Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Yon delegasyon pastè peyi Kenya, ki gen relasyon ak laprezidans peyi Afrik sa a, te pale sou Zoom ak chèf gang Jimmy Chérizier (Barbecue)

Pòtoprens, 22 avril 2024 [AlteerPresse] --- Pandan mwa avril 2024 la, yon delegasyon pastè peyi Kenya, ki gen relasyon ak laprezidans peyi Afrik sa a, te diskite sou Zoom ak Jimmy Chérizier (Babekyou) chèf alyansáy gang nan peyi d Ayiti, ki pot non Viv ansanm nan. Youn nan objektif diskisyon sa yo, se ta pou rive konprann sa k ap pase sou teritwa Ayiti a, sizoka lapolis peyi Kenya ta vin pran tèt yon fòs miltinasyonal ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa yon pastè kenyan ki te nan delegasyon an di espas entènèt ki rele Christianity Today, AlterPresse ak AlterRadio te li.

Lannuit samdi 20 avril 2024 la, bandi ak zam atake ak dechèpiye espas Fakilte metsin ak famasi Inivéesite leta a, ki nan ri Oswald Durand Pòtoprens. Depi koumansman mwa mas 2024 la, gang ak zam yo dechèpiye fakilte agwonomi, fakilte syans, lekòl nòmal siperyè, lekòl nasyonal ki prepare espesyalis nan divès domèn atis (tankou pent ki konn fè pòtre moun, elatriye)/Enarts, anpil lekòl, lopital, famasi, biwo, biznis, pòs polis, elatriye, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Lannuit jedi 18 pou antre vandredi 19 avril 2024 la, gang ak zam t al dechèpiye enprimri près nasyonal la, nan ri disant anba lavil Pòtoprens, kote te gen anpil anpil dokiman patrimwán peyi d Ayiti. Nan moman, vandredi 19 avril 2024 la, li t al founi je l gade ki sa k pase lannuit lan, direktè jeneral près nasyonal la, Ronald Saint-Jean, fè konnen gang ak zam te dappiyanp li pandan 15 minit. Saint-Jean mande lapolis nasyonal la pran dispozisyon pou pwoteje espas près nasyonal la nan ri disant, anba lavil Pòtoprens lan, kote yo gen plizyè materyèl pou enprime dokiman.

Se te nan dat 15 novanm 1804, sa vle di prèske 220 lane jodi a nan mwa avril 2024 la, enprimri près nasyonal te soti premye travay li yo, te enprime premye dokiman nan listwa l.

Kidonk, depi jedi 29 fevriye 2024 la, lekòl, fakilte, lekòl siperyè, lopital, famasi, biwo, biznis tout kalte, machin, elatriye, pase anba atak ak flanm dife gang ak zam yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Lendi 22 avril 2024 la, tout aktivite yo (lekòl, biznis) paralize nan komin Kafou. Se youn youn machin transpò piblik ak mototaksi k ap fè alevini nan Kafou. Poko gen polisye nasyonal ki retounen, ni nan komisarya polis Omega a, ni nan pòs Senchal la. Moun k ap vin nan komin Kafou toujou sou biskèt ak gwo lapèrèz, apre atak gang ak zam te fè jedi 18 avril 2024 la, lè yo te asasinen pou pi piti 5 moun, pami yo yon polisye nasyonal, nan Waney 93.

Dimanch 21 avril 2024 la, moun nan zòn teren Tinèl, pa twò lwen katye Meyòt/Petyonvil, pase alenfinitif 2 moun, yo sispèk ki ta nan alyansáy ak gang ak zam Kraze baryè Vitelhomme Innocent yo. Te gen anpil kout bal ki t ap pete, dimanch 21 avril 2024 la, nan katye Metivye, Meyòt ak Gwo Jan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Ant jedi 29 fevriye pou rive lendi 15 avril 2024 la, lopital leta Lapè Dèlma 33 a resevwa plis pase 200 moun, ki blese anba bal. Anplwaye lopital Lapè Dèlma 33 a fè gwo sakrifis pou sove lavi moun, ki viktim nan laterè ak vyolans gang ak zam yo. Jounen jodi a, lopital Lapè Dèlma 33 a pa gen ase kabann, detan li gen plis bezwen pou akeyi moun malad yo. Lopital Lapè Dèlma 33 a bezwen oksijèn, san, epi gaz pou fè dèlko lopital la mache ak pou kenbe tout sèvis lasante yo kòmsadwa. Se kout rèl direktè Lopital leta Lapè Dèlma 33 a, doktè Paul Junior Fontilus, ki t ap pale ak Komite entènasyonal Lakwa wouj peyi d Ayiti a.

