Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : 26 avril, se dat madichon nan listwa peyi d Ayiti

Pòtoprens, 26 avril 2024 [AlterPresse] --- 26 avril, se dat madichon nan listwa peyi d Ayiti. Jisteman jou vandredi maten 26 avril 1963, apre sa k parèt tankou yon tantativ pou dappiyanp 2 pitit li, diktatè François Duvalier deklannche yon seri masak, nan Pòtoprens, kont anpil anpil moun, espesyalman militè, li te konsidere kòm moun ki pa dakò ak rejim bout di li a. Franswa Divalye fè asasinen anba bal anpil anpil moun, pami yo ti bebe, epi met dife nan plizyè kay. Se poutèt sa, François Duvalier vin deklare tèt li prezidan avi nan lane 1964. Nan dat vandredi 26 avril 2013, 50 lane apre, yon komite ki t ap fè sonje pil masak vandredi 26 avril 1963 yo (sa gen 61 lane vandredi 26 avril 2024 la) te bay yon lis 73 moun, rejim bout di a te fè asasinen ak disparèt, pami yo plizyè militè ak fanmi yo, tankou yon bebe ki te gen 9 mwa depi l te fèt. Komite a te espoze foto anpil anpil moun, rejim bout di Divalye yo te fè asasinen ak disparèt vandredi 26 avril 1963 a nan Pòtoprens.

Nan dat samdi 26 avril 1986, ki te fè 23 lane depi beny san sa a nan lari Pòtoprens, militè lame d Ayiti te tire sou yon foul ki te vin manifeste douvan kazèn Fò Dimanch, toupre Lasalin, Pòtoprens, kote yo touye 11 moun ak blese plizyè dizèn lòt.

Jedi 25 avril 2024 la, gang ak zam yo pouse anpil anpil fanmi sou Dèlma, sitou nan zòn Dèlma 24, kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Detan yo t ap pete gwo kout bal, gang ak zam yo boule anpil kay nan Dèlma 24.

Depi plizyè jou, gang ak zam anvayi espas jounal Le nouvelliste nan ri disant, Pòtoprens. Gang ak am yo vòlò tout kalte ekipman, materyèl biwo, materyèl enprimri, elatriye. Akoz zak dechèpiyay gang ak zam yo, se sèlman sou entènèt jounal Nouvelis ka parèt jounen jodi a. Se sa responsab jounal Nouvelis yo fè konnen, detan yo di yo konte sou lajistis ak lapolis pou pran dispozisyon konsekan pou pwoteje lavi moun ak byen nan peyi d Ayiti.

Dwa pou moun rive jwenn enfòmasyon, se yon resous lavi. Dwa pou moun rive jwenn enfòmasyon dwe gen yon gwo plas nan demach ak diskisyon pou soti nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, yon kriz k ap anvlimen depi plizyè mwa. Rès monn nan dwe okouran sa k ap pase nan peyi d Ayiti yo. Peyi d Ayiti bezwen jounalis, plis pase lane anvan yo. Se pou sa plis pase 90 jounalis ayisyen, nan tèt kole ak òganizasyon Repòtè san fwontyè (Rsf), te voye yon kout rèl, madi 16 avril 2024 la, bay kominote entènasyonal la ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an, pou evite peyi d Ayiti pa ta tounen yon dezè nan enfòmasyon.

Jedi 25 avril 2024 la, gouvènman peyi Etazini a voye yon lòt avyon, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Twazyèm avyon sa a pote materyèl ki ka ride lapolis nasyonal la fè fas kare ak gang ak zam yo. Se sa anbasad ameriken nan peyi d Ayiti fè konnen, san l pa bay okenn presizyon sou ki materyèl ki pral ride lapolis nasyonal la twoke kòn ak gang ak zam yo.

Gouvènman tranzisyon, ki pral tabli nan peyi d Ayiti a, dwe koupe fache ak tout move pratik ki mete peyi d Ayiti nan madoulè li ye a. Manm gouvènman tranzisyon an dwe di ki byen yo posede, tousuit apre lè yo va pran mayèt politik la. Se yon fason pou bay tout sila, ki va vin dirije peyi d Ayiti, bon ekzanp. Epitou, fòk tout enstitisyon ak òganis leta yo, tankou Aan (ki anchaje aryopò yo), Apn (ki anchaje operasyon debake ak anbake machandiz sou waf yo), Oavct (ki okipe de asirans machin ak motosiklèt), Lona, Ofatma, Fon nasyonal ledikasyon, Fon ki anchaje antretyen wout yo, elatriye, rann piblik bilan ak sitiyasyon lajan yo pou 5 lane ki sot pase yo. Se ekzijans rasanbleman òganizasyon ki rele Ansanm kont koripsyon.

Plizyè gouvènman ak òganizasyon entènasyonal wete chapo yo douvan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki rive enstale jedi 25 avril 2024 la. Nan pran mayèt politik peyi d Ayiti a, Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe traváay pou chanje kondisyon lavi tout Ayisyèn ak Ayisyen yo. Se pozisyon gouvènman peyi Etazini a.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon etap enpòtan pou retabli sekirite ak demokrasi nan peyi d Ayiti. Se dizon anbasad Kanada nan peyi d Ayiti, ki di gouvènman Kanada a pare pou ride peyi d Ayiti soti nan kriz k ap brase bil li depi plizyè lane.

Enstalasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon pa enpòtan nan chimen tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Pou kore chimen tranzisyon sa a, li nesesè pou fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ta deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se pozisyon Inyon peyi Ewòp yo.

Tousuit apre enstalasyon ofisyèl 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, gouvènman peyi Kenya a, pa lentèmedyè prezidan William Ruto, deklare li pare pou ta voye polisye vin pran tèt yon fòs miltinasyonal ki ta sipoze vin deplòtonnen pou kore sekirite nan peyi d Ayiti. [ppsf emb rc apr 26/04/2024 13:17]