Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Ant vandredi 8 mas pou rive madi 9 avril 2024 la, se plis pase 90 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo, akoz laterè gang ak zam yo, dapre Oim

Pòtoprens, 12 avril 2024 [AlterPresse] --- Mwa janvye pou rive mas 2024 la, se 3 mwa kote yo kontinye pilonnen dwa moun yo san gade dèyè nan peyi d Ayiti. Òganizasyon Nasyon zini di l anrejistre plis pase mil 500 moun, ki mouri sasinen nan vyolans gang ak zam yo. Men, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) rive konte limenm sèlman plis pase 200 moum, pami yo 13 polisye nasyonal ki mouri sasinen nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Nan peryòd sa a, popilasyon an pantan sou plizyè kò moun ki mouri, san yo pa konnen nan ki kondisyon, nan divès katye. Gang ak zam yo dechèpiye plis pase 80 enstisyon piblik ak prive, anpil anpil kay, 19 pòs polis, 5 tribinal depè, yon tribial sivil. Gang ak zam yo kontinye zak kidnaping yo, kadejak sou fanm ak ti fi

Gouvènman defakto a rete bèkèkè, pa di anyen sou zak kraze brize gang ak zam yo fè, koumansman mwa mas 2024 la, nan penitansye nasyonal al prizon Kwadèboukè a, kote prèske 5 mil prizonye pran lyann.

Sou yon mwa, ant vandredi 8 mas pou rive madi 9 avril 2024 la, se plis pase 90 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè gang ak zam yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se nan direksyon zòn Sid yo plis pase 58 pousan fanmi deplase sa yo al kouri. Yon mwa anvan, se te plis pase 116 mil moun gang ak zam yo te fòse kouri kite lakay yo pou ale sitou nan zòn Sid peyi d Ayiti yo. Mwatye nan moun sa yo te ale nan Jeremi/depatman Grandans, Okáy/depatman Sid ak Leyogán/depatman Lwès sou wout nasyoal nimewo 2 a. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Lopital jeneral Pòtoprens, Lopital Sen Franswa Sal Pòtoprens, lopital Sent Katrin nan Site Solèy, lopital Chansrèl pa twò lwen Site Solèy, Lopital Dash nan Dèlma 18, Lopital Sanatoryòm nan tèt avni Monseyè Giyou, pa twò lwen Wout Dal, Lopital Bèdèt nan zòn Kwadèboukè, lopital kominotè Bon Repo, sant lasante Aurore sou Belè/Pòtoprens, sant lasante nan Kwadèboukè, nan Pènye, nan ri Sen Maten : se plizyè lopital ak sant lasante, ki fèmen oswa kip a ka traváy kòmsadwa, akoz laterè gang ak zam yo, dapre yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh).

Lekòl nasyonal Argentine Bellegarde, Darius Denis, Repiblik Kolonbi, Repiblik Liberya, nouvo espas Lise Mariján nan, Fakilte lengistik Inivèsite Leta d Ayiti a, espas ministè kilti ak kominikasyon, anèks ministè edikasyon nasyonal : se 8 nouvo kan moun deplase, ki kouri kite lakay yo akoz laterè gang ak zam yo, dapre sa Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo wè nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Anatanadan va gen yon nouvo gouvènman ki va travay sou pwoblèm sekirite a, ki va kreye kondisyon pou tout moun retounen lakáy yo, pou tout lekòl retounen traváy nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ministè edikasyon nasyonal ta dwe kanpe sou nouvo dat li fikse, pou ekzamen ofisyèl Leta yo ta fèt. Ministè edikasyo naasyonal ta dwe reflechi sou yon pwogram ki ka ride lekòl prive yo peye pwofesè yo, bay para yo sibvansyon pou yo ka peye lekòl pitit yo. Si se pa sa, ministè edikasyon nasyonal pral responsab yo katastwòf nan ekzamen ofisyèl Leta yo, jan sa te rive nan mwa dawout 2023 a, kote se sèlman 36 pousa elèv ki te pase nan ekzamen NS4 yo, lè plis pase 65 mil elèv te eleimine. Se avétisman Inyon paran elèv pwogresis ayisyen yo sou AlterPresse ak AlterRadio.

