Pòtoprens, 27 mas 2024 [AlterPresse] --- Se ta 17 moun, lapolis sispèk kòm bandi, ki tonbe nan boukantáy kout zam ak lapolis nan dènye semenn sa yo, sitou depi dat jedi 29 fevriye 2024 la, lè gang ak zam vin plis angrave zak laterè yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Pami sila, ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis la, gen Ernst Julmé, moun plis konnen sou non Ti grèg, ak Makandal. Lapolis nasyonal di li sezi 17 zam (Ak47, Uzi, elatriye) pandan peryòd sa a. Se yon ranmase lapolis nasyonal la.
Atak sou lekòl, se zak maspináy dwa timoun, se zak ki pilonnen dwa entènasyonal moun. Lekòl yo, se espas ki dwe jwenn pwoteksyon tout tan. Timoun ak fanmi yo pa dwe kontinye ap sibi atak sa yo. Se kout rèl branch nan peyi d Ayiti Fon Nasyon zini pou timoun (Unicef), ki leve lavwa kont zak gang ak zam yo, ki dechèpiye ak met dife nan 23 sal klas Lekòl Frè Nau, lendi 25 mas 2024 la, nan Pòtoprens.
Samdi 23 ak dimanch 24 mas 2024 la, gang ak zam yo te met dife nan anpil machin, famasi, sant lasante, depo machandiz ak plizyè biwo ak sèvis, tankou biwo eta sivil seksyon sid Pòtoprens lan. Zak laterè sa yo lage ankò de bra pandye plizyè mèt ti biznis, ki te konn degaje yo anba lavil Pòtoprens lan pou viv, dapre imaj ki gaye sou rezo sosyal yo.
Madi 26 mas 2024 la, gouvènman Joe Biden nan deside l ap báy jiska 10 milyon dola ameriken pou ride peyi d Ayiti goumen kont krim ak trafik dwòg. Se sa medya Lavwa Lamerik rapòte.
Gen 481 oganizasyon ak plizyè avoka espesyalis nan zafè dwa migran yo, ki mande gouvènman Joe Biden nan pouse pou pi lontan pwogram yo rele Tps la pou natif natal Ayiti yo, detan li ta sispann pimpe vini pa bò isit tout natif natal Ayisyen san papye li ta jwenn sou teritwa ameriken an. Òganizasyon ak avoka espesyalis nan dwa migran yo mande biwo sekirite enterè peyi Etazini ogmante nan kantite migran, k ap benefisye pwogram Biden nan chak mwa. Se jounal ameriken Miami Herald ki rapòte enfòmasyon sa a.
Mèkredi 27 mas 2024 la, apre l fin tande l nan kabinè enstriksyon, jij Merlan Belabre deside lage ansyen prezidan chanm depite a, Cholzer Chancy, jij Al Duniel Dimanche te fè arete lendi 22 janvye 2024 la, sou akizasyon li ta patisipe nan gaspiye lajan ak byen leta Sant nasyonal ekipman yo (Cne). Samdi 2 mas 2024 la, Cholzer Chancy, ki te nan prizon, pa t sove nan penitansye nasyonal, lè gang ak zam te fòse yo louvri gran prizon Pòtoprens lan, kote apeprè 4 mil prizonye te chape poul yo.
Anpil moun ki nan espas k ap sèvi kòm abri pwovizwa pou pil ak pakèt moun, k ap kouri kite lakay yo akoz laterè gang ak zam yo, pa gen dlo pou yo sèvi. Se yon sitiyasyon ki ka pèmèt yo ka rive trape maladi kolera. Dènye semenn mwa mas 2024 sa a, yo dekouvri pou pi piti 10 moun ki ta parèt gen sentom maladi kolera, pami sila ki te kouri kite lakay yo pou al chèche refij nan Lise Marie Jeanne, Pòtoprens. Se sa Biwo zafè imanitè Nasyon zini yo (Ocha) fè konnen.
Apre soup joumou, delegasyon peyi d Ayiti douvan Òganizasyon NasyPòtoprenson zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco) prezante semenn sa a mizik Konpa ayisyen an, pou l ta antre andedan patrimwán kilti limanite, nou pa ka ni wè ni manyen. Mizik Konpa a enpòtan anpil nan lakilti ak patrimwán peyi d Ayiti, dapre dosye yo soumèt douvan Unesco a.
Apre René Jean Jumeau deside rale kò l, Rasanbleman pou yon antant nasyonal (Ren) chwazi kounye a enjenyè agwonòm Régine Abraham, kòm delege òganizasyon sosyete sivil yo, ki pral pami 2 obsèvatè andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ki ta sipoze vin pran mayèt politik peyi d Ayiti, nan jou k ap vini yo.
Kominote entènasyonal la pa inosan nan zak laterè gang ak zam yo ap simen nan peyi d Ayiti, espesyalman kont fanm yo. Kominote entènasyonal la gen arevwa tou ak zak kraze brize gang ak zam yo nan aryopò, nan waf yo, nan santral elektrik yo, nan lekòl yo, nan lopital, inivésite, komisarya ak pòs polis yo, labank, famasi, ti boutik, elatriye. Nou pa mache kole ditou ak tout diskou ki vle fè kriminèl yo pase tankou revolisyonè. Nou rete makònen ak lide dwa granmoun peyi d Ayiti nan bon solidarite ak lòt pèp, san yo pa ban nou dikte. Nou pare pou n kontinye goumen kont enpinite ak lenjistis. N ap kontinye fè pwomosyon anfavè lajistis, solidarite nan mitan tout pitit peyi d Ayiti yo. Se pozisyon plizyè òganizasyon feminis, Kay Fanm, Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Fondasyon Toya ak feminis endepandan Sabine Manigat.
Se dwa ak devwa fanm yo pou patisipe nan politik peyi d Ayiti. Se tout tan fanm yo ap sibi prejije ak konpòtman ki pase dwa fanm yo anba pye, lè yo lonmen yo nan yon pòs desizyon oubyen lè yo ale nan eleksyon. Fanm yo toujou ap jwenn jouman, menas, vye lide, prejije, elatriye. Li pa nòmal pou nan lane 2024 mòd agresyon sa yo rapousuiv toujou kont fanm, ki pa ta kapab okipe yon pòs politik, paske yo se fanm. Lè yon moun pa dakò ak yon lòt moun, se sou baz lide, agiman ak ideyoloji li dwe mennen diskisyon yo. Li lè li tan pou sa sispann nan peyi d Ayiti. Se pozisyon òganizasyon Fanm yo la.
Fè peyi a pèdi tan nan koze Konsèy prezidan, se yon tèt fè mal ki p ap bay rezilta. Se pou sa, li ta pi bon pou se yon jij lakou kasasyon ki ta dwe okipe plas prezidan tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Se dizon Federasyon pwotestan peyi d Ayiti yo, ki te dakò voye delege l andedan Wo konsèy tranzisyon Ariel Henry an, ki pa bay okenn rezilta depi koumansman lane 2023 a. [ppsf emb rc apr 27/03/2024 15:04]