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas denonse epi kondane ak tout fòs li
konpotman Senatè Feuille ak Gilles ak Depite Heriveau ki pa gen yen ni
otorite ni manda pou pran desizyon enskri Oganizasyon an pou li patisipe nan
eleksyon. Tantativ demagojik pou enskri Oganizasyon an nan maskarad sa yo
vle rele eleksyon pap pase.

2) Oganizasyon Politik Fanmi Lavalas pwal pran mezi legal ak disiplinè ki
nesesè nan ka sa.

(...)

Komisyon Kominikasyon Fanmi Lavalas

Mèt Angelot Bell
Mesye Mario Dupuy
Doktè Maryse Narcisse