Pòtoprens, 10 avril 2024 [AlterPresse] --- Lopital jeneral Pòtoprens lan fèmen depi plis pase yon mwa. Gen plizyè lòt lopital ak sant sante ki pa ka kapab báy sèvis laswenyáy yo ankò. Se sèl lopital Lapè Dèlma a, ki kontinye báy swen kòmsadwa. Tout moun k ap feraye nan sèvis lasante yo ni anbilans Sant anbilans nasyonal yo pa ka rive nan zòn ki anba kontwòl gang ak zam yo. Anpil famasi sibi atak ak dife, gang ak zam yo al mete. Se yon ranmase Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini nan peyi d Ayiti (Ocha) sou sitiyasyon lasante nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, koumansman mwa avril 2024 la.
Madi apremidi 9 avril 2024 la, anpil kout bal te kontinye pete nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Depi plizyè jou, lapolis nasyonal la ap eseye divès estrateji pou fè fas kare ak gang ak zam yo nan zòn nan ak lòt kote sou Dèlma ki viwonnen yo. Se yon sitiyasyon ki toujou mete sou biskèt ak gwo tansyon moun nan katye sa yo.
Gen plizyè bandi ak zam, pami yo youn ki pot non « Nouyòk Nouyòk » ki konn opere nan Site Doudounn nan komin Kwadèboukè, ki mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis. Gen 6 polisye nasyonal ki soti blese nan plizyè operasyon, lapolis te mennen. Lapolis nasyonal la arete polisye Auzhil Stafort, li sispèk ki nan konfyolo ak gang ak zam. Lapolis nasyonal la rive sezi plizyè gwo zam lou ak mil 500 katouch, plis pase 6 milyon 300 mil goud ak 20 mil dola ameriken. Se yon ranmase sou operasyon, lapolis nasyonal d Ayiti a mennen ant jedi 26 mas pou rive madi 9 avril 2024 la.
Madi 9 avril 2024 la, yon delegasyon biwo zafè entènasyonal anbasad ameriken k ap goumen kont trafik dwòg te vizite aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Objektif la, se te gade ki jan travay yo ap vanse. Se yon fason, lè aryopò entènasyonal la va louvri, pou asire pwoteksyon pasaje ak konpayi k ap gen pou vini yo. Se lè va gen bon jan kondisyon sekirite, sitou nan vwazinay aryopò a, konpayi avyon yo di y ap rekoumanse fè ale vini nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Se depi koumansman mwa mas 2024 la pa gen vwayáy avyon ni nan aryopò entènasyonal la, ni nan ti aryopò Pòtoprens lan, apre atak gang ak zam te fè sou espas sa yo.
Jisteman, lendi 8 avril 2024 la, Konsèy ekzekitif enterimè lakomin Taba a t al kraze plizyè kay, ki alantou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, pou evite bandi ak zam ta sèvi ak kay sa yo kòm kachèt pou atake aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.
Mwa avril 2024 la fè yon mwa depi pa gen vwayáy ale vini nan avyon, ni nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ni nan ti aryopò Pòtoprens lan. Sa fè yon mwa tou depi waf entènasyonal Pòtoprens lan, kote bato konn debake ak anbake divès kalte pwodui, fèmen, akoz zak dechèpiyáy gang ak zam yo. Se yon sitiyasyon ki bay gwo kè kase, paske gen danje ratman medikaman, lamanjáy ak lòt kalte pwodui.
Konsèy minis gouvènman defakto a poko janm pran dispozisyon pou fè soti, nan jounal ofisyèl « Le Moniteur » a, ni dekrè pou enstalsyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ni ni akò politik tout delege yo te siyen an. Malgre Kominote peyi Karayib yo (Caricom) transmèt ba yo pwojè dekrè pou enstalasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak akò politik tout delege ki ladan an te siyen a, gouvènman defakto Ariel Henry an sanble pa prese ditou pou rive nan nouvo ekip tranzisyon nan peyi d Ayiti a. Apre 32 mwa san okenn rezilta, kote peyi d Ayiti vin nan tyouboum rèd mare, gouvènman defakto a plis parèt ap fè tan pase nan dilatwa, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Nan yon brase lide ki te fèt sou entènèt lendi 8 avril 2024 la, plizyè pwofesè fanm ak gason nan Inivèsite leta d Ayiti a fè anpil konsiderasyon sou sa k lakoz sistèm politik lan vin an degraba konsa, vin plat atè konsa nan peyi d Ayiti. Se laboratwa Langaj, Diskou ak reprezantasyon (Ladirep) ki andedan Inivésite Leta d Ayiti ki te òganize brase lide 8 avril 2024 la sou Entènèt.
Ayiti pa granmoun tèt li nan moman n ap viv la a. Se paske nou pa rive konstwi yon tèt ansanm pou mete pouvwa politik la kanpe dyanm, ki lakoz peyi d Ayiti nan katyouboumbe li ye jounen jodi a. Politisyen yo toujou ap mete enterè politik yo douvan, olye yo eseye jwenn solisyon nan pil ak pakèt pwoblèm k ap brase bil peyi d Ayiti a, tankou sitiyasyon lamizè ki pouse anpil anpil moun kite seksyon kominal yo pou al chèche lavi miyò lavil oswa nan lòt peyi. Se dizon pwofesè Jhon Picard Byron nan brase lide sou entènèt lendi 8 avril 2024 la.
1Gouvènman peyi Lafrans lan toujou kenbe angajman l pou ride lapolis nasyonal d Ayiti a nan bay fòmasyon ak ekipman nesesè, ki va pèmèt li fè fas kare ak gang ak zam yo. Se pwomès anbsadè peyi Lafrans nan peyi d Ayiti a, Patrice Mauries, nan yon chita pale, madi 9 avril 2024 la, ak direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, Frantz Elbe.
Gouvènman Joe Biden nan pral pale ak kongrè ameriken an pou eseye jwenn yon kantite lajan nesesè, pou fè yon fòs miltinasyonal vin deplòtonnen pi vit posib sou teritwa Ayiti a. Gouvènman Joe Biden nan ap chèche sipò ni demokrat ni repibliken, pou rive debloke yon kantite lajan pou sa. Se deklarasyon konseye zafè sekirite nasyonal nan laprezidans peyi Etazini a, nan yon kozman ak laprès madi 9 avril 2024 la. [ppsf emb rc apr 10/04/2024 13:52]