Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Toujou gen anpil kò moun ki mouri, nan kondisyon yo pa konnen, nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan

Pòtoprens, premye vril 2024 [AlterPesse] --- Lendi premye avril 2024 la, moun plizyè kote, tankou Petyonvil ak Mayi gate, pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, kontinye pantan sou kò moun ki mouri, nan kondisyon yo pa konnen. Se depi plizyè semenn, y ap jwenn moun ki mouri nan lari, nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan moman gang ak zam yo vin angrave pou pi rèd zak laterè yo, sitou depi jedi 29 fevriye 2024 la.

Depi koumansman lane 2024 la, gen plis pase mil 550 moun ki pèdi lavi yo nan vyolans gang ak zam yo nan peyi d Ayiti. Dèske pa gen bon jan kontwòl sou fwontyè a, zam ak bal kontinye ap antre sou teritwa Ayiti a, ki lage nan gwo tyouboum, nan yon gwo katastwòf. Se rezilta brigandáy politik ak enstitisyon yo ki pa jwe wòl yo kòmsadwa, enstitisyon leta yo ki tonbe plat atè. Li nesesè pou gen bon jan dispozisyon ki pran pou bloke trafik zam ak bal, k ap antre sou teritwa Ayiti a. Dwe gen jefò tou pou remete enstitisyon leta yo kanpe tout bon. Se rekòmandasyon Wo Komisarya Nasyon zini sou dwa moun, nan yon rapò sou sitiyasyon peyi d Ayiti a li rann piblik vandredi 29 mas 2024 la.

Lendi premye avril 2024 la, kout zam te kontinye ap tire nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou nan Dèlma 19, Dèlma 30, Dèlma 24, kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, Vilaj Solidarite. Bri kout zam sa yo te lakoz gwo tansyon ak kouri nan katye sa yo, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Depi yon mwa, gang ak zam yo ap dechèpiye epi met dife san kè sote nan plizyè enstitisyon leta ak prive, tankou fakilte leta, plizyè biwo ak sèvis, biwo eta sivil, famasi, lopital, depo machandiz, boutik, elatriye. Dimanch 31 mas 2024 la, y al sakaje espas Loge Etoile d’Haïti, nan avni Monseyè Guilloux, Pòtoprens. Gang ak zam yo kontinye met dife tou nan anpil machin, anba lavil Pòtoprens lan.

Vandredi 29 mas 2024 la, gang ak zam al dechèpiye epi met dife nan espas izin Digneron nan komin Kwadèboukè, depatman Lwès la. Nan moman atak kriminèl sa a, gang ak zam yo boule materyèl biwo, anpil gwo machin izin ak lòt materyèl ki te pou Palm Apparel Group, yon izin ki fèmen depi lane 2022 apre bandi ak zam yo te kidnape plizyè anplwaye izin nan, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Finismann mwa mas 2024 la, pechè yo rive al eseye pran pwason sou lanmè Ansdeno ak Lèziwa, apre atak yo te sibi mèkredi 27 mas 2024 la. Depi jedi swa 28 mas 2024 la, yon pechè, bandi ak zam te kidnape sou lanmè Ansdeno Lèziwa a mèkredi 27 mas 2024 la, te rive al jwenn fanmi l. Bandi ak zam ki te kidnape l yo pa t fè l anyen, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Jisteman, gang ak zam yo simen laterè tou nan vil pwovens yo. Mèkredi 27 mas 2024 la, yo kidnape yon pechè, yo vin lage jedi 28 mas 2024 la. Men, yo pote ale yon douzèn motè chaloup sou lanmè Ansdeno ak Lèziwa bò kòt Sid peyi d Ayiti yo, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Vandredi 29 mas 2024 la, plizyè moun Mibalè, depatman Plato santral, al pran nan yon pòs polis Mibalè polisye nasyonal Ananel Alexandre, ki t ap traváy nan Bim, ak ajan sekirite nan Konsèy elektoral pwovizwa a Michelet Musca, lapolis te arete. Yo pase 2 mesye sa yo alenfinitif. Lapolis nasyonal la di yo te jwenn, nan machin 2 mesye sa yo te ladan l lan, Devarye, pa twò lwen Mibalè, plis pase 6 milyon 300 mil goud, 20 mil dola ameriken, 2 revolvè ak chajè ki te ranpli ak bal, yon bwat 50 katouch ak 7 telefòn.

Lajan sa yo, ki te nan men mesye sa yo, sanble se ta pou al achte zam ak bal sou fontyè Beladè pou al pote bay gang ak zam yo, dapre sa lapolis nasyonal di li rive jwenn.

Nan dat madi 8 novanm 2022, militè dominiken te arete Mildrenne Manessa Milien, madanm delege an apre Beladè a Yvanosky Joachim. Se nan Comendador, ki sou fwontyè Beladè a, militè dominiken yo te arete Mildrenne Manessa Milien. Yo te jwenn nann machin li t ap kondi a 22 mil 160 katouch (12 mil katouch kalib 7 milimèt ak 10 mil 160 katouch 5 milimèt). Mildrenne Manessa Milien te gen tou 30 mil 150 goud ak mil 100 peso dominiken. Otorite dominiken yo pa janm di, an apre, ki sa lajistis Repiblik Dominken fè ak Mildrenne Manessa Milien, yo te arete ak gwo chajman katouch sa yo, madi 8 novanm 2022 a, sou fontyè Comendador/pwovens Elias Pina ak Beladè a.

