Pòtoprens, 4 avril 2024 [AlterPresse] --- Pòtoprens ak zòn ki viwonnen l yo tounen yon kokennchenn prizon, kote se tout popilasyon an ki anba kontwòl gang ak zam yo. Douvan sitiyasyon sa a, dwe gen bon jan aksyon ki fèt san pèdi tan pou pote sekou bay popilasyon an. Se kout rèl espè endepandan Nasyon zini pou dwa moun nan peyi d Ayiti a, natif natal ameriken William O’’Neill, ki t ap pale semenn sa a douvan Konsèy dwa moun Nasyon zini yo.
Plis nou pran tan pou vini ak aksyon rapid rapid sou sa k ap pase yo nan peyi d Ayiti a, se plis popilasyon an va sibi plis zak vyolans ak laterè anba men gang ak zam yo. Se avétisman reprezantan pèmanan peyi d Ayiti douvan Konsèy dwa moun Nasyon zini yo, Justin Viard.
Peyi manm Òganizasyon Nasyon zini yo ta sipoze pote asistans teknik ak ranfòse kapasite ki ka ride amelyore sitiyasyon dwa moun yo nan peyi d Ayiti. Se sa k ekri nan yon rezolisyon Konsèy dwa moun Nasyon zini yo pran, jedi 4 avril 2024 la, okazyon 55kyèm sesyon l, ki t ap fèt nan vil Jenèv, peyi Lasuis.
Mèkredi apremidi 3 avril 2024 la, anpil kout bal te kontinye ap pete sou Dèlma, nan zòn kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyoal Pòtoprens lan. Sitiyasyon sa a kontine mete sou gwo tansyon anpil anpil moun, sitou sila ki rete nan zòn kote bal ap pete san gade dèyè yo.
Mèkredi 3 avril 2024 la, nan yon atak yo fè sou Bibliyotèk nasyonal d Ayiti a, ki ekziste depi lane 1939, nan ridisant Pòtoprens, gang ak zam yo kraze dèlko bibliyotèk nasyonal la epi vòlò, bwote ale anpil mèb. Direksyon jeneral Bibliyotèk nasyonal d Ayiti a mande lapolis nasyonal la pran dispozisyon pou anpeche gang ak zam yo kontinye dechèpiye Bibliyotèk nasyonal la, nan yon entèvyou li báy Ajans Frans près (Afp).
Gang ak zam yo kontinye ap fè mannèv sou Channmas la pou eseye pran kontwòl Palè nasyonal la.
Ledikasyon se yon dwa moun fondamantal, ki kab ride fanm ak gason soti nan lamizè, detan l ap ankouraje devlopman ki ka kenbe lontan nan sosyete yo. Atak gang ak ak zam yo kont lekòl ak inivèsite yo dwe sispann. Se zak kriminèl ki lage malè pandye sou demen sosyete peyi d Ayiti a, sitou sou plizyè jenerasyon. Se dizon Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco). Unesco leve lavwa kont zak brigandáy gang ak zam yo fè nan Enarts, youn nan lekòl siperyè Inivèsite leta d Ayiti yo, kont fakilte syans, kont lekòl nòmal siperyè, kont fakilte agwonomi ak metsin veterinè, ak kont plizyè lòt lekòl ak enstitisyon kilti nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Tout sektè, ki voye delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ta deja antann yo sou yon akò politik pou yon tranzisyon nan lapè, k ap byen òganize sou teritwa Ayiti a. Peryòd tranzisyon an ka fèt ant 18 pou rive 24 mwa konsa, dapre sa AlterPresse ak AlterRadio aprann bò kote yon sous ki toupre diskisyon yo.
Sekirite, pase men nan Konstitisyon 1987 la ak andedan enstitisyon leta yo, òganize eleksyon nan bon kondisyon, pou retabli diyite fondamantal peyi d Ayiti a, retabli lapè, pou popilasyon an ka viv san kè sote ni zak briganndáy. Se ta dwe 3 gwo chantye traváy ekip tranzisyon k ap ranplase gouvènman defakto Ariel Henry an. Dwe gen jefò ki fèt pou pèmèt bon jan sekirite retounen sou teritwa a, anba kontwòl yon Konséy nasyonal sekirite. Ekip tranzisyon an dwe pran dispozisyon pou refè eskanp figi lajistis la, tabli yon komisyon laverite, jistis ak reparasyon, remete ekonomi a sou bon ráy, batay kont koripsyon ak enpinite, asire pwoteksyon anviwónman an. Se kèk, pami lòt responsablite nouvo ekip tranzisyon k ap pran direksyon politik peyi d Ayiti a, dapre pwojè antant ki poko siyen an, ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Tout moun ki konsènen yo ta dwe respekte kondisyon, ki nan deklarasyon lendi 11 mas 2024 la, ki swete gen travay men nan men ki fèt pou retabli sekirite, fè peyi d Ayiti mache sou baz lalwa ak demokrasi, nan benefis tout Ayisyèn ak Ayisyen. Yon fwa li va pran mayèt politik la, Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe lonmen yon premye minis ak yon konsèy minis ki va rasanble tout moun, tabli kritè pou met kanpe yon Konsèy elektoral pwovizwa, ak reprezantan san paspouki ki va òganize eleksyon lè kondisyon sekirite yo va pèmèt sa nan peyi d Ayiti. Se sa k ekri nan yo rezolisyon konsèy pèmanan Òganizasyon leta ameriken yo (Loea), mèkredi 3 avril 2024 la.
Demach k ap fèt pou mete kanpe yon Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki gen reprezantan gwoup politik, sosyete sivil ak sektè biznis yo, ta dwe pèmèt asire bon jan jesyon nan peyi d Ayiti, ak kolaborasyon patnè entènasyonal yo. Nou swete tout Leta manm Òganizasyon leta amerikenn yo (Loea), ansanm ak obsèvatè pèmanan yo, pote kole rapid rapid pou fè sekirite, lapè ak kè poze retounen nan peyi d Ayiti, nan ride demantibile gang kriminèl ak zam yo, detan yo va pèmèt èd imanitè rive jwenn popilasyon an. Se lòt eleman ki ekri nan yon rezolisyon konsèy pèmanan Loea a pran mèkredi 3 avril 2024 la. Konsèy pèmanan Loea a di tou li wete chapo l douvan demach, pou rive fè deplòtonnen yon Misyon pou kore sekirite nan peyi d Ayiti, jan Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo te deside sa nan dat lendi 2 oktòb 2023 a. [ppsf emb rc apr 04/04/2024 14:08]