Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Inondasyon nan plizyè katye Okap - Gang ak zam Gran Grif Savyen yo asasinen 9 moun, blese 8 lòt epi kidnape pase 10 moun

Pòtoprens, 8 avril 2024 [AlterPresse] ---

Rafrechi memwa nan listwa

7 avril 1803 – 7 avril 2024, sa fè 221 lane depi Francois Dominique Toussaint Louverture, gwo potorik gason ki te poto mitan nan batay pou pou rive nan lendepadans peyi d Ayiti anba men kolon franse yo, te mouri ak 59 lane sou tèt li nan Fòdejou, nan peyi Lafrans, kote yo te fèmen l apre yo te arete l nan dat 6 me 1802 epi yo te depòte l nan peyi Lafrans. Se nan dat 20 me 1743 Tousssaint Louverture te fèt Okap ayisyen.

Dimanch 7 avril 2024 la fè 30 lane depi yon gwoup lwijanboje Hutu te koumanse masakre gwoup Tutsi yo nan peyi Rwanda, an Afrik. Ant 800 mil pou rive yon milyon moun te mouri asasinen nan masak 1994 lan nan Rwanda, ant dat 7 avril pou rive 17 jiyè 1994. Gwo masak sa a fèt apre zatrap 6 avril 1994 la, kote yon misil kraze anlè aryopò Kigali a, kapital peyi Burundi, yon avyon ki te gen ladan prezidan Rwanda a Juvénal Habyarimana ak prezidan Burundi a Cyprien Naryamira, ki mouri asasinen.

Aktyalite Ayit
i
Plizyè katye vil Okap anvayi ak dlo, labou, fatra ak divès kalte batanklan, apre gwo lapli ki tonbe lannuit dimanch 7 avril 2024 la nan zòn Nò peyi d Ayiti yo. Se anba gwo difilite moun, machin, motosiklèt te ka travèse lari Okap, lendi 8 avril 2024 la, dapre imaj ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Vandredi 5 avril 2024 la, gang ak zam Gran Grif Savyen Ti Rivyè Latibonit yo asasisnen ankò pou pi piti 9 moun, blese 8 lòt epi kidnape pase 10 moun nan lokalite Dwèt, sou wout ki mennnen Lyankou a, depatman Latibonit. Popilasyon nan zòn sa yo, ki lage poukont yo depi plizyè mwa anba laterè gang ak zam Savyen yo, toujou sou tansyon ak kè sote.

Lendi 8 avril 2024 la, te gen gwo kè kase nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, akoz menas gang ak zam yo ki te fè konnen y ap atake polisye nasyonal ak tout lòt moun ki ta soti nan lari. Kout bal t ap pete nan komin Taba, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Kriz lan, ki vin angrave pi plis nan peyi d Ayiti a, se konsekans move wout kote ekip defakto Ariel Henry an trennen peyi a. Ariel Henry se yon eritaj 32 mwa ki lou anpil pou peyi d Ayiti. Sa n ap viv la, se konfyolo kominote entènasyonal la ak Ariel Henry ki mennen nou la. Se dizon plimeyank, espesyalis kominikasyon, manm akò Motana a Monique Clesca nan emisyon TiChèBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Depatman Latibonit, Plato santral ak Nòdès, se depatman kote yo jwenn plis ka sispèk kolera ant dimanch 24 mas pou rive samdi 30 mas 2024 la. Nan 20 Sant tretman kolera ki te jwenn sipò Òganizasyon panameriken lasante ak Òganizasyon mondyal lasante (Ops/Oms), òganis imanitè yo te pote swen báy plis pase 150 moun, ki te trape maladi kolera a. Se sa biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini yo nan peyi d Ayiti (Ocha) fè konnen.

Nan yon rezolisyon li pran vandredi 5 avril 2024 la, konsèy gouvènman defakto a deside pwolonje, jis rive madi 7 me 2024 k ap vini a, manda konseye lakou dèkont yo, ki bout nan dat 7 avril 2024 la.

Se nan dat 7 fevriye 2026, Konsèy prezidan pou tranzisyon an dwe remèt mayèt politik la bay ekip, ki va soti nan eleksyon ki dwe fèt yo. Se sa k ekri nan akò politik, plizyè delege ki andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an voye bay Kominote peyi Karayib yo (Caricom).

Pral gen yon estrikti 15 moun, k ap anchaje kontwole aksyon nouvo gouvènman tranzisyon an va mennen nan peyi d Ayiti. 2 ladan ap soti nan diaspora a, 2 nan òganizasyon k ap defann dwa fanm ak jèn yo, 2 nan depatman Lwès la ak 9 lòt reprezantan (youn nan chak 9 lòt depatman peyi d Ayiti yo), sou baz konsiltasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an va fè.

Retabli sekirite piblik la, òganize yon konferans nasyonal, pase men nan Konstitisyon an, òganize eleksyon jeneral, remete enstitisyon leta yo sou bon jan ráy, leve eskanp figi ekonomi a. Se kèk pami gwo chantye traváy, ki ekri nan akò tout sektè ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an rive jwenn, koumansman mwa avril 2024 la. Tranzisyon ki gen pou fèt la ta dwe rasanble ak ankouraje patisipasyon tout moun, chita sou lajistis ak konpòtman onèt, respekte ak pwoteje dwa granmoun peyi d Ayiti a, dapre akò sa a.

Nouvo gouvènman tranzisyon an va pran dispozisyon pou refè eskanp figi lajistis la, garanti tout dwa moun yo, nan fè tout enstistisyon andedan sistèm lajistis la mache kòmsadwa, nan fè aplike lalwa kòmsadwa, ranfòse asistans ki ka pèmèt tout moun egal ego douvan lalwa ak jwenn jistis san difikilte.

Pou asire bon jan jesyon ak batay kont koripsyon, kont sa k pa sa, kont dwèt long, tout manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an ak tout manm estrikti ki pral anchaje kontwole aksyon gouvènman tranzisyon an, depi yo fin enstale, tout moun sa yo dwe fè yon deklarasyon tout byen yo posede. Tout moun sa yo dwe jwenn yon sètifika nan men Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj). Yo dwe jwenn tou yon sètifika nan men tribinal sivil, ki di yo pa gen anyen pou wè ak lajistis. Yo dwe jwenn tou yon sètifika ki montre yo peye tout taks yo dwe peye nòmalteman yo. Y ap gen yon delè 30 jou pou fè tou sa, dapre akò a.

Anvan manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an pran mayèt politik peyi d Ayiti a, dwe gen yon dekrè ki soti nan jounal ofisyèl “Le Moniteur”, ki di yo lonmen yo. [ppsf emb rc apr 08/04/2024 14:20]