Pòtoprens, 16 avril 2024 [AlterPresse] --- Avèk pakèt lapli k ap tonbe nan jou sa yo, gen posiblite dlo ki ka desann divès kote nan depatman peyi d Ayiti yo.
Se sa AlterPresse li nan dènye bilten espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an.
Se pou sa, tout sila, k ap viv nan zòn kote ki ka gen inondasyon, debouláy tè, tè ki ka kannale desann, yo dwe rete veyatif ak suiv konsiy sekirite nesesè yo, nan moman lapli, loráy ak kout van sa yo.
Se avètisman sa a espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan báy.
Jisteman, mas lè frèt, ki nan Nòdès zile Kiba a, toujou lakoz anpil imidite ak lòt kalte boulvès nan tan an sou gwo zile Karayib yo, jodi a.
Se yon sitiyasyon k ap báy bon jan aktivite lapli, ki mache ak loráy, nan apremidi, nan aswè ak pandan lannuit lan, jis rive jedi 18 avril 2024 la, sou depatman Nòdès, Nò, Plato santral, Latibonit, Nòdwès, Sidès, Sid, Grandans, Nip ak Lwès, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Gen lapli k ap tonbe, depi nan maten, sitou sou depatman Nòdès, Nò ak Sidès.
Soti nan nivo 32 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann ant 22 pou al 18 degre Sèlsiyis, nan aswè.
Ki jan lanmè a ye jodi a ?
Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye, pipirit yo, dwe toujou pran prekosyon nesesè yo bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Vag yo ap monte nan nivo 8 pye wotè bò kòt Sid yo ak 7 pye wotè, ni bò kòt Nò peyi d Ayiti yo, ni bò kòt zile Lagonav yo, pa twò lwen Pòtoprens. [rc apr 16/04/2024 11:54]