Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Jounalis Nerval Pierre Viliat, 26 lane, mouri sou kabann lopital, apre l te resevwa yon bal mawon jedi 21 mas 2024 la nan Dèlma 19

Pòtoprens, 25 mas 2024 [AlterPresse] ---

Dimanch 24 mas 2024 la, jounalis Nerval Pierre Viliat, 26 lane, ki te konn travay pou « Echonews Sports », mouri sou kabann lopital, kèk jou apre l te resevwa yon bal mawon nan vant li, jedi 21 mas 2024 la, nan zòn Dèlma 19.

Gang, gang ak zam, ganstè pa ta ka revolisyonè. Ganstè, se kriminèl yo ye. Se konsiderasyon sosyològ Iionor Louis, ki se pwofesè nan Inivesite leta d Ayiti a, nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Gen anpil anpil moun, ki rive vwayaje nan avyon soti nan aryopò entènasyonal Okap la pou ale nan peyi Etazini, lendi 25 mas 2024 la. Kidonk, vwayáy nan avyon yo rekoumanse lendi 25 mas 2024 la ant aryopò entènasyonal Okap ayisyen ak Etazini. Vwayáy nan avyon rekoumanse tou ant aryopò Okáy, depatman Sid, ak aryopò Okap ayisyen an, depatman Nò, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Natif natal Ayiti yo, ki gen rezidans nan peyi Etazini, gen difikilte pou ta pase nan peyi Repiblik Dominiken, pou antre sou teritwa ameriken an. Gouvènman Repiblik Dominiken an pa pèmèt sila ki gen paspò ayisyen yo antre sou teritwa dominiken an pou kounye a. Menm si natif natal Ayiti yo gen kat vèt ameriken an, yo pa ka pran elikoptè pou pase Repiblik Dominiken anvan yo ale nan peyi Etazini. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Depi dat madi 19 mas 2024 la, anbasad peyi Lafrans nan peyi d Ayiti fè konnen l ap drese lis tout natif natal peyi Lafrans ki ta swete, depi kondisyon yo reyini pou sa, kite teritwa Ayiti a, akoz jan pwoblèm sekirite yo ap angrave nan dènye jou sa yo. Anbasad Lafrans nan peyi d Ayiti mande tout atif natal peyi Lafrans yo pran anil prekosyon douvan jan sitiyasyon an ye nan peyi d Ayiti. Sanble se nan peyi Matinik gouvènman lafrans lan kapab voye, pou koumanse, natif natal Lafrans ki vle kite teritwa Ayiti a, dapre sa medya fransè rapòte.

Menm jan ak peyi Etazini, gouvènman peyi Kanada a deside deplòtonnen militè pou asire sekirite pèsonèl ak anbasad Kanada nan peyi d Ayiti. Moun sou Dèlma te wè elikoptè lame Kanada, ki t ap depoze militè kanadyen nan anbasad la, jedi 21 mas 2024 la. Epitou gen foto militè kanadyen, ki an pozisyon sou do anbasad Kanada a, ki parèt sou rezo sosyal yo.

Toujou gen anpil elikoptè k ap vire, lannuit kou lajounen, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se depi dimanch 10 mas 2024 la moun koumanse tande bri elikoptè tanzantan, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan.

Gen vanse k ap fèt nan mete estrikiti, ki ta dwe pèmèt Konsèy prezidan pou tranzisyon an mache kòmsadwa nan peyi a. Yo pa ka enstale Konsèy prezidan an, san yo pa klè sou ki sa l pral fè ak nan ki kondisyon li pral mache. Se sa pòtvwa pati politik Òganizasyon pèp k ap lite (Opl) fè AlterPresse ak AlterRadio konnen.

Douvan dezas peyi dAyiti ladan an, mwen swete tout moun, ki pral andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, ta dakò pou yo pa resevwa okenn salè. Yo pa dwe gen okenn konpòtman gran panpan. Mete travay pou soulaje soufrans popilasyon an ta dwe priyorite Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Se konsiderasyon kòdonatè nasyonal pati politik Inyon nasyonal pou entegrite ak rekonsilyasyon an (Unir), Jean Clarens Renois, nan yon mesay li ekri sou kont X li.

Lè a rive pou n koupe fache ak prejije kont fanm. Lè a rive pou n koupe fache ak vyolans nan relasyon politik. Sosyete a dwe rete veyatif sou tout mannèv politik, ki chita sou lapèrèz ak laterè. Kaponnáy, menas lanmò, lage vèni sou moun, lage vèni sou fanm, pa gen plas nan batay n ap mennen kont tout kalte vyolans nan peyi d Ayiti a. Politik dwe fèt yon lòt jan nan peyi a, sou baz prensip ak moralite, nan respekte moun, nan bay travay chak moun valè nesesè yo, pou pèmèt peyi d Ayiti vanse kòmsadwa. Se dizon Biwo suivi akò 30 dawout 2021 an, yo plis konnen sou non akò Montana a (Bsa), ki leve lavwa kont presyon ak menas Dominique Dupuy te sibi, pou anpeche l antre andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Pou ranplase anbasadris Dominique Dupuy, gwoup Rezistans demokratik/Angaje pou devlopman (Red/Ede) chwazi kounye a ansyen anbsadè peyi d Ayiti nan Repiblik Dominiken, Smith Augustin, pou vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an nan peyi d Ayiti. Ant lane 2009 pou rive 2014, Smith Augustin te jwe wòl ofisye dwa moun andedan Òganizasyon Nasyon zini yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Akoz menas ak atak politik li t ap sibi, ki te mete lavi l an danje, Dominique Dupuy deside li p ap ka vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an. Dominique Dupuy fè konn sa nan yon mesay videyo, li bay dimanch 24 mas 2024 la, kote l di li gen lespwa peyi d Ayiti va soti nan fè nwa pwès li tonbe ladan an depi plizyè lane
14. Tout semenn pase a, se pa de kadav moun, pami yo sila yo te met dife sou yo, ki te blayi nan Pòtoprens, Dèlma ak Petyonvil. Pa gen okenn enfòmasyon ki disponib sou sa k lakoz moun sa yo mouri nan lari yo.

Rès gouvènman defakto ki la a parèt gen gwo difikilte pou rive gen kontwòl sou sitiyasyon an nan lari zòn metwopoliten Pòtoprens lan, malgre yo anonse kouvre fe depi dimanch 3 mas 2024 la nan depatman Lwès la. Yo fè konnen yo kenbe dispozisyon kouvre fe a, ant 7 è diswa pou rive 6zè di maten, jis rive madi 26 mas 2024 la, sou teritwa depatman Lwès la. Yo mande lapolis nasyonal la sèvi ak tout mwayen lalwa pou fè respekte kouvrefe a, detan yo va arete tout sila ki pa ta respekte l. San l pa bay presizyon sou sa l vle di, gouvènaman defakto a di li deklare sa l rele « yon eta ijans » sou tout teritwa depatman Lwès la, kote n genyen zòn metwopoliten Pòtoprens lan, jis rive nan dat mèkredi 3 avril 2024 la. Objektif « eta ijans lan », se rive reprann kontwòl sitiyasyon an nan depaatman Lwès la, dapre gouvènman defakto a. [ppsf emb rc apr 25/03/2024 15:21]