Pòtoprens, 19 avril 2024 [AlterPresse] --- Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) leve lavwa kont mannèv gang ak zam yo, ki bloke pwodiksyon lamanjáy, depi apeprè 4 lane, divès kote sou teritwa Ayiti a, tankou Latibonit, Nòdès, Nò ak Sid. Nan Vale latibonit la, peyizan yo gen gwo difikilte pou kontinye pwodui diri. Akoz degenn gang ak zam yo, divès pwodui, tankou pwa, berejèn, militon, fèy zepina ak lalo, powo, pèsi, zonyon, viv yo, patat, tomat, chou, tout fri ki gen Vitamin C yo, elatriye, se gwo madoulè pou fanm ak gason peyizan Latibonit yo ka rive fè yo nan jaden yo. Okazyon jounen entènasyonal batay peyizan yo, nan dat 17 avril, se moso nan yon ranmase Pohdh sou latoumant fanm ak gason peyizan yo ap sibi plizyè kote sou teritwa Ayiti a.
Mèkredi 17 avril 2024 la, lapolis nasyonal la arete Okap, depatman Nò, Nixon Lucien, moun plis konnen sou non Ti Plimo. Nixon Lucien ta rekonèt li konn pote lajan bay moun, ki abitye vann bal ak zam pou gang kokorat san ras yo nan depatman Latibonit, dapre lapolis.
Vandredi 19 avril 2024 la, lekòl pa fonksyone nan komin Kafou. Aktivite yo t ap reparnn piti piti, tankou mache piblik ak transpò piblik yo. Lannuit jedi 18 avril 2024 la, te gen kout bal ki t ap pete. Moun ki rete nan komin Kafou toujou sou biskèt ak gwo kè sere, apre vyolans gang ak zam yo te fè jedi 18 avril 2024 la, lè yo te asasinen pou pi piti 5 moun, pami yo yon polisye nasyonal. Se sa temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio yo fè konnen.
Ant mwa janvye pou rive mas 2024 la, gen plis pase 2 mil 500 moun ki mouri oswa blese nan vyolans gang ak zam yo nan peyi d Ayiti, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se pi plis pase peryòd oktòb pou rive desanm 2023 a. Gen tou plis pase 430 moun gang ak zam yo kidnape epi fòse paran yo peye lajan nan depatman Lwès ak Latibonit, ant janvye pou rive mas 2024 la. Avèk laterè, ki vin angrave pi rèd apti jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo asasinen ak blese 19 polisye nasyonal, kase pou pi piti 22 pòs polis epi fè plis pase 4 mil 600 prizonye sove kite penitansye nasyonal Pòtoprens ak prizon sivil Kwadèboukè a. Se yon ranmase Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh) nan dat 19 avril 2024.
Pou 3 premye mwa lane 2024 la, gang ak zam yo te asasinen plis pase mil 500 moun, dapre premye enfòmasyon Nasyon zini te bay pou peryòd sa a nan peyi d Ayiti.
Gen pou pi piti 82 timoun, pami yo sila ki te gen sèlman 6zan, ki mouri ak blese nan vyolans gang ak zam yo, ki fòse anpil anpil timoun al patisipe nan mannèv kriminèl yo, dapre Binuh.
Detan medam yo ta pral traváy, detan jenn fi yo ta pral lekòl, gang ak zam yo dappiyanp yo epi fè kadejak sou yo. Gen nan medam ak jenn fi sa yo gang ak zam yo touye, apre yo fin fè kadejak sou yo. Se lòt aspè Binuh ekri nan ranmase l fè sou 3 premye mwa lane 2024 yo.
Nan depatman Latibonit lan, gang ak zam yo asasinen tout sila ki pa dakò ak vyolans y ap fè yo. Gang ak zam yo fè va sou bitasyon peyizan yo epi kidnape anpil anpil pasaje nan mchin transpò piblik yo, dapre Nasyon zini.
Avèk sitiyasyon laterè ak vyolans sa yo, li ta enpòtan pou kominote entènasyonal la aji pi vit, nan fè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, sou baz prensip ak respè dwa moun yo. Se rekòmandasyon Biwo entegre Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh).
Lame Repiblik Dominiken arete nan zòn Comendador, pwovens Elías Piña, pa twò lwen komin Beladè/depatman Plato santral, yon natif natal Ayiti ki rele Emase Clairzier. Emase Clairzier t ap eseye antre nan peyi Repiblik Dominiken. Emase Clairzier pami 142 prizonye, ki te sove nan prizon sivil Kabarè a, sou wout nasyonal nimewo 1 an, nan dènye jou sa yo. Se sa jounal dominiken Listin Diario rapòte.
Depi kèk jou, Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis nan peyi d Ayiti a (Dcpj) te voye bay otorite Repiblik Dominiken yo yon lis plizyè prizonye, ki te sove nan penitansye nasyonal Pòtoprens ak prizon sivil kwadèboukè a, apre atak gang ak zam yo sou 2 gwo prizon sa yo, koumansman mwa mas 2024 la.
Jedi 18 avril 2024 la, otorite peyi Etazini yo pimpe vini, nan aryopò entènasyonal Okap la, depatman Nò, plis pase 50 natif natal Ayiti, pami yo 12 fanm, ki te antre san papye sou teritwa ameriken an.
Plizyè palmantè ameriken, pami yo sila ki sot nan toyo Ayiti, mande gouvènman Joe Biden lan, akoz laterè gang ak zam yo sou teritwa nasyonal la, sispann voye vini pa bò isit natif natal Ayiti, yo ta jwenn san papye sou teritwa ameriken an. Palmantè ameriken sa yo tou mande gouvènman Joe Biden nan pwolonje pwogram Tps lan, pou tout natif natal Ayiti, yo ta jwenn ki san papye sou teritwa ameriken an.
Jedi 18 avril 2024 la, Inyon peyi Ewòp yo fè konnen yo louvri yon pon imanitè anlè, ant peyi Panama ak aryopò entènasyonal Okap la, depatman Nò peyi d Ayiti. Gen deja 62 mil tòn medikaman ak lòt ekipman abri ijans, ki deja rive nan plis pase 5 avyon ki ateri Okap, sou baz dispozisyon pon imaitè anlè sa a. Se ta yon fason pou yon seri pwodui moun plis bezwen ta kapab rive Ayiti, dapre Inyon peyi Ewòp yo.
Jedi 18 avril 2024 la, manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an te chita pale ak premye minis pou yon bout tan an Michel Patrick Boisvert ansanm ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis nasyonal la, Frantz Elbe. Chita pale sa a se te pou gade ki dispozisyon sekirite yo va pran nan tout peyi a, espesyalamn pou enstalasyon ofisyèl manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki disponib yo.
Gen yon komisyon yo deja met kanpe pou fè preparasyon, ki va pèmèt gouvènman defakto Ariel Henry an pase mayèt politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Andedan komisyon sa a, gen ti komisyon ki anchaje sekirite, pwotokòl, lojistik ak zafè lajan, nan demach pou remèt mayèt politik la. Ta sipoze gen anpil chita pale nan sans sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 19/04/2024 14:39]