Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Detan Òganizasyon Nasyon zini di l anrejistre plis pase mil 500 moun, Rnddh rive konte limenm sèlman plis pase 200 moum, pami yo 13 polisye nasyonal, ki mouri sasinen nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan

Pòtoprens, 11 avril 2024 [AlterPresse] --- Mwa janvye pou rive mas 2024 la, se 3 mwa kote yo kontinye pilonnen dwa moun yo san gade dèyè nan peyi d Ayiti. Òganizasyon Nasyon zini di l anrejistre plis pase mil 500 moun, ki mouri sasinen nan vyolans gang ak zam yo. Men, Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) rive konte limenm sèlman plis pase 200 moum, pami yo 13 polisye nasyonal ki mouri sasinen nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Nan peryòd sa a, popilasyon an pantan sou plizyè kò moun ki mouri, san yo pa konnen nan ki kondisyon, nan divès katye. Gang ak zam yo dechèpiye plis pase 80 enstisyon piblik ak prive, anpil anpil kay, 19 pòs polis, 5 tribinal depè, yon tribial sivil. Gang ak zam yo kontinye zak kidnaping yo, kadejak sou fanm ak ti fi.

Otorite yo rete bèkèkè pa di anyen sou zak kraze brize gang ak zam yo fè, koumansman mwa mas 2024 la, nan penitansye nasyonal al prizon Kwadèboukè a, kote prèske 5 mil prizonye ta sove.

Riyèl Alèt, pa twò lwen simityè Pòtoprens lan, Douya, Lasalin, Site Solèy toupre depo gaz ki pot non Tèminal Vare a, divès kote sou wout nasyonal nimewo 1 an, Titanyen, sou wout Sen Mak/Gonayiv la depatman latibonit, sou wout Gwo Mòn pou rive Pòdpè (depaatman Nòdwès), Matisan, Fontamara, zòn Paloma sou wout nasyonal nimewo 2 a pa twò lwen simityè komin Kafou a, Maryani, zòn Onavil pou ale nan depatman Plato santral, Kalvè nan komin Kwadèboukè, wout nasyonal nimewo 1,2,3, 5 ak 8 : se plizyè kote gang ak zam mete pòs pou ekzije chofè transpò piblik peye dwa pasáy pou travèse, soti yon kote pou ale yon lòt kote, san otorite y opa fè anyen pou kwape zak kriminèl sa yo. Se sa Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo dekri nan rapò li soti pou peryòd janvye rive mwa mas 2024 la.

Lajistis la ajenou douvan tout zak laterè gang ak zam yo, ki atake rèd mare tribinal yo, espesyalman nan komin Kwadèboukè, Tigwáv ak Pòtoprens (depatman Lwès), Fò Libète (depatman Nòdès). Tribinal Gonayiv ak Sen Mak (depatman Latibonit) p ap mache. Gen anpil tribinal ki pa t koumanse travay depi mouvman grèv ki te tanmen nan mwa desanm 2023 a.

Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj) pa fè anyen pou eseye pote solisyon nan divès kalte pwoblèm, k ap brase bil tribinal yo sou teritwa Ayiti a, dapre Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo. Konsèy siperyè pouvwa lajistis la ta dwe debwouye l pou jwenn bout nan grèv ki genyen nan sistèm lajistis peyi d Ayiti a, pou pèmèt lakou yo ak tribinal yo traváy kòmsadwa. Se dizon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo.

Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki va pran direksyon politik peyi d Ayiti a, dwe pase men nan direksyon lapolis nasyonal la, ki montre li pa gen kapasite pou kwape degen gang ak zam yo. Se rekòmandasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo.

Dwe gen bon jan kondisyon pou pèmèt plizyè moun ki deplase, akoz laterè gang ak zam yo, retounen lakay yo. Otorite leta yo dwe met kanpe pwogram sikolojik, sosyal ak ekonomik pou fanmi deplase sa yo. Leta a dwe sispann nan tete lang ak gang ak zam yo. Dwe gen bon jan dispozisyon pou kwape koripsyon epi fè odit sou tout enstitisyon leta yo, soti mwa jiyè 2021 pou rive nan lè ekip defakto yo va kite direksyon politik peyi a. Se konsiderasyon Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh).

