Pòtoprens, 17 avril 2024 [AlterPresse] --- Jan sa ye depi plis pase yon mwa, aktivite ale vini avyon yo poko ka reprann nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, gang ak zam te atake koumansman mwa mas 2024 la. Plizyè konpayi avyon poko di ki lè yo ka rekoumanse feraye nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.
Apre anpil bouch louvri, paket moute desann, manipilasyon politik, jwèt koken. gouvènman defakto Ariel Henry an resi di, lannuit madi 16 avril 2024 la, li fè soti desizyon ofisyèl ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre sa k ekri sou kont X Ariel Henry. Petèt pou eseye parèt li pa t bloke demach yo, gouvènman defakto a di li prèske enposib pou l verifye dokiman 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, kontrèman ak ekzijans li te fè nan dekrè 12 avril 2024 la. Jan tout moun te konn sa deja, Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Edgard Leblanc fils, Laurent St Cyr, Emmanuel Vertilaire ak Leslie Voltaire, se nonn 7 manm k ap gen dwa pou vote nan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Régine Abraham ak Frinel Joseph, se 2 manm ki p ap gen dwa vote nan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.
Malgre se plizyè sektè ki ladan, Konsèy prezidan pou tranzisyon an se yon siy lespwa pou peyi d Ayiti. Aktè politik yo dwe rekonèt kouman yo echwe nan jesyon peyi a. Gang ak zam yo, k ap atake plizyè senbòl, tankou lekòl, fakilte ak lekòl siperyè, lopital, legliz, lòj mason yo, peristil, elatriye, yo pa ka konsidere yo kòm aktè politik. Fòk yo kreye kondisyon pou fè gang yo depose zam. Se analiz sou AlterPresse ak AlterRadio pwofesè ak doktè nan filozofi Jean Waddimir Gustinvil, ki se direktè laboratwa LAngaj, DIskou ak REPrezanntasyon (Ladirep), ki andedan fakilte etnoloji Inivèsite leta d Ayiti a.
Sekirite, se yon priyorite pou tout peyi d Ayiti a. Lapolis nasyonal la bezwen plis mwayen pou bay popilasyon an sekirite. Konsèy prezidan pou tranzisyon an pral fè jefò pou bay lapolis la mwayen, materyèl nesesè ki pou ride l fè travay li kòmsadwa. Se pwomès Leslie Voltaire, delege pati politik Fanmi Lavalas andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, nan yon mesáy li mete sou rezo sosyal yo.
Mouvman chanjman, ki dwe fèt nan tout nivo nan sosyete peyi d Ayiti a, ka jwenn pikan kwenna. Li ka bite, li ka fè bak. Men, va gen moman kote mouvman chanjman yo va kanpe dyanm. Gen yon nouvo peyi k ap boujonnen, ki pral konstwi sou nouvo baz, pou yon pi bon demen. Se deklarasyon sou kont X li Edgard Leblanc Fils, delege kolektif pati politik 30 janvye 2023 a andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.
Katyouboumbe peyi d Ayiti plonje ladan an depi plizyè lane, se konsekans move aksyon ak move konpòtman aktè nasyonal ak kominote entènasyonal la, ki pa janm sispann foure bouch li nan zafè peyi d Ayiti yo. Fòk gen reparasyon sou tò sa yo, avèk bon jan aksyon pou korije domaj yo fè peyi d Ayiti yo. Se dizon plizyè òganizasyon sosyete sivil Ayiti a, k ap patisipe nan yon woumble popilasyon ki sot nan toyo peyi Afrik yo, k ap fèt nan vil Jenèv (peyi Lasuis) ant madi 16 pou rive vandredi 19 avril 2024 la.
Kout bal kontinye pete anba Dèlma ak nan zòn ki viwonnen l yo. Anpil fwa, se lapolis k ap eseye fè fas kare ak bandi ak zam yo, ki toujou vle simaye laterè nan plizyè katye, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Direktè jeneral Fon nasyonal ledikasyon an (Fne), Ronald Joseph, fè konnen li pral atake douvan lajistis tout sila, li konsidere k ap eseye sal non l nan fason l ap sèvi ak lajan enstitisyon leta sa a. Se ta yon anplwaye ki ta sabote sèvis enfòmatik Fon nasyonal ledikasyon an. Se akizasyon, nan yon kozman ak laprès madi 16 avril 2024 la, Ronald Joseph, ki di li respekte tout regleman leta yo lè y ap bay kontra ak ekzekite pwojè. Li di tou li te mande lakou dèkont vin fè odit Fon nasyonal ledikasyon an, depi anvan eskandal koripsyon sa a te pete sou laplas piblik. Antretan, gen anplwaye Fon nasyonal ledikasyon an ki ta deja pote plent douvan lajistis, pou lave imaj yo sou gwo kantite lajan yo ta touche chak mwa andedan enstitisyon an, dapre enfòmasyon disponib yo.
Kontrèman ak premye enfòmasyon yo, se ta pito kò natif natal peyi Afrik (ki ta soti nan peyi Mali ak Moritani), olye kò natif natal Ayiti, lapolis peyi Brezil ta jwenn ki te koumanse dekonpoze, samdi 13 avril 2024 la, nan yon bato sou yon gwo dlo vil Bragança nan Leta Para (nan zòn Nò peyi Brezil). Se dokiman ak lòt materyèl yo jwenn nan bato a ki ta montre sa, dapre presizyon lapolis peyi Brezil, plizyè medya entènasyonal site. [ppsf emb rc apr 17/04/2024 13:47]