Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Èske lapolis nasyonal la ap chanje konpòtman, apre Ariel Henry, ki bay demisyon l, pa dirije Konsey siperyè lapolis nasyonal la ankò ?

Pòtoprens, 24 mas 2024 [AlterPresse] --- Èske lapolis nasyonal la ap chanje konpòtman, apre Ariel Henry, ki bay demisyon l, pa dirije Konsey siperyè lapolis nasyonal la ankò ? Koute yon refleksyon/editoryal AlterPresse ak AlterRadio sou sitiyasyon an.

Vandredi 22 ak samdi 23 mas 2024 la, gang ak zam yo te pete anpil kout bal nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Depi avanjou pou rive finisman apremdi samdi 23 mas 2024 la, kout bal t ap pete san rete nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Moun pantan ankò sou plizyè kadav moun divès kote. Gang ak zam yo met dife nan anpil machin ak pou pi piti yon kay, nan moman atak yo t al fè sou baz Brigad operasyon ak entèvansyon nan depatman an (Boid) nan Fò nasyonal. Ajan Boid yo te fè fas kare ak gang ak zam sa yo.

Tout semenn pase a, se pa de kadav moun, pami yo sila yo te met dife sou yo, ki te blayi nan Pòtoprens, Dèlma ak Petyonvil. Pa gen okenn enfòmasyon ki disponib sou sa k lakoz moun sa yo mouri nan lari yo.

Rès gouvènman defakto ki la a parèt gen gwo difikilte pou rive gen kontwòl sou sitiyasyon an nan lari zòn metwopoliten Pòtoprens lan, malgre yo anonse kouvre fe depi dimanch 3 mas 2024 la nan depatman Lwès la. Yo fè konnen yo kenbe dispozisyon kouvre fe a, ant 7 è diswa pou rive 6zè di maten, jis rive madi 26 mas 2024 la, sou teritwa depatman Lwès la. Yo mande lapolis nasyonal la sèvi ak tout mwayen lalwa pou fè respekte kouvrefe a, detan yo va arete tout sila kip a ta respekte l. San l pa bay presizyon sou sa l vle di, gouvènaman defakto a di li deklare sa l rele « yon eta ijans » sou tout teritwa depatman Lwès la, kote n genyen zòn metwopoliten Pòtoprens lan, jis rive nan dat mèkredi 3 avril 2024 la. Objektif « eta ijans lan », se rive reprann kontwòl sitiyasyon an nan depaatman Lwès la, dapre gouvènman defakto a

Dwe gen bon jan aksyon ki fèt san pèdi tan, anvan mwa jen 2024 la, pou evite sitiyasyon grangou an angrave sou teritwa nasyonal la, tankou madoulè moun ap sibi nan katye popilè zòn metwopoliten Pòtoprens lan, nan Ba latibonit ak seksyon koinal depatman Grandans yo. Se kout rèl Kòdinasyonal nasyonal sekirite lamanjáy la (Cnsa).

Jisteman, gen apeprè 5 milyon moun k ap fè fas kare ak yon sitiyasyon grangou rèd mare, akoz pwoblèm sekirite a k ap angrave nan peyi d Ayiti. Depi koumansman lane 2024 la, gen plizyè milye moun ki sètoblije deplase kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, pou chape anba laterè gang ak zam yo, ki gen kontwòl sou yon bon pati zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Atak gang ak zam yo mete peyi a nan plis traka. Se yon ranmase Pwogram lamanjáy mondyal (Pam) nan dat 22 mas 2024.

Nan mwens pase 2 semenn, ant vandredi 8 pou rive mèkredi 20 mas 2024 la, gen plis pase 33 mil moun ki kite lakay yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al chèche refij nan vil pwovens yo, akoz zak laterè ak vyolans gang ak zam yo k ap ogmante san gade dèyè. Plis pase 60 pousan fanmi deplase sa yo te rive pran machn transpò piblik pou ale nan depatman Sidès, Sid, Grandans ak Nip (Nan dènye mwa yo, 4 depatman sa yo te deja resevwa plis pase 116 mil moun deplase, ki te sètoblije kite zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou chape anba laterè gang ak zam yo.`Non sèlman pwovens yo pa gen estrikti nesesè yo, men tou kominote pwovens sa yo pa gen ase resous pou akeyi tout mas kantite moun deplase sa yo) Se yon ranmase, nan dat 21 mas 2024 la, Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) ki te ranmase enfòmasyon sa yo nan 15 estasyon machin transpò piblik yo.

Natif natal Ayiti yo, ki gen rezidans nan peyi Etazini, gen difikilte pou ta pase nan peyi Repiblik Dominiken, pou antre sou teritwa ameriken an. Gouvènman Repiblik Dominiken an pa pèmèt sila ki gen paspò ayisyen yo antre sou teritwa dominiken an pou kounye a. Menm si natif natal Ayiti yo gen kat vèt ameriken an, yo pa ka pran elikoptè pou pase Repiblik Dominiken anvan yo ale nan peyi Etazini. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Mouvman demokratik popilè (Modep) deklare li p ap apiye okenn solisyon machòkèt, k ap chèche pwoteje krinimèl. Modep di li toujou rete kanpe dèyè lespri tranzisyon koupe fache a ak yon pouvwa k ap gen plizyè misyon. Mete kanpe yon konsèy nasyonal sekirite pou travay sou pwoblèm sekirite a. Chèche koperasyon entènasyonal (pa lokipasyon), pandan n ap ranfòse lapolis la ak bon grenn ki genyen ladan l pou rezoud pwoblèm sekirite a. Fè odit sou jesyon pouvwa Phtk yo, depi lane 2011 jouk rive nan dènye gouvènman kowonpi Ariel Henry an. Se kèk pami misyon, nouvou gouvènman tranzisyon an ta dwe anchaje, dapre Modep.

Nou dwe aji san pèdi tan pou met bout nan vyolans gang ak zam yo epi anpeche laterè sa a gaye nan tout teritwa peyi d Ayiti a. Sitiyasyon an konplike anpil nan zòn metwopoliten Pòtoprens la, kote gang ak zam ap simen laterè san gade dèyè. Grangou ak lamizè ap pete fyèl