Ministè edikasyonasyonal fè konnen li pase men nan kalandriye ane lekòl 2023-2024 la, akoz vyolans ak laterè gang ak zam yo. Ekzamen ofisyèl 9vyèm ane fondamantal yo, ki te dwe fèt nan mwa jen 2024 la, ta sipoze fèt ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 jiyè 2024 k ap vini yo. Ekzamen Bakaloreya yo, ki te dwe fèt nan mwa jen 2024 la, ta dwe fèt ant lendi 5 pou rive jedi 8 dawout 2024. Ekzamen leta Lekòl nòmal pou etidyan pwofesè fanm ak etidyan pwofesè gason ak ekzamen pou etidyant ak etidyan Sant edikasyon fanmi ta dwe fèt ant lendi 22 pou rive vandredi 26 jiyè 2024.

Ki sak ki anpeche konsèy minis gouvènman defakto a poko janm pran dispozisyon pou fè soti, nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » a, ni dekrè pou enstalsyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ni akò politik tout delege yo te siyen yo ? Èske moun ki kontinye ap mouri, kadejak k ap fèt sou fanm ak tifi, lopital ak famasi ki kontinye femen, zak kraze brize, k ap rapousuiv depi 32 mwa gouvènman defakto sa a ki pa pote okenn rezilta, kote peyi d Ayiti vin tonbe nan tyouboum rèd mare, pa dwe sispann ? Se kesyon Mouvman inifye transpòtè ayisyen yo poze, nan yon kozman ak laprès jedi 11 avril 2024 la.

Sektè transpò piblik yo ki ajenou. Se youn nan sila ki plis sibi nan laterè ak vyolans gang ak zam yo, ki asasinen chofè, kidnape chofè ak pasaje, vòlò kamyon machandiz. Dwe gen dispozisyon politik ki pran prese prese, pou sektè transpò piblik yo ka reprann souf, pou moun ak machandiz kapab soti yon kote pou ale lòt kote sou teritwa Ayiti a. Se kout rèl Mouvman inifye transpòtè ayisyen yo nan yon kozman ak laprès jedi 11 avril 2024 la.

Gouvènman peyi Lafrans ak Kanada deklare tèt yo rete chaje anpil sou jan laterè gang ak zam yo ap malmennen popilasyon nan peyi d Ayiti a. Se pou sa, yo swete yon fòs miltinasyonal ta deplòtonnen rapid sou teritwa Ayiti a, pou ride lapolis nasyonal la kwape laterè ak zak vyolans gang ak zam yo. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe enstale byen vit, pou l ka met kanpe yon gouvènman k ap gen pou retabli sekirite ak òganize eleksyon, jan Konstitisyon peyi d Ayiti a prevwa sa. Se sa anbasad peyi Lafrans rapòte sou kont X li, apre yon chita pale jedi 11 avril 2024 la ant premye minis fransè a Gabriel Attal ak premye minis Kanada a Justin Trudeau.

Gouvènman peyi Etazini a ta dwe rekonsidere dispozisyon anbago, ki anpeche l vann zam bay Lame d Ayiti, pou militè ayisyen yo ta ka kwape laterè gang ak zam yo. Se sa senatè ameriken Marco Rubio di l swete, dapre sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Men, gouvènman peyi Etazini a pa ta gen pwoblèm pou leve anbago, ki te anpeche vann lame d Ayiti zam. Yo ta vle ale nan sans sa a, apre yo wè kouman militè ayisyen yo pote kole ak polisye nasyonal yo pou kwape atak gang ak zam yo sou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Se konsiderasyon yon responsab depatman leta ameriken, jounal Miami Herald site.

Douvan jan gang ak zam yo ap plede simaye laterè nan peyi d Ayiti a, palmantè repibliken yo ta dwe pèmèt gouvènman Etazini a kapab ride peyi d Ayiti nan fè deplòtonnen yon fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti. Se dizon plizyè palmantè ameriken, ki sot nan toyo Ayiti. Palmantè ameriken sa yo kritike kòlèg repibliken yo ki derefize, jiskaprezan, bay otorizasyon pou debloke lajan depatman leta ameriken mande, pou yon fòs miltinasyonal ta deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. [ppsf emb rc apr 12//04/2024 14:21]