Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Polisye nasyonal Joveny Duplan mouri anba bal bandi ak zam, nan yon atak kont lapolis nan Kafou Vensan, pa twò lwen komin Site Solèy

Pòtoprens, 26 mas 2024 [AlterPresse] --- Lendi 25 mas 2024 la, nan yon atak lapolis nasyonal la sibi, polisye Joveny Duplan, 27tyèm pwomosyon, tonbe anba bal bandi ak zam, nan zòn Kafou Vensan, komin Site Solèy, nan nò Pòtoprens. Gen 2 lòt polisye nasyonal, ki te nan machin lapolis la, ki blese grav nan atak bandi ak zam yo, dapre sa Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) fè konnen.

Menm lendi 25 mas 2024 la, nan moman lapolis nasyonal la t ap eseye debloke lari a, li te gen boukantay kout zam ak bandi ak zam nan Kwadèmisyon, sou wout nasyonal nimewo 1 an, toujou nan nò Pòtoprens. Gen bandi ak zam ki t ap fè mannèv pou atake baz Bim Klèsin nan, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Samdi 23 ak dimanch 24 mas 2024 la, gang ak zam yo te met dife nan anpil machin, nan depo machandiz ak plizyè biwo ak sèvis, tankou biwo eta sivil seksyon sid Pòtoprens lan. Zak laterè sa yo lage ankò de bra pandye plizyè mèt ti biznis, ki te konn degaje yo anba lavil Pòtoprens lan pou viv, dapre imaj ki gaye sou rezo sosyal yo.

Akoz laterè gang ak zam yo, gen plis pase 125 mil timoun ki espoze pou trape yon gwo nivo malnitrisyon, espesyalman nan depatman Latibonit ak depatman lwès la, kote nou jwenn zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se avétisman branch nan peyi d Ayiti Fon nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef.

Lopital jeneral la, ki anba lavil Pòtoprens lan, gen gwo difikilte pou rekoumanse bay popilasyon an laswenyáy kòmsadwa, depi atak gang ak zam yo jedi 29 fevriye 2024 la. Gen demach k ap fèt pou pèmèt lopital jeneral Pòtoprens lan ka relouvri nan jou k ap vini yo, paske lopital jeneral la pa ka ret fèmen. Se pwomès direktè lopital jeneral Pòtoprens lan, doktè Jude Milcé, sou AlterPresse ak AlterRadio.

Gen anpil anpil moun, ki rive vwayaje nan avyon soti nan aryopò entènasyonal Okap la pou ale nan peyi Etazini, lendi 25 mas 2024 la. Kidonk, vwayáy nan avyon yo rekoumanse lendi 25 mas 2024 la ant aryopò entènasyonal Okap ayisyen an ak Etazini. Vwayáy nan avyon rekoumanse tou ant aryopò Okáy, depatman Sid, ak aryopò Okap ayisyen an, depatman Nò, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gen plis pase 3 mil natif natal peyi Kanada, ki vle kite peyi d Ayiti, ki sou yon lis espesyal nan anbsad peyi Kanada nan peyi d Ayiti. Gouvènman peyi Kanada a deside òganize vwayáy espesyal pou natif natal peyi Kanada, ki nan peyi d Ayiti yo, deplase ale nan peyi Repiblik Dominiken, akoz laterè gang ak zam yo k ap angrave pi plis nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Depi dat madi 19 mas 2024 la, anbasad peyi Lafrans nan peyi d Ayiti fè konnen l ap drese lis tout natif natal peyi Lafrans ki ta swete, depi kondisyon yo reyini pou sa, kite teritwa Ayiti a, akoz jan pwoblèm sekirite yo ap angrave nan dènye jou sa yo. Anbasad Lafrans nan peyi d Ayiti mande tout natif natal peyi Lafrans yo pran anil prekosyon douvan jan sitiyasyon an ye nan peyi d Ayiti. Sanble se nan peyi Matinik gouvènman lafrans lan kapab, pou koumanse, fè natif natal Lafrans ki vle kite teritwa Ayiti a ale, dapre sa medya fransè rapòte.

Menm jan ak peyi Etazini, gouvènman peyi Kanada a deside deplòtonnen militè pou asire sekirite pèsonèl ak anbasad Kanada nan peyi d Ayiti. Moun sou Dèlma te wè elikoptè lame Kanada, ki t ap depoze militè kanadyen nan anbasad la, jedi 21 mas 2024 la. Epitou gen foto militè kanadyen, ki an pozisyon sou do anbasad Kanada a, ki parèt sou rezo sosyal yo.

Toujou gen anpil elikoptè, k ap monte desann lajounen kou lannuit, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan,. Se depi dimanch 10 mas 2024 la moun koumanse tande bri elikoptè tanzantan, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Pou pèmèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an mache kòmsadwa, li nesesè pou konseye yo dakò sou règ jwèt nan mitan yo, sou jan Konsèy prezidan an va mache kòmsadwa. Manke transparans nan sa k ap fèt yo, paske popilasyon an pa konnen konseye yo tout bon. Se pou sa li ta enpòtan pou konseye yo ta pwograme eleksyon nan mitan yo disi 3 jou konsa, depi yo fin antann yo sou sa k pral gide travay yo kòm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se remak Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non Biwo suivi akò Montana a (Bsa), ekri nan yon lèt li voye bay delege gwoup Montana a andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean.

Demach yo dwe fèt nan transparans. Yo dwe defini ki metòd ak sou ki baz travay yo pral fèt andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Dwe gen moun k ap la kòm obsèvatè, k ap suiv kouman sa ap mache. Menm si gen ijans, pèp ayisyen an merite jwenn desizyon konsekan, desizyon responsab. Konsa, règ jwèt la dwe klè sou travay tout konseye yo pral fè, ni travay sila k ap gen pou asire kòdinasyon Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Tout konseye yo dwe diskite ant yomenm sou règ jwèt la, anvan yo deside chwazi kiyès ki pral asire kòdinasyon travay yo. Se pozisyon delege pati politik Fanmi Lavalas la, ansyen minis edikasyon nasyonal Leslie Voltaire, nan yon lèt li ekri, voye bay rès delege Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Mwen pa t gen entansyon pou mete moun deyò andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Mwen te vle jwe yon wòl aktif nan benefis popilasyon an. Se sa ansyen delege òganizasyon sosyete sivil yo, René Jean Jumeau, ki te sipoze jwe wòl obsèvatè andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, deklare, detan l di li deside rale kò l kòm obsèvatè, nan yon lèt li voye bay rès delege Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Si pa gen yon kouvèti militè dyanm, tranzisyon an pa posib douvan laterè ak awogans gang ak zam yo. Mwen pa konprann poukisa gouvènman Joe Biden nan pa deside fè militè ameriken debake nan peyi d Ayiti. Se deklarasyon ansyen anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti, peryòd 2003 pou rive 2005, James Brendan Foley nan yon tèks li ekri nan jounal ameriken Washington Post. [ppsf emb rc apr 26/03/2024 15:22]