Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam yo kontinye ap pete kout bal, sitou anba Dèlma - Yo dechèpiye enprimri près nasyonal la, nan ri disant anba lavil Pòtoprens

Pòtoprens, 21 avril 2024 [AlterPresse] --- Depi plizyè semenn, kout bal pa sispann pete anba Dèlma, kote lapolis nasyonal ap twoke kòn ak gang ak zam, k ap fè mannèv pou kontinye dechèpiye biznis ak eseye mete plis espas anba kontwòl laterè ak vyolans, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Samdi 20 avril 2024 la, kout bal te kontinye fè mikalaw nan sant vil Pòtoprens lan. Lapolis nasyonal d Ayiti te kontinye ap twoke kòn ak gang ak am, k ap simen laterè san gade dèyè nan plizyè katye. Gen anpil kote nan Pòtoprens ki tounen dezè ak depotwa fatra.

Lannuit jedi 18 pou antre vandredi 19 avril 2024 la, gang ak zam dechèpiye enprimri près nasyonal la, nan ri disant anba lavil Pòtoprens, kote te gen anpil anpil dokiman patrimwán peyi d Ayiti. Nan moman, vandredi 19 avril 2024 la, li t al founi je l gade ki sa k pase lannuit lan, direktè jeneral près nasyonal la, Ronald Saint-Jean, fè konnen gang ak zam te dappiyanp li pandan 15 minit. Saint-Jean mande lapolis nasyonal la pran dispozisyon pou pwoteje espas près nasyonal la nan ri disant, anba lavil Pòtoprens lan, kote yo gen plizyè materyèl pou enprime dokiman.

Se te nan dat 15 novanm 1804, sa vle di prèske 220 lane jodi a nan mwa avril 2024 la, enprimri près nasyonal te soti premye travay li yo, premye dokiman li te enprime yo.

Depi jedi 29 fevriye 2024 la, lekòl, fakilte, lekòl siperyè, lopital, famasi, biwo, biznis tout kalte, machin, elatriye, pase anba atak ak flanm dife gang ak zam yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Ant mwa janvye pou rive mas 2024 la, gen plis pase mil 500 moun ki mouri sou plis pase 2 mil 500 ki viktim nan vyolns gang ak zam yo nan peyi d Ayiti, espesyalman nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Pandan 3 premye mwa lane 2024 la, vyolans gang ak zam yo pran yon dimansyon ki pi rèd pase lane ki sot pase yo.

Kantite zak vyolans ak laterè gang ak zam yo, pandan 3 premye mwa lane 2024 yo, pi plis, pi rèd pase peryòd oktòb pou rive desanm 2023 a.

Sou menm 3 premye mwa lane 2024 la, gang ak zam kidnape plis pase 430 moun epi fòse paran yo peye lajan pou yok a lage yo, nan depatman Lwès ak Latibonit lan.

Depi gang ak zam yo ogmante pi rèd laterè yo apati jedi 29 fevriye 2024 la, yo asasinen ak blesse 19 polisye nasyonal. Yo kase pou pi piti 22 pòs polis. Yo fè plis pase 4 mil 600 prizonye sove kite penitansye nasyonal Pòtoprens ak prizon sivil Kwadèboukè. Tout chif sa yo, se yon ranmase Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) nan dat 19 avril 2024 la.

Èske ranmase sa a se pou al prezante douvan Konsèy sekirite Nasyon zini yo?

Antouka, kesyon kantite lajan, yo ta ka mete andedan fòs miltinasyonal ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ap nan diskisyon Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo, lendi 22 avril 2024 la. Nan okazyon an, chèf Binuh an, natif natal peyi Ekwatè a, Maria Isabel Salvador, pral di ki jan l wè sitiyasyon an ye nan peyi d Ayiti pou 3 premye mwa lane 2024 la, dapre enfòmasyon ki disponib yo

Ki jan peyi d Ayiti ka reprann lespwa? Eleman refleksyon jodi a sou AlterRadio.

Tranzisyon, nou pral antre ladan an, se youn nan premye fwa kote anpil Ayisyen pral antre nan tèt ansanm nan yon pwojè politik, malgre yo pa gen menm lide. Se ta dwe yon okazyon pou mete peyi d Ayiti sou wout pwogrè, nan kè poze, san latwoubláy. Se konsiderasyon nan emisyon TiChèzBa, sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès platfòm entènèt, Jean Clarens Renois, ki se kòdonatè pati politik Unir ki nan yon alyans ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Jedi 18 avril 2024 la, manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an te chita pale ak premye minis pou yon bout tan an Michel Patrick Boisvert ansanm ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Frantz Elbe. Chita pale sa a se te pou gade ki dispozisyon sekirite yo va pran nan tout peyi a, espesyalamn pou enstalasyon ofisyèl manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki ta sipoze fèt nan jou k ap vini yo, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Gen yon komisyon ki anchaje fè preparasyon, ki va pèmèt gouvènman defakto Ariel Henry an pase mayèt politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Andedan komisyon sa a, gen ti komisyon ki anchaje sekirite, pwotokòl, lojistik ak zafè lajan, nan demach pou remèt mayèt politik la. Ta sipoze gen anpil chita pale nan sans sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Se moun onèt, ki gen konpetans ak esperyans, Konsèy prezidaan pou tranzisyon an ta dwe chwazi pou antre nan nouvo gouvènman tranzisyon ki pral pran mayèt politik peyi d Ayiti a. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta sipoze aji rapid, nan mete kanpe nouvo gouvènman k ap pran direksyon politik peyi d Ayiti a. Se dizon Rasanblemn pou yon antant nasyonal, ki gen delege l andedan Konsèy prezidan pou trnzisyon an. [ppsf emb rc apr 21/04/2024 12:57]