3 jou apre, lannuit vandredi 11 novanm 2022 lapolis nasyonal la te arete mòn Kabrit enspektè polis Wakin Pierre, ki t ap travay nan Palè nasyonal. Lapolis te jwenn nan machin ni, ki te soti Beladè, 4 mil katouch 5 milimèt, 41 katouch 9 milimèt, 3 chajè revolvè, yon revolvè pou katouch 9 milimèt, 22 telefòn ak plis pase 900 mil goud.

Se sou fwontyè Beladè/Comendador (Repiblik Dominiken) anpil zam ak katouch, ki soti nan peyi Etazini, pase pou vin jwenn gang ak zam nan peyi d Ayiti yo. Trafikan yo sèvi ak wout, waf nan peyi Repiblik Dominiken, pou fè zam ak bal yo antre nan peyi d Ayiti pou vin simen laterè nan peyi d Ayiti. Se sa Biwo Nasyon zini kont dwòg ak krim ekri nan yon rapò, li rann piblik nan mwa oktòb 2023 ki sot pase a.

Yon elikoptè lame peyi Lafrans, k ap ranmase natif natal Lafrans pou kite Ayiti, resevwa yon bal, gang ak zam te tire semenn pase. Erezman, pa t gen okenn pasaje ki te blese, dapre sa kapitèn lame fransèz Adrien Shaar di televizyon Tf1

Gang ak zam yo, se yon seri gwoup k ap chanje pozisyon chak moman, sou baz enterè yo. Se pi gwo mal yo te ka fè sosyete a, apre pil ak pakèt krim anpil anpil moun nan popilasyon an sibi yo, pou yo ta asepte pou gang ak zam yo al sou tab negosyasyon pou rive nan direksyon politik peyi d Ayiti a. Konsèy prezidan pou tranzisyon an ta dwe chita pale epi negosye ak kominote entènasyonal la sou pi bon fòmil, ki va pèmèt yo gen kontwòl sou gang ak zam yo. Se konsiderasyon espesyalis nan ekonomi ak syans politik Joseph Harold Pierre sou AlterPresse ak AlterRadio.

Se paske aktè politik ayisyen yo pa gen ase kilti politik, ki fè Konsèy prezidan pou tranzisyon an vin parèt tankou yon nesesite. Tout delege, yo chwazi pou antre nan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ta dwe aji vit. Yo ta dwe aji byen, pou pa rate okazyon jounen jodi a. Tout delege sa yo dwe mete yo nan yon nivo, ki va anpeche yo pèdi konfyans popilasyon an. Si demach yo pran tan anvan yo pran mayèt politik lan tout bon, yo kapab pèdi konfyans popilasyon an. Se analiz ak lòt konsiderasyon espesyalis nan ekonomi ak syans politik Joseph Harold Pierre sou AlterPresse ak AlterRadio.

Rès gouvènman defakto a ta ekzije pou yon seri demach pase nan Kominote peyi Karayib yo (Caricom). Yo mande tou yon seri dokiman, yo deja resevwa, pou eseye trennen pye nan dispozisyon pou lonmen ofisyèlman Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se sa yon sous toupre demach yo fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.

L ap difisil pou mete kanpe Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Konsa, se ta nan lakou kasasyon pou yo ta va chwazi yon jij pou dirije peryòd tranzisyon an nan peyi d Ayiti, apre 32 mwa gouvènman defakto Arieel Henry an, kominote entènasyonal la te lonmen ak yon tweet. Se pozisyon, nan yon lèt yo voye dimanch 31 mas 2024 la bay Kominote peyi Karayib yo (Caricom), plizyè alyansáy Ariel Henry, ki te siyen akò 21 desanm 2022 a, tankou Edmonde Supplice Beauzile, Michel André ak Marjorie Michel, malgre akò 21 desanm 2022 a gen yon delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Depi plizyè semenn, gen plizyè dirijan politik, avoka ak lòt sektè k ap di se ta nan lakou kasasyon pou yo ta al chwazi yon jij, ki ta dwe vin mennen bak peyi d Ayiti a apre demisyon premye minis defakto a Ariel Henry, nan dat lendi 11 mas 2024 la.

Lendi premye avril 2024 la, nouvo anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti a, Dennis Bruce Hankins, remèt papye ofisyèl li kòm anbasadè bay minis defakto zafè etranje a, Jean Victor Généus.

Se jedi 14 mas 2024 ki sot pase a sena ameriken an te vote rapid rapid anfavè Dennis Bruce Hankins, pou vin anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti. Se depi mwa jen 2023 prezidan Joe Biden te lonmen Dennis Bruce Hankins pou vin nouvo anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti. Vòt 14 mas 2024 sena ameriken an anfavè Dennis Bruce Hankins te rive nan moman kriz lan ap anvlimen pi rèd, avèk plis laterè gang ak zam yo sou teritwa peyi d Ayiti. Se depi mwa oktòb 2021 peyi Etazini pa genyen anbasadè nan peyi d Ayiti, apre Michèle Jeanne Sison te pase 3 lane kòm anbasadris peyi Etazini, soti 21 fevriye 2018 pou rive 9 oktòb 2021. [ppsf emb rc apr 01/04/2024 14:10]