Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pou piti 5 moun, pami yo yon polisye nasyonal, mouri nan atak gang ak zam sou komin Kafou

Pòtoprens, 18 avril 2024 [AlterPresse] ---

Jedi 18 avril 2024 la, ta gen pou piti 5 moun, pami yo yon polisye nasyonal, ki mouri nan atak gang ak zam al fè sou komin Kafou nan depatman Lwès la. Komin Kafou tonbe nan yon sitiyasyon tèt anba, lanvè landrèt. Lekòl, biznis, trafik machin ak motosiklèt elatriye te paralize nètalkole nan komin Kafou. Plizyè wout te bloke tou nan komin Kafou. Se konsekans mannèv gang ak zam, ki t ap pete bal nan plizyè katye komin Kafou, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Akoz bal ki pa sispann chante lajounen kou lannuit, moun anba Dèlma toujou sou tansyon ak kè sote. Te gen anpil kout bal tout jounen mèkredi 17 avril 2024 la anba Dèlma.

Malgre yo gen delege pa yo andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, malgre yo konsidere yo pa lwen yon gouvènman tranzisyon ki pral pran mayèt politik peyi a, asosyasyon gwo biznis nan peyi d Ayiti yo pa ezite ekri, nan dat 15 avril 2024 la, prezidan Kenya a pou swete yon deplòtonnay rapid yon fòs miltinasyonal sou teritwa Ayiti a. Fòs sekirite ayisyen yo pa gen ase resous moun ak materyèl pou kwape gang ak zam yo epi retabli sekirite nan peyi a, pou pèmèt gouvènman tranzisyon an bay rezilta, dapre asosyasyon gwo biznis peyi d Ayiti yo. Se te nan dat lendi 2 oktòb 2023 Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo te vote anfavè deplòtonnay yon fòs miltinasyonal sou teritwa peyi d Ayiti a, yon lane apre demann gouvènman defakto Ariel Henry an te fè nan dat 7 oktòb 2022 pou yon debakman militè etranje sou teritwa a.

Se pito biznis gouvènman Kenya a enterese fè nan zafè deplòtonnay polisye l yo sou teritwa Ayiti a. Dayè, gouvènman Kenya a pa janm rate okazyon pou mande gwo kantite lajan kòm kondisyon pou fè deplòtonnen twoup li yo nan peyi d Ayiti. Se pa ditou solidarite gouvènman Kenya a ap vin pote báy peyi d Ayiti, lè l di li dakò pou ta pran tèt yon fòs miltinasyonal nan peyi d Ayiti. Kidonk, se biznis, se pa solidarite. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio natif natal Ayiti Nixon Boumba, ki travay sou patisipasyon Ayiti nan woumble Nasyon zini sou pèp nwa yo, sou popilasyon ki sot nan toyo Afrik yo, ki fèt nan vil Jenèv (peyi Lasuis) ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la.

Ta dwe gen yon komisyon verite, jistis ak reparasyon sou pill ak pakèt domaj, kominote entènasyonal la fè, pila k pakèt domaj ki lakoz peyi d Ayiti vin plonje konsa nan katyouboumbe sa a depi plizyè lane. Se laterè, vyolans, koripsyon ak enpinite ki layite jounen jodi a nan peyi d Ayiti. Se dizon Biwo dwa moun nan peyi d Ayiti yo, detan l ap patisipe nan woumble popilasyon ki sot nan toyo Afrik yo, nan vil Jenèv (peyi Lasuis) ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la.

Operasyon kraze kay, ki te nan lantouráy aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ta sou wout pou fini. Konsèy ekzekitif lakomin Taba a ta deja dedomaje mèt plis pase 180 kay. Pandan tan sa a, otorite aryopò entènasyoal Pòtoprens yo mete plizyè konntenè nan alantou aryopò entènasyonnal Pòtoprens lan. Gen plizyè kay ki rete pou kraze, anvan operasyon yo fini nèt, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Jan sa ye depi plis pase yon mwa, depi koumansman mwa mas 2024 la, aktivite ale vini avyon yo poko ka reprann nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gang ak zam te atake aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, koumansman mwa mas 2024 la. Plizyè konpayi avyon poko di ki lè yo ka rekoumanse feraye nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Malgre ta gen anpil konntenè gaz ki ta soti nan sa yo rele Tèminal Vare a, ki se gwo depo gaz Vare a nan Site Solèy, se toujou anba gwo difikilte chofè machin ak motosiklèt rive achte gaz nan ponp yo, depi plizyè semenn. Toujou gen gwo liy byen long moun ak lese frape, lè yon estasyon gaz ap vann gaz. Sa fè, anpil kote, se nan galon ak dwoum, gaz ap vann byen chè, san okenn dispozisyon sekirite kòmsadwa, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se yon sitiyasyon ki pa depaman nan rès depatman peyi d Ayiti yo, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Lè gouvènman defakto a di li fè soti desizyon ofisyèl ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, se yon pa nan bon direksyon. Men, gen lòt etap enpòtan ki rete pou fèt, pou met kanpe lòt estrikti nesesè, nan sans gwo chantye rekonstriksyon peyi d Ayiti pou tout pitit li yo. Se sa delege akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean, ekri sou kont X li.

Sosyete sivil angaje a dwe gen yon atansyon espesyal sou estrikti, ki pral anchaje kontwole aksyon gouvènman an pou peryòd tranzisyon ki pral vini a. Sosyete sivil angaje a dwe tou rete veyatif sou tout estrikti leta, k ap veye nan ki kondisyon lajan ak byen Leta ap itilize. Estrikti sa yo, se lakou dèkont, Inite lit kont koripsyon, Inite santral ransèyman sou lajan yo (Ucref), ki dwe jwe wòl pa yo nan goumen kont koripsyon ak enpinite, detan yo va ankouraje transparans nan Leta a. Se avètisman òganizasyon Nou p ap dòmi, ki mande vijilans pandan tout peryòd tranzisyon ki pral vini an.

Gen yon komisyon yo deja met kanpe pou fè preparasyon, ki va pèmèt gouvènman defakto Ariel Henry an pase mayèt politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Andedan komisyon sa a, gen ti komisyon ki anchaje sekirite, pwotokòl, lojistik ak zafè lajan, nan demach pou remèt mayèt politik la. Ta sipoze gen anpil chita pale nan sans sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 18/04/2024 14:18]