Pòtoprens, 7 avril 2024 [AlterPresse] ---
Rafrechi memwa nan Listwa
7 avril 1803 – 7 avril 2024, sa fè 221 lane depi Francois Dominique Toussaint Louverture, gwo potorik gason ki te poto mitan nan batay pou pou rive nan lendepadans peyi d Ayiti anba men kolon franse yo, te mouri ak 59 lane sou tèt li nan Fòdejou, nan peyi Lafrans, kote yo te fèmen l apre yo te arete l nan dat 6 me 1802 epi yo te depòte l nan peyi Lafrans. Se nan dat 20 me 1743 Tousssaint Louverture te fèt Okap ayisyen.
Dimanch 7 avril 2024 la fè 30 lane depi yon gwoup lwijanboje Hutu te koumanse masakre gwoup Tutsi yo nan peyi Rwanda, an Afrik. Ant 800 mil pou rive yon milyon moun te mouri asasinen nan masak 1994 lan nan Rwanda, ant dat 7 avril pou rive 17 jiyè 1994. Gwo masak sa a fèt apre zatrap 6 avril 1994 la, kote yon misil, anlè aryopò Kigali a, kapital peyi Burundi, t al kraze yon avyon ki te gen ladan prezidan Rwanda a Juvénal Habyarimana ak prezidan Burundi a Cyprien Naryamira, ki mouri asasinen
Aktyalite Ayiti
Samdi 6 avril 2024 la, plizyè bandi ak zam Vilaj dedye yo tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis nasyonal la sou lanmè. Gen 2 polisye nasyonal ki blese nan operasyon lapolis nasyonal la, ki rive rekipere yon bato, ki te soti jedi 4 avril 2024 la sou waf Vare a, nan Site Solèy, pou ale sou waf Okap la, depatman Nò. Se gang ak zam Vilaj dedye yo ki te dappiyanp sou lanmè bato a, ki te gen plis pase 60 mil sak diri, dapre sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Vandredi 5 avril 2024 la, ladwann sezi sou waf Okap la, nan yon chajman ki te soti nan peyi Etazini, 12 gwo zam lou, 14 revolvè ak apeprè yon milye katouch plizyè kalib ki soti nan peyi Etazini.
Lapolis nasyonal la di l ap chèche komisyonè nan ladwann Okap la Wilmane Jean ak yon lòt moun yo konnen sou non Barthol, li di l sispèk ki ta gen arevwa ak chajman zam ak bal, ladwann sezi sou waf Okap la vandredi 5 avril 2024 la.
Avèk pil ak pakèt zam yo, ki soti nan peyi Etazini pou vin nan men yo, gang ak zam yo vin parèt gen plis zam pase lapolis nasyonal la. Yo vin rich anpil, detan y ap opre atravè komès zam ak bal, yo vann bay divès lòt gwoup ak zam sou teritwa Ayiti a. Se sa yon gwoup espè Òganizasyon Nasyon zini fè konnen.
Sanksyon, Òganizasyon Nasyon zini te di l pran kont gang ak zam ak tout sila k ap kore yo nan achte zam ak bal yo, pa bay rezilta kòmsadwa. Gang ak zam yo kontinye ap achte zam ak katouch, ki soti nan peyi Etazini, pase sou fwontyè ak Repiblik Dominiken, pou rapousuiv zak laterè yo, pou va gen kontwòl sou plis teritwa nan peyi d Ayiti. Pa gen ase dipozisyon kontwòl ni sou fwontyè yo, ni nan ladwann yo, ni sou waf yo, pou anpeche trafik zam ak bal k ap gaye sou teritwa Ayiti a. Se sa yon gwoup espè Nasyon zini fè konnen nan yon rapò sou rezilta, sanksyon yo ta genyen sou gang ak zam yo ak tout sila k ap kore gang ak zam yo ak lajan ak lòt batanklan.
Depi jedi 4 avril 2024 la, bandi ak zam gen nan men yo espesyalis nan kondisyon tan an Rudy Victor, yo te kidnape ansanm ak madanm ni nan Pòtoprens. Yo lage madanm Rudy Victor yon ti tan apre, men bandi ak zam yo ekzije gwo kantite lajan pou lage Rudy Victor. Se sa jounalis Wendell Théodore rapòte sou kont X li
Nan atak yo tanmen depi dimanch 24 mas 2024 la, gang ak zam yo dechèpiye premye legliz batis, ki nan sant vil Pòtoprens lan. Gang ak zam yo bwote ekipman son legliz batis la, pwojektè aparèy enfòmatik, enstriman ak materyèl elekrtik, vantilatè. Douvan move zak sa yo, nou mande fidèl yo, si yo kapab, eseye ale nan lòt legliz ki pre lakay yo epi suiv sèvis k ap pase sou radyo ak sou entènèt. Se mesaj pastoral premye legliz batis Pòtoprens lan, apre zak dechèpiyáy gang ak zam yo fè nan premye legliz batis Pòtoprens lan.
