Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Yon ventèn òganizasyon nasyonal ak entènasyonal ekzije peyi Lafrans remèt plizyè milye dola yo te fòse peyi d Ayiti báy, apre lendepandans 1804 la

Pòtoprens, 23 avril 2024 [AlterPresse] --- Lendi 22 avril 2024 la, lapolis nasyonal la ak lame d Ayiti a te fè fas kare ankò ak gang ak zam, ki t ap pete bal sou Channmas la, kote ki gen Palè nasyonal la, ak zòn ki viwonnen l yo. Yon sitiyasyon ki te kontinye lakoz gwo kè sote anba lavil Pòtoprens lan.

Kout bal sa yo te fè mikalaw sou Channmas la, Pòtoprens, apre yon delegasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an te vizite espas Palè nasyonal la. Delegsyon sa a t al gade ki preparasyon k ap fèt, sitou nan sa ki arevwa ak zafè sekirite, anvan enstalasyon ofisyèl 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Inivésite leta d Ayiti a rasanble prensipal fakilte ak lekòl siperyè, k ap prepare anpil anpil resous moun pou peyi d Ayiti. Èske tren laterè ak vyolans k ap plede kraze brize fakilte ak lekòl siperyè Inivèsite leta d Ayiti yo, se pa yon yon konplo byen marinen kont entelijans peyi a? Se kesyon sa a Rektora Inivèsite leta d Ayiti a poze, apre zak dechèpiyay gang ak zam al fè nan espas Fakilte metsin ak famasi, lannuit samdi 20 avril 2024 la, nan ri Oswald Durand, Pòtoprens. Pano solèy, anpil machin, materyèl elektrik, materyèl ki te nan kafeterya fakilte metsin nan, se kèk pami sa gang ak zam yo vòlò nan Fakilte metsin ak famasi Inivèsite Leeta d Ayiti a, dapre premye enfòmasyon sou zak brigandáy gang ak zam yo.

Lendi 22 avril 2024 la, gang ak zam yo te rive mete plizyè gwo machin sou wout ki mennen nan Tèminal Vare a, ki gen gwo depo gaz nan Site Solèy la. Se yon mannèv ki anpeche kamyon al pran gaz (dyezèl, gazolin ak gaz blan) nan Tèminal Vare a nan Site Solèy, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Se paske trafik zam ak bal yo ap kontinye nan peyi d Ayiti, ki fè gang ak zam yo ap plede ogmante laterè ak vyolans sou teritwa nasyonal la. Pa gen ase siveyans nan espas anlè ak lanmè zòn Sid peyi d Ayiti yo. Se sa k esplike anpil anpil dwòg, zam ak bal ap pase nan zòn Sid peyi d Ayiti yo. Gen yon bann politisyen ak biznismann ki gen men yo tranpe nan trafik dwòg, zam ak bal sa yo, bò kòt Sid peyi d Ayiti yo. Se yon ranmase Ofis Nasyon zini kont dwòg ak krim, nan reyinyon Konsèy sekirite nasyon zini yo lendi apremidi 22 avril 2024 la.

Fason gang ak zam yo ap kontinye simen laterè ak vyolans yo montre ki jan, lapolis nasyonal la ansanm ak lame ki la a pa gen ase kapasite ni bon jan repondong pou kwape zak kriminèl sa yo. Sa montre tou peyi d Ayiti bezwen jwenn prese prese yon bourad konsekan nan men kominote entènasyonal la. Se yon moso nan deklarasyon natif natal peyi Ekwatè a, Maria Isabel Salvador, ki t ap pale kòm chèf Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti a (Binuh), nan reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo lendi apremidi 22 avril 2024 la.

Madi maten 23 avril 2024 la, yon avyon lame peyi Etazini ateri ak plizyè militè ameriken nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Poko gen enfòmasyon sou ki sa militè ameriken sa yo vin regle sou teritwa Ayiti a. Pandan yon bon pati jounen madi 23 avril 2024 la, moun te kontinye tande bri elikoptè anlè plizyè katye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Se depi koumansman mwa mas 2024 la pa gen ale vini avyon ankò, nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan ni nan ti aryopò Pòtoprens lan. Aktivite avyon yo sispann nan Pòtoprens, apre atak gang ak zam yo te fè sou aryopò entènasyonal ak ti aryopò Pòtoprens lan, koumansman mwa mas 2024 la.

Ta dwe gen yon komisyon verite, jistis ak reparasyon sou pil ak pakèt domaj, kominote entènasyonal la fè, sou pil ak pakèt domaj ki lakoz peyi d Ayiti vin plonje konsa nan katyouboumbe sa a depi plizyè lane. Se laterè, vyolans, koripsyon ak enpinite, ki layite jounen jodi a nan peyi d Ayiti. Se dizon Biwo dwa moun nan peyi d Ayiti yo, nan woumble Nasyon zini sot fè sou popilasyon ki sot nan toyo Afrik yo, nan vil Jenèv (peyi Lasuis) ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la.

Yon ventèn òganizasyon nasyonal ak entènasyonal ekzije peyi Lafrans remèt plizyè milye dola yo te fòse peyi d Ayiti báy, apre esklav yo te bat lame fransèz finisman lane 1803 a nan batay pou rache lendepandans peyi d Ayiti anba men kolon franse yo. Se ekzijans òganizasyon nasyonal ak entènasyonal sa yo fè, nan yon woumble Nassyon zini te fè sou tout moun ki sot nan toyo Afrik yo, ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la, nan Jenèv (peyi Lasuis).

Mwen dakò ak demann ki fèt, pou gen bon jan aksyon sou dosye reparasyon, sou lajan gouvènman Lafrans te fè peyi d Ayiti peye pou lendepandans, esklav yo te rache anba men kolon franse yo nan dat premye janvye 1804 la. Nou dwe antre nan yon nouvo moman. Gouvènman yo dwe aji ak responsablite sou kozman an. Yo dwe sispann pale, men yo dwe pito aji. Se pozisyon natif natal peyi Otrich, Volker Turk, ki se Wo komisè dwa moun Òganizasyon Nasyon zini yo, nan finisman woumble Nasyon zini te òganize sou popilasyon ki sot nan toyo Afrik yo, ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la, nan vil Jenèv (peyi Lasuis). [ppsf emb rc aapr 23/04/2024 15:39]