Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bandi ak zam asasinen 2 avoka nan komin Vèrèt, depatman Latibonit - Sa fè yon mwa depi pa gen vwayáy ale vini nan avyon nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan

Pòtoprens, 5 avril 2024 [AlterPresse] --- Jedi 4 avril 2024 la, bandi ak zam kidnape epi asasinen nan komin Vèrèt, depatman Latibonit, avoka nan bawo Sen Mak Jean Eddy Rousseau ak avoka nan bawo Gonayiv Richard Pauléus. Se nan lokalite Savari, kominn Vèrèt, bandi ak zam yo kidnape 2 avoka sa yo ki te sou wout pou ale Sen Mak. Gen 2 lòt moun, ki te ansanm ak 2 avoka yo, bandi ak zam yo lage an apre, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Jedi 4 avril 2024 la, lapolis nasyonal la di li arete Anthony Jean-Pierre, yo plis konnen sou non « Palaki », ki asosye gang ak zam « team H » k ap opere nan Mòn Oje, yon lokalite nan komin Jakmèl, depatman Sidès. Gang ak zam « Team H » lan mele nan kò sasináy, kadejak sou fanm, boule kay moun, dapre sa lapolis nasyonal la rapòte.

Òganizasyon Nasyon zini deside mete 12 milyon dola nan Fon ijans espesyal, li genyen an. Lajan sa a ta sipoze al jwenn òganis imanitè pou ride plizyè fanmi, ki sètoblije deplase nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak nan depatman Latibonit, akoz laterè gang ak zam yo. Se sa pòtvwa sekretè jeneral Nasyon zini yo fè konnen nan yon deklarasyon pou laprès jedi 4 avril 2024 la.

Mwa avril 2024 la fè yon mwa depi pa gen vwayáy ale vini nan avyon, ni nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ni nan ti aryopò Pòtoprens lan. Sa fè yon mwa tou depi waf entènasyonal Pòtoprens lan, kote bato konn debake ak anbake divès kalte pwodui, fèmen, akoz zak dechèpiyáy gang ak zam yo. Se yon sitiyasyon ki bay gwo kè kase, paske gen danje ratman medikaman, lamanjáy ak lòt kalte pwodui.

Sanksyon Òganizasyon Nasyon zini te di l pran, kont gang ak zam ak tout sila k ap kore yo nan achte zam ak bal yo, pa bay rezilta kòmsadwa. Gang ak zam yo kontinye ap achte zam ak katouch, ki soti nan peyi Etazini, pase sou fwontyè ak Repiblik Dominiken, pou rapousuiv zak laterè yo, detan yo va gen kontwòl sou plis teritwa nan peyi d Ayiti. Pa gen ase dipozisyon kontwòl ni sou fwontyè yo, ni nan ladwann yo, ni sou waf yo, pou anpeche trafik zam ak bal, k ap gaye sou teritwa Ayiti a. Se sa yon gwoup espè Nasyon zini fè konnen nan yon rapò sou rezilta, sanksyon yo ta genyen sou gang ak zam yo ak tout sila k ap kore gang ak zam yo ak lajan ak lòt batanklan.

Ministè edikasyon nasyonal fè konnen li pase men nan kalandriye ane lekòl 2023-2024 la, akoz vyolans ak laterè gang ak zam yo.

Ekzamen ofisyèl 9vyèm ane fondamantal yo, ki te dwe fèt nan mwa jen 2024 la, ta sipoze fèt ant lendi 22 pou rive mèkredi 24 jiyè 2024 k ap vini yo. Ekzamen Bakaloreya yo, ki te dwe fèt nan mwa jen 2024 la, ta dwe fèt ant lendi 5 pou rive jedi 8 dawout 2024. Ekzamen leta Lekòl nòmal pou etidyan pwofesè fanm ak etidyan pwofesè gason ak ekzamen pou etidyant ak etidyan Sant edikasyon fanmi ta dwe fèt ant lendi 22 pou rive vandredi 26 jiyè 2024.