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo asasinen anpil anpil moun, pami yo polisye nasyonal, nan laterè yo vin angrave pi rèd nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Yo atake ak boule pòs polis, lekòl, inivésite, bibliyotèk, lopital, famasi, biwo leta, biwo eta sivil, depo manje, elatriye. Yo kontinye ap pete kout bal, lajounen kou lannuit, nan plizyè katye. Yon sitiyasyon, ki kontinye pouse anpil anpil moun vin sètoblije ap kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote.
Gen plizyè ka moun ki ta vle touye tèt yo, pami fanmi ki sètoblije deplase akoz vyolans ak laterè gang ak zam yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se pa yon sitiyasyon, tandans moun ki ta gen entansyon touye tèt yo, ki te konn rive nan listwa peyi d Ayiti. Se sa Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) fè konnen li dekouvri, depi laterè gang ak zam yo vin angrave rèd mare, apati jedi 29 fevriye 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Madi 2 avril 2024 la, kout bal ki t ap pete nan katye sou Channmas la, Pòtoprens, ak Dèlma te jennen anpil dispansè mobil yo, nan espas ki gen fanmi deplase yo, dapre Nasyon zini.
Detan dezespwa a ap grandi rèd mare, detan ekonomi a ap fin depafini, fanmi yo kontinye ap goumen, jan yo kapab, pou rive satisfè pi piti nan bezwen yo, nan mitan tout tyouboum sa yo k ap anglouti peyi d Ayiti a, toujou dapre konsiderasyon Òganizasyon Nasyon zini.
Rezo nasyonal ansèyman siperyè piblik ayisyen an leve lavwa kont zak dechèpiyáy gang ak zam yo, k ap kraze brize entelijans natif natal Ayiti yo, k ap braze brize byen leta ak byen prive. Lapolis nasyonal ak lame ki la a dwe pran dispozisyon pou asire pwoteksyon popilasyon an, ki dwe limenm rete veyatif douvan sitiyasyon brigandáy sa yo. Se konsiderasyon Rezo nasyonal ansèyman siperyè piblik ayisyen an.
Pandan 32 mwa, depi mwa jiyè 2021, gouvènman defakto Ariel Henry an rete ap founi je l gade, pa fè anyen ak kenbe yon konpòtman manfouben douvan sitiyasyon brigandáy sa yo, k ap depatya peyi d Ayiti a.
Douvan kriz san bout la, kote peyi a ap kraze pak an pak, kouman yon lòt peryòd tranzisyon ka pèmèt peyi d Ayiti reprann eskanp figi l ? Pouvwa, se pa bat lestomak ni fè gran panpan. Se pito mete w nan sèvis popilasyon an. Se kèk pami eleman repons ak prezisyon Monique Clesca, plimeyank, espesyalis nan kominikasyon, manm akò Montana, pote nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm Entènèt.
Retabli sekirite piblik la, òganize yon konferans nasyonal, pase men nan Konstitisyon an, òganize eleksyon jeneral, remete enstitisyon leta yo sou bon jan ráy, leve eskanp figi ekonomi a. Se kèk pami gwo chantye traváy, ki ekri nan yon akò tout sektè ki gen delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an rive jwenn, koumansman mwa avril 2024 la. Tranzisyon ki gen pou fèt la ta dwe rasanble ak ankouraje patisipasyon tout moun, chita sou lajistis ak konpòtman onèt, respekte ak pwoteje dwa granmoun peyi d Ayiti a, dapre akò sa a.
Kèlkilanswa sa ki rive, gouvènman peyi Etazini a dwe pran leson sou sa k te pase yo, pou ede pèp ayisy en an konstwi yon bon sistèm jesyon ki chita sou yon demokrasi ki va dire lontan, nan benefis popilasyon an. Detan li va respekte ak koute yo, gouvènman Etazini a dwe konsidere peyi d Ayiti tankou yon peyi, ki gen moun ki gen kapasite pou pran direksyon politik peyi d Ayiti a. Pa dwe gen mache prese pou kouri al fè eleksyon. Popilasyon an dwe gen tan pou l rive gen konfyans nan nouvo ekip tranzissyon an, ki va pran dispozisyon pou òganize eleksyon yo. Kominote entènsyonal la, espesyalman gouvènman Etazini a, dwe kore Konsèy prezidan pou tranzisyon an, nan ride l rebati enstitisyon demokrasi yo, nan ride l reziste anba presyon gang ak zam, politisyen ak biznismann ki nan sa k pa sa yo. Se dizon ansyen palmantè ameriken Andy Levin sou sitiyasyon peyi d Ayiti a. [ppsf emb rc apr 07/04/2024 14:15]