Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Plis pase 90 jounalis ayisyen, nan tèt kole ak òganizasyon Repòtè san fwontyè (Rsf), mande konsidere dwa pou moun rive jwenn enfòmasyon nan demach pou soti nan tyouboum Ayiti yo

Pòtoprens, 16 avril 2024 [AlterPresse] --- Dwa pou moun rive jwenn enfòmasyon, se yon resous lavi. Dwa pou moun rive jwenn enfòmasyon dwe gen yon gwo plas nan demach ak diskisyon pou soti nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a, yon kriz k ap anvlimen depi plizyè mwa. Rès monn nan dwe okouran sa k ap pase nan peyi d Ayiti yo. Peyi d Ayiti bezwen jounalis, plis pase lane anvan yo. Se pou sa plis pase 90 jounalis ayisyen, nan tèt kole ak òganizasyon Repòtè san fwontyè (Rsf), voye yon kout rèl, madi 16 avril 2024 la, bay kominote entènasyonal la ak Konsèy prezidan pou tranzisyon an, pou evite peyi d Ayiti pa ta tounen yon dezè nan enfòmasyon.

Li difisisl pou imajine yon sitiyasyon ki difisil konsa, jan jounalis yo ap viv sa k ap pase kounye a nan peyi d Ayiti. Akote divès kaltee defi, medya ak jounalis yo ap fè fas kare ak yon klima laterè ak vyolans ki pa t janm rive anvan sou teritwa Ayiti a. Gen jounalis ki sibi tout kalte abi, atak, zak kidnaping. Jounalis yo pa ka deplase lib e libè, pou al chèche enfòmasyon sou teren an akoz laterè gang ak zam yo. Jounalis yo gen gwo difikilte ekonomik tou. Sektè enfòmasyon an sou gwo danje nan tout nivo nan peyi d Ayiti. Se sa k fè metye jounalis la ta dwe okipe yon plas enpòtan nan tout diskisyon, sou fason peyi d Ayiti ka rive soti nan kriz k ap brase bil li a depi plizyè lane. Se dizon òganizasyon Repòtè san fwontyè (Rsf).

Lannuit lendi 15 pou antre madi 16 avrril 2024 la, kout bal te kontinye pete nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, taankou Dèlma, Nazon, Solino, Taba, anba lavil Pòtoprens lan. Se lajounen kou lannuit anpil anpil moun nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan toujou sou tansyon laterè gang ak zam yo, k ap angrave chak jou pi plis.

Lendi 15 avril 2024 la, plizyè moun Mibalè (depatman Plato santral) pase alenfinitif, nan zòn kafou Similyen, yon moun yo pa bay non l, yo sispèk ki ta nan alyansáy ak gang ak zam. Yo ta jwenn zam ak bal nan men moun sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye (Garr) mande gwo pinisyon kont tout ajan imigrasyon Repiblik Dominiken, ki te fè kadejak, anvan jou vandredi maten 5 avril 2024 la, sou yon jèn fi natif natal Ayiti 14 lane, nan zòn Altagracia, nan Lès Repiblik Dominiken. Ajan imigrasyon dominiken yo te antre lakay jèn fi sa a, nan moman paran l pa t la, nan Verón, Punta Cana, pwovens Altagracia, nan Lès Repiblik Dominiken.

Fè kadejak sou fanm ak ti fi, se zak ki pilonnen diyite moun. Se pou sa, detan l di li estomake, ministè zafè etranje gouvènman defakto Ayiti a ekzije jistis pou yon ti fi 14 lane natif natal Ayiti, ki sibi kadejak, bò 5è di maten vandredi 5 avril 2024 la, anba men ajan imigrasyon Repiblik Dominiken, ki te antre lakay li, detan paran l pa t la, nan Verón, Punta Cana, pwovens Altagracia, nan Lès Repiblik Dominiken.

Nou regret natif natif natal Ayisyen yo sètoblije kouri ap kite peyi d Ayiti, pou al cheche lavi miyò nan lòt peyi, kote anpil fwa yo mouri nan move kondisyon epi sibi anpil zak maspináy. Se yon gwo madoulè sa k rive nan peyi Brezil, samdi 13 avril 2024 la, kote lapolis vil Bragança nan Leta Para (nan zòn Nò peyi Brezil) dekouvri kadav 20 migran natif natal Ayiti, ki te koumanse dekonpoze nan yon bato sou yon gwo dlo nan zòn nan. Sa montre nesesite ki genyen, pou kreye kondisyon pou pitit peyi d Ayiti yo viv byen lakay yo, san yo pa blije al mete lavi yo nan danje nan lòt peyi. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio platfòm Gwoup k ap apiye rapatriye ak refijye yo (Garr).

Nimewo espesyal jounal ofisyèl « Le Moniteur », ki gen desizyon ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki gaye sou rezo sosyal yo depi lendi 15 avril 2024 la, se yon vrè dokiman, ki soti tout bon. Se pa yon fo dokiman. Gen moun ki te achte dokiman ofisyèl sa a lendi 15 avril 2024 la, ak resi plis so Près nasyonal d Ayiti a. Sa vle di Près nasyonal d Ayiti a te soti nimewo espesyal sa a, piske li rive vann ni. Gen twòp monte desann, dilatwa, fè tan pase sou kozamn sa a. Nou pa ka fè bak ankò. Moun ki konsènen yo dwe pran dispozisyon pou enstale Konsèy preziddan pou tranzisyon an. Se deklarasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Jean Tholbert Alexis, manm pati politik Ansanm nou fò, ki se alyansáy Ariel Henry nan akò 21 desanm 2022 a.

Apre gwo wounou wounou finisman semenn pase a, dokiman ofisyèl, gouvènman defakto Ariel Henry an siyen, ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, finalman soti. Dokiman ofisyèl la pote dat vandredi 12 avril 2024 la, dapre sa yon sous AlterPresse ak AlterRadio ka fè konfyans fè konnen. Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Edgard Leblanc fils, Laurent St Cyr, Emmanuel Vertilaire ak Leslie Voltaire, se nonn 7 manm k ap gen dwa pou vote nan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Régine Abraham ak Frinel Joseph, se 2 manm ki p ap gen dwa vote nan diksisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Èske gen manipilasyon politik? Antouka, gouvènman defakto a ap travay pou rann piblik, “nan pi bon delè ak pi bon kondisyon posib”, dokiman ofisyèl ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa ministè kominikasyon di nan yon nòt, koumansman apremidi lendi 15 avril 2024 la.

Ki jwèt koken k ap fèt sou do popilasyon an, ki anba gwo madoulè? Plis tan ap pase san pa gen okenn dispozisyon konsekan, se plis popilasyon an ap kontinye soufri. Se plis gouvènman defakto a ap dodomeya nan direksyon politik peyi d Ayiti, kote l pa bay anyen depi 20 jiyè 2021, depi 33 mwa jodi a. Se dizon anpil anpil vwa nan divès sektè.

Nan yon deklarasyon lendi 15 avril 2024 la, Inyon peyi Ewòp yo ekzije gouvènman defakto a rann piblik san okenn delè, tousuit (sanzatann, san pèdi tan) desizyon ofisyèl, ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. [ppsf emb rc apr 16/04/2024 13:34]