Depi laterè ak zak vyolans gang ak zam yo vin ogmante pi rèd apati jedi 29 fevriye 2024 la, peyi d Ayiti vin tonbe nan yon sitiyasyon gravman grav li pa t janm konnen anvan. Sa lakoz gwo gwo soufrans, espesyalman nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Gen anpil anpil moun ki mouri ak blese. Anpil anpil moun pa ka jwenn dlo pou bwè, dlo pou sèvi nan kay, ak manje. Anpil anpil nan pèsonèl lasante lopital ak sant lasante yo pa ka deplase, pou kontinye bay malad yo swen nesesè yo. Lopital ki louvri yo pa gen kapasite ankò pou resevwa pil ak pakèt moun, ki blese anba bal chak jou yo. Nou rive fè sa nou kapab, men sa pa sifi. Se kout rèl Komite entènasyonal lakwa wouj nan peyi d Ayiti.

Responsab lakomin ak delegasyon yo ta ka jwe yon wòl enpòtan, nan ranmase, nan tout komin ak katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, enfòmasyon konsekan, ki ta ka ride kwape degenn gang ak zam ki ekziste ak sila k ap esye boujonnen yo. Se dizon pwofesè inivèsite Hancy Pierre sou AlterPresse ak AlterRadio.

24 avril 2023 – 24 avril 2024, sa fè yon lane depi moun Kanapevè nan Pòtoprens te tanmen yon mouvman brigad vijilans pou defann tèt yo kont gang ak zam. Yo te bay mouvman brigad vijilans sa yo non Bwa Kale. Brigad vijilans popilasyon an kont atak gang ak zam yo ta dwe jwenn akonpáyman gwo fòs nan peyi d Ayiti yo, tankou akonpáyman legliz, lekòl, òganizasyon nan sosyete a, lapolis nasyonal la. Dwe gen yon maryáj ant fòs lalwa rekonèt yo ak kominote yo, nan batay kont laterè ak vyolans gang ak zam yo. Si sa rive fèt, n ap kapab kraze dinamik vyolans gang ak zam yo, gras ak yon mouvman sitwayèn ak sitwayen ki chita sou lavi. Se konsideraasyon pwofesè inivèsite Hancy Pierre sou AlterPresse ak AlterRadio

Dimanch 21 avril 2024 la, yon gwoup natif natal peyi Kiba, ki te bloke nan peyi d Ayiti akoz sitiyasyon latwoubláy yo, rive nan peyi yo, Kiba, apre demach gouvènman Kiba a. Gen nan yo ki te pran avyon nan vil Okap. Genyen ki te travèse fwontyè, ale nan peyi Repiblik Dominiken, anvan yo te pran avyon pou ale Kiba, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Lapolis nasyonal d Ayiti a mande polisye nasyonal yo pou prezan nan pòs yo, tankou nan Petyonvil, tout semenn sa a. Se yon fason pou patisipe nan preparasyon enstalasyon manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Jedi 18 avril 2024 la, manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an te chita pale ak premye minis pou yon bout tan an Michel Patrick Boisvert ansanm ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Frantz Elbe. Chita pale sa a se te pou gade ki dispozisyon sekirite yo va pran nan tout peyi a, espesyalman pou enstalasyon ofisyèl manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki ta sipoze fèt nan jou k ap vini yo, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Gen yon komisyon ki anchaje fè preparasyon, ki va pèmèt gouvènman defakto Ariel Henry an pase mayèt politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Andedan komisyon sa a, gen ti komisyon ki anchaje sekirite, pwotokòl, lojistik ak zafè lajan, nan demach pou remèt mayèt politik la. Ta sipoze gen anpil chita pale nan sans sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 22/04/2024 14:51]