Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Olye Palè nasyonal sou Channmas la, se nan Vila akèy Miso/Petyonvil enstalasyon ofisyèl Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap fèt, jedi 25 avril 2024 la

Pòtoprens, 24 avril 2024 [AlterPresse] --- Olye Palè nasyonaal sou Channmas la, Pòtoprens, pou kesyon sekirite, se pito nan Miso, kote ki gen biwo premye minis la, seremoni ofisyèl enstalasyon manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap fèt, jedi 25 avril 2024 la. Ta sipoze gen diplomat etranje nan seremoni ofisyèl enstalasyon nouvo otorite peyi d Ayiti yo.

Se akoz laterè ak vyolans gang ak zam yo Konsèy prezidan pou tranzisyon an deside fè seremoni ofisyèl enstalasyon an nan biwo premye minis la, nan Miso/Petyonvil. Espas sa a, yo rele vila akèy, se la prezidan yo te konn resevwa diplomat ak lòt otorite etranje nan tan lontan. An apre, li te vin tounen biwo santral Konsèy electoral pwovizwa a nan lane 1990. Epi, yo vin fè l tounen biwo premye minis la nan dènye lane sa yo.

Se toulèjou, depi koumansman mwa mas 2024 la, lapolis nasyonal ak lae d Ayiti a ap fè fas kare ak kout bal gang ak zam yo, sou Channmas la. Sa lakoz biwo leta kou prive, ki pa twò lwen Channmas la, pa ka fonksyone ditou, nan dènye semenn sa yo.

Madi apremidi 23 mas 2024 la, kout bal te kontinye pete sou Dèlma ak katye ki viwonnen yo. Moun, ki rete sou Dèlma, toujou sou tansyon avèl laterè, gang ak zam yo ap rapousuiv nan katye sa yo.

Pa gen mo pou pale de zak agresyon san parèy gang ak zam yo ap fè kont fakilte ak lekòl siperyè Inivésite leta d Ayiti yo, tankou zak dechèpiyáy yo fè lannuit samdi 20 avril 2024 la nan fakilte metsin ak famasi Inivésite leta d Ayiti a. Asosyasyon famasyen peyi d Ayiti yo estomake epi leve lavwa kont zak kriminèl sa yo.

Men, mèkredi 24 avril 2024 la, polisye nasyonal yo retounen pran kotwòl komisarya polis Omega a ak pòs polis Senchal la nan komin Kafou. Polisye nasyonal yo te bandonnen 2 espas polis say o, apre bandi ak zam te atake 2 espas polis say o, jedi 18 avril 2024 la. Lè sa a, bandi ak zam yo te asasinen pou pi piti 5 moun, pami yo yon polisye nasyonal, nan Waney 93. Malgre tou aktivite yo, tankou lekòl, biznis ak tout lòt kalte komès poko rekoumanse mache nan komin Kafou, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Madi 22 avril 2024 la, bandi ak zam asasinen ak bal Ketel Maxime, ki se jij depè tribinal komin Pilat la, depatman Nò peyi d Ayiti. Poko gen efòmasyon klè sou sikonstans kò sasináy sa a sou jij depè tribinal Pilat la, Ketel Maxime.

Militè ameriken, pèsonèl sekirite ak sipò, ki rive madi 23 avril 2024 la nan avyon lame peyi Etazini ki ateri nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, vin ride anbasad ameriken nan peyi d Ayiti a ret louvri. Se misyon ki toujou fèt pou asire sekirite anbasad peyi Etazini, toupatou sou latè. Se sa responsab lame peyi Etazini yo deklare nan yon kominike.

Sekirite, redrese bak peyi a nan nivo enstitisyon leta yo a nan nivo ekonomi, travay sou dosye jistis ak enpinite a, epi òganize eleksyon : se pami gwo defi say o nouvo ekip tranzisyon an ap gen pou leve. Y ap gen pou fè sa sou baz konpetans, esperyans ak transparans, pou mennen yon politik piblik ki ka bay bon jan rezilta. Fanm ak gason, ki pral pran mayèt politik la, dwe montre yo gen repondong pou fè fas kare ak brigandáy ekip ki prale a lage peyi d Ayiti jodi a. Peyi a bezwen yon ekip dyanm, ki pa t mele nan ankenn sa k pa sa, k ap kanpe drèt kont koripsyon ak enpinite. Peyi d Ayiti bezwen dirijan fanm ak gason, ki mezire sa y ap fè, ki p ap vin sèvi ak kòtèj gran panpan, ki p ap vin sèvi ak sirèn sekirite pou agrese popilasyon an. Se rekòmandasyon òganizasyon Nou p ap dòmi sou moun, Konsèy prezidan pou tranzisyon an ap geen pou chwazi kòm premye minis ak minis nouvo gouvènman tranzisyon an.

Gen gwo ijans pou retabli yon leta, ki chita sou lalwa nan peyi d Ayiti. Li nesesè pou lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti ki la a, Konstitisyon peyi a rekonèt yo, jwenn bon jan bourad, ki ka ride yo jwe wòl yo kòmsadwa. Lapolis nasyonal la va anchaje kesyon sekirite a, detan lame d Ayiti va asire pwoteksyonn teritwa nasyonal la. Sitwayèn ak sitwayen yo vle reprann dwa yo genyen pou mache lib e libè ak mennen aktivite yo san kè sote, toupatou. Se nan direksyon sa a tout aktè nasyonal ak entènasyonal yo ta sipoze travay. Se pozisyon rasanbleman fanm ak gason ki rele Kolektif 4 desanm 2013 la. Kolektif 4 desanm 2013 la di li pran nòt sou akò politik ki bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an, menm si li kwè se chwazi yon manm lakou kasayon ki t ap pi bon.

Sizoka esperyans Konsèy prezidan pou tranzisyon an bay rezilta, l ap bon pou tout moun. Menm si nou pa gen menm lide, se moman pou chak moun montre tolerans parapò ak lòt epi travay nan tèt kole, nan enterè tout moun. Manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe mennen bak peyi a nan respè lalwa, pou ride peyi d Ayiti repran dwa granmoun ni. Se konsiderasyon Jean Clarens Renois, ki se kòdonatè pati politik Unir ki nan yon alyans ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. [ppsf emb rc apr 24/04/2024 15:27]