Responsab leta yo dwe pran tout dispozisyon rapid rapid pou tabli sekirite total kapital sou tout teritwa Ayiti a, pou tout aktivite yo kapab reprann kòmsadwa, espesyalman aktivite lekòl nan tout nivo. Yo dwe mete pwogram sekirite espesyal nan zòn lekòl yo, pou lekòl ka mache tout bon nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan tout rès peyi a. Yo dwe met kanpe pwogram fòmasyon ratrapaj jeneral pou tout elèv yo, menm jan pou tout elèv ki pral nan ekzamen ofisyèl Leta yo, detan yo va indantifye, rekonstwi lekòl klasik, lekòl pwofesyonèl, santa k espas inivèsite, sant ansèyman ak sant lakilti, ki sibi anpil nan zak dechèpiyáy gang ak zam yo. Se rekòmadasyon rezo eedikayon pou tout moun (Rept).

Se nan finisman mwa avril 2024 la estòk manje nou yo ap fini. Li nesesè pou waf yo relouvri san pèdi tan, pou n ka jwenn pwodui pou distribye bay oun ki nan bezwen yo. Fòk nou ka ale divès kote sou teritwa a pou al kontinye distribye manje nan kad pwogram nou yo. Se dizon Pwogram lamanjáy mondyal (Pam), ki pwomèt l ap fè tout sa l kapab pou distribye mnje bay moun ki nan plis difikilte yo.

Polisye nan depatman Grandans lan pa gen konfyans nan direktè polis depatman an, Louis Edner Yacinthe, ki ta mele nan move zak, tankou bay moun zam nan depatman Grandans lan ak vann yon konntenè Misyon Nasyon zin pou establizasyon nan peyi d Ayiti (Minustah) te fè lapolis nasyonal la kado. Se akizasyon sou AlterPresse ak AlterRadio Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha), ki mande direksyon jeneral lapolis la pran dispozisyon kont move aksyon direktè lapolis Grandans lan ta fè.

Sèvis lapolis nan anbasad peyi Lafrans nan peyi d Ayiti pral ride inite espesyal lapolis nasyonal d Ayiti sou bon jan estrateji aak teknik, nan operasyon y ap gen pou fè nan zòn ki anba kontwòl gang ak zam yo. Dispozisyon sa yo antre nan koperasyon gouvènman Lafrans ak peyi d Ayiti, pou ride mennen batay kont laterè gang ak zam yo sou tout fòm. See sa anbasad peyi Lafrans nan peyi d Ayiti ekri sou kont X li.

Yon mwa depi premye minis defakto Ariel Henry te bay demisyon l nan dat lendi 11 mas 2024 la, peyi d Ayiti toujou sou wout tyouboum rèd mare. Anyen poko fèt pou enstalasyon nouvo ekip tranzisyon an, pou peyi d Ayiti rekoumanse sou ráy tout bon. Popilasyon an kontinye gen kè kase ssou pakèt tan k ap pase san okenn solisyon pa parèt pou met bout nan kalvè ak tribilasyon y ap sibi anba men gang ak zam yo. Se yon ranmase AlterPresse ak AlterRadio.

Mèkredi 10 avril 2024 la, militè Repiblik Dominiken arete, nan pwovens Dajabòn ak Monte Cristi, pa twò lwen Wanament, plis pase 10 migran, pami yo 56 gason, 18 fanm ak 8 timoun natif natal Ayiti, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Fè deplòtonnen rapid yon fòs miltinasyonal sou teritwa Ayiti a, se yon nesesite pou anpeche lavi anpil moun kontinye disparèt. Lòt patnè entènasyonal yo ta dwe pote kole tou ak resous moun plis bourad lajan ak materyèl. Gouvènman peyi Etazini a di l wete chapo l douvan gouvènman Angletè a, ki deside báy 5 milyon liv sterling, ki vle di 6 milyon 200 mil dola ameriken, pou kore deplòtonnay yon fòs miltinasyonal sou teritwa Ayiti a. [ppsf eb rc apr 11/04/2024 15:20]