Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam asasinen polisye nasyonal Fritz Chenet Pierre nan Vilaj Solidarite - Pati politik ak òganizasyon sosyete sivil, ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, voye jete dekrè 12 avril 2024 gouvènman defakto Ariel Henry an

Pòtoprens, 14 avril 2024 [AlterPreesse] --- Vandredi apremidi 12 avril 2024 la, bandi ak zam asasinen anba bal nan Vilaj Solidarite, toupre wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, polisye nasyonal 28tyèm pwomosyon Fritz Chenet Pierre, ki te konn travay nan pòs polis aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Polisye Fritz Chenet Pierre pa gen tan sove lavi l, malgre li rive desann youn nan asayan l yo ak blese yon lòt asayan, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Samdi apremidi 13 avril 2024 la, menm lè lapli a t ap tonbe, te gen anpil kout bal ki t ap pete sou Dèlma ak zòn aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.

Sou baz yon manda pakè tribinal sivil Okap ayisyen, lapolis nasyonal la arete, samdi 13 avril 2024 la, Jean Bernard Joseph, ki se chèf sèvis ak sipèvizè nan ladwann Okap. Lapolis nasyonal la sispèk Jean Bernard Joseph kòm moun ki ta gen arevwa ak chajman 12 gwo zam lou, 14 revolvè, 999 katouch ak 34 chajè, ladwann te sezi vandredi 5 avril 2024 la Okap.

Samdi 13 avril 2024 la, lapolis vil Bragança nan Leta Para (nan zòn Nò peyi Brezil) dekouvri kadav 20 migran natif natal Ayiti, ki te koumanse dekonpoze nan yon bato sou yon gwo dlo nan zòn nan. Sanble se grangou ak swaf, ki ta lakoz 20 migran natif natal Ayiti sa yo ta mouri nan bato a, dapre lapolis peyi Brezil, ajans Frans près (Afp) t ap site.

Fè kadejak sou fanm ak ti fi, se zak ki pilonnen diyite moun. Se pou sa, detan l di li estomake, ministè zafè etranje gouvènman defakto Ayiti a ekzije jistis pou yon ti fi 14 lane natif natal Ayiti, ki sibi kadejak, bò 5è di maten vandredi 5 avril 2024 la, anba men ajan imigrasyon Repiblik Dominiken, ki te antre lakay li, detan paran l pa t la, nan Verón, Punta Cana, pwovens Altagracia, nan Lès Repiblik Dominiken.

Malgre l pa rèmèt anyen depi kominote entènasyonal la enpoze l nan dat 20 jiyè 2021 (sa gen 33 mwa jodi a), gouvènman defakto Ariel Henry an toujou pa vle lage pye l nan direksyon politik peyi d Ayiti a.

Peyi d Ayiti poko janm soti nan tyouboum, apre demisyon premye minis defakto Ariel Henry nan dat lendi 11 mas 2024 la. Aktè politik yo pito tout moun pèdi nèt, olye yo pèdi pouvwa politik la, olye yo sede nan enterè yo nan benefis popilasyon an . Ki jan pou n konprann sitiyasyon an ? Pwofesè Jean Waddimir Gustinvil, ki se doktè nan filozofi, ap pote kèk eleman repons nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Pati politik ak òganizasyon sosyete sivil, ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, voye jete dekrè, gouvènman defakto Ariel Henry an fè soti vandredi 12 avril 2024 la, yo konsidere ki pa gen anyen pou wè ak pwojè dekrè, yo te voye bay Kominote peyi Karayib yo (Caricom). Gouvènman defakto a pa deside fè soti, nan jounal ofisyèl peyi a, akò politik 3 avril 2024 la, ki di nan ki direksyon nouvo gouvènman tranzisyon an konte ale, lè li va pran mayèt politik peyi d Ayiti a.

Nan yon nòt yo rann piblik dimanch 14 avril 2024 la, pati politik ak òganizasyon ki voye delege nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an ekzije gouvènman defakto a fè soti san pèdi tan akò politik 3 avril 2024 la, pou enstalasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta rive fèt rapid rapid.

Akoz konpòtman rendong gouvènman defakto a, ki poko rann piblik ni akò politik 3 avril 2024 la, ni non tout delege ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, komisyon ki anchaje transmèt otorite, transmèt pouvwa politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an, poko ka pran dispozisyon pou rive nan nouvo ekip tranzisyon an nan tèt peyi d Ayiti a. Komisyon, ki anchaje transmèt otorite, transmèt pouvwa politik la bay Konsèy prezidan pou tranzisyon an, gen reprezantan gouvènman defakto Ariel Henry an ak reprezantan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Sa pa anpeche gouvènman Etazini, Kominote peyi Karayib yo (Caricom), Biwo entegre nasyon zini nan peyi d Ayiti (Binuh), gouvènman peyi Kenya a bat bravo, dèske gouvènman defakto a fè soti yon dekrè sou enstitisyon ak òganizasyon ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, san yo pa fè okenn konsiderasyon sou mannèv gouvènman defakto a ki pa pèmèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta vi pran mayèt politik la tout bon vre nan peyi d Ayiti. [ppsf emb rc apr 14/04/2024 12:49]