Edikasyon sivik, edikasyon fizik ak espò, edikasyon atis ak bèlte, edikasyon nan teknoloji ak aktivite pwodiksyon, se nan ekzamen obligatwa sa yo elèv yo ap gen pou konpoze ane sa a.

Ministè ediksyon nasyonal pwomèt l ap ede elèv yo jwenn bon baz pou pase nan ekzamen yo, atravè tout kalte pwogram aprantisáy nan radyo, nan televizyon, sou kle Usb, sou Entènèt. Pwogram aprantisáy espesyal sa yo va fèt apk prezans pwofesè toupatou, sitou nan depatman Lwès la ak tout lòt zòn k ap sibi zak vyolans ak laterè gang ak zam yo.

Pwoteje dwa ledikasyon tout pitit peyi d Ayiti yo, se yon ijans. Se sèl fason pou pèmèt timoun ak jèn yo, fanm kou gason, byen prepare demen yo. Se kout rèl ministè edikasyon nasyonal, ki leve lavwa kont tout atak, gang ak zam yo ap plede fè kont lekòl ak inivèsite yo.

Se depi jedi 29 fevriye 2024 la laterè gang ak zam yo ap angrave rèd mare. Gang ak zam yo asasinen anpil anpil moun, polisye nasyonal. Yo atake, boule, kraze pòs polis. Yo kraze lekòl, inivèsite, bibliyotèk, lopital, famasi ak depo manje. San konte kout bal y ap pete, lajounen kou lannuit, nan plizyè katye zon metwopoliten Pòtoprens lan, ki pouse anpil anpil moun setoblije kouri kite kay yo al cheche refij lòt kote.

Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo tounen yon kokennchenn prizon, kote se tout popilasyon an ki anba kontwòl gang ak zam yo. Douvan sitiyasyon sa a, dwe gen bon jan aksyon ki fèt san pèdi tan pou pote sekou bay popilasyon an. Se kout rèl espè endepandan Nasyon zini pou dwa moun nan peyi d Ayiti a, natif natal ameriken William O’Neill, ki t ap pale semenn sa a douvan Konsèy dwa moun Nasyon zini yo.

Gen danje pou yon kokenchenn masak fèt sou popilasyon peyi d Ayiti a. Plis nou pran tan pou vini ak aksyon rapid rapid sou sa k ap pase yo nan peyi d Ayiti a, se plis popilasyon an va sibi plis zak vyolans ak laterè anba men gang ak zam yo. Se avétisman reprezantan pèmanan peyi d Ayiti douvan Konsèy dwa moun Nasyon zini yo, Justin Viard.

Nou dekonseye natif natal Ayiti yo pran lanmè pou al chèche antre san papye nan peyi Etazini. Gen twòp trajedi ki rive deja nan vwayáy anbachal sa yo. Otorite migrasyon ameriken yo ap pimpe touen nan peyi d Ayiti tout migran, fanm kou gason, ki ta pran lanmè pou rantre san papye sou teritwa peyi Etazini a. Se pou sa, nou konseye tout sila, ki enterese, al chèche jwenn viza pou vwayaje antre nan peyi Etazini. Se deklarasyon sekretè leta ameriken pou zafè andedan peyi Etazini yo, Alejandro Mayorkas, ki di gouvènman ameriken rete veyatif sou tout sa k ap pase nan peyi d Ayiti, nan moman an.

Pou mwa mas 2024 la, gen plis pase 13 mil migran natif natal Ayiti gouvènman peyi nan Amerik yo pimpe tounen pa bò isit. Pakèt natif natal Ayiti sa yo retounen nan yon moman, kote peyi d Ayiti ap fè fas kare ak pwoblèm sekirite, pwoblèm lasante, kriz politik ak lamizè san parèy, kote tou anpil anpil lekòl sètoblije fèmen. Se yon sitiyasyon ki lage nan gwo dezespwa anpil anpil pitit peyi a, ki sètoblije ap kouri al chèche lavi miyò nan lòt peyi. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim). [ppsf emb rc apr 05/04/2024 14:15]