Pòtoprens, 15 avril 2024 [AlterPresse] Apre gwo wounou wounou finisman semenn pase a, dokiman ofisyèl, gouvènman defakto Ariel Henry an siyen, ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, finalman soti. Dokiman ofisyèl la pote dat vandredi 12 avril 2024 la, dapre sa yon sous AlterPresse ak AlterRadio ka fè konfyans. Smith Augustin, Louis Gérald Gilles, Fritz Alphonse Jean, Edgard Leblanc fils, Laurent St Cyr, Emmanuel Vertilaire ak Leslie Voltaire, se nonn 7 manm k ap gen dwa pou vote nan diskisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Régine Abraham ak Frinel Joseph, se 2 manm ki p ap gen dwa vote nan diksisyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.
Èske gen manipilasyon politik? Antouka, gouvènman defakto a ap travay pou rann piblik, “nan pi bon delè ak pi bon kondisyon posib”, dokiman ofisyèl ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa ministè kominikasyon di nan yon nòt, koumansman apremidi lendi 15 avril 2024 la.
Ki jwèt koken k ap fèt sou do popilasyon an, ki anba gwo madoulè? Plis tan ap pase san pa gen okenn dispozisyon konsekan, se plis popilasyon an ap kontinye soufri. Se plis gouvènman defakto a ap dodomeya nan direksyon politik peyi d Ayiti, kote l pa bay anyen depi 20 jiyè 2021, depi 33 mwa jodi a. Se dizon anpil anpil vwa nan divès sektè.
Anpil kesyon ap poze ki pa ki pral fèt kounye a, apre tout manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an te voye jete dekrè 12 avril 2024 gouvènman defakto a, ki te sèlman bay non 9 sektè ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, san yo pa t ekri non manm yo.
Nan yon deklarasyon lendi 15 avril 2024 la, Inyon peyi Ewòp yo ekzije gouvènman defakto a rann piblik san okenn delè, tousuit (sanzatann, san pèdi tan) desizyon ofisyèl, ki lonmen 9 manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an.
Pati politik ak òganizasyon sosyete sivil, ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, voye jete dekrè, gouvènman defakto Ariel Henry an fè soti vandredi 12 avril 2024 la, yo konsidere ki pa gen anyen pou wè ak pwojè dekrè, yo te voye bay Kominote peyi Karayib yo (Caricom). Gouvènman defakto a pa deside fè soti, nan jounal ofisyèl peyi a, akò politik 3 avril 2024 la, ki di nan ki direksyon nouvo gouvènman tranzisyon an konte ale, lè li va pran mayèt politik peyi d Ayiti a.
Nan yon nòt ki pote dat samdi 13 avril 2024 la, pati politik ak òganizasyon ki voye delege nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an ekzije gouvènman defakto a fè soti san pèdi tan akò politik 3 avril 2024 la, pou enstalasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta rive fèt rapid rapid.
Tout aktè politik yo ta dwe met dlo nan diven yo, nan evite anvlimen kriz la avèk aksyon y ap poze yo. Si se pa sa, y ap mete peyi d Ayiti nan plis tyouboum pase katyouboumbe li ladan an depi plizyè lane yo. Se avètisman pwofesè Georges Wilbert Franck, ki andedan gwoup sosyete sivil ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, báy sou AlterPresse ak AlterRadio.
Òganizasyon entènasyonal frankofoni (Oif) fè konnen li pare pou kore tout aktè entènasyonal k ap goumen, pou ride peyi d Ayiti, ki se youn nan manm Oif, retounen nan chimen Konstitisyon an trase. Oif pran pozisyon sa a, apre gouvènman defakto a soti yon dekrè, ki bay non enstitisyon ak òganizasyon ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Detan l bat bravo, Òganizasyon entènasyonal frankofoni di l wete chapo l douvan wòl Kominote peyi Karayib yo (Caricom) te jwe pou rive nan etap mitan mwa avri 2024 la.
Pandan tan sa a, laterè ak zak vyolans gang ak zam yo ap rapousuiv divès kote. Lannuit dimanch 14 pou antre lendi 15 avril 2024 la, kout bal te kontinye pete sou Dèlma ak zòn ki viwonnen yo, tankou nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Kout zam sa yo toujou met nan gwo kè sote moun ki rete nan zòn sa yo.
Lendi maten 15 avril 2024 la, moun Dèlma pantan sou kadav yon moun, ki mouri pa twò lwen gran wout Dèlma a ak Dèlma 29. Pa gen okenn esplikasyon sou sikonstans lanmò moun sa a, menm jan ak anpil anpil kò moun, yo jwenn ki mouri nan lari depi koumansman mwa mas 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Samdi 13 avril 2024 la, bandi ak zam kidnape sou lanmè, pa twò lwen Akayè, nan nò Pòtoprens, 6 moun ki te nan yon bato, ki t ap pote yon chajman diri pou ale sou zile Lagonav. Bandi ak zam sa yo tou vòlò bato diri sa a, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Dimanch 14 avril 2024 la, moun nan lokalite Kago, pa twò lwen lekòl nasyonal polis la, sou wout Frè/Petyonvil, pase alenfinitif yon moun yo plis konnen sou non Piti, yo sispèk ki ta asosye gang ak zam Kraze baryè Vitelhomme Innocent yo. Piti ta toujou nan tèt gang ak zam, ki te konn atake katye Metivye, Dyèg, Meyòt ak Kolèt, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 15/04/2024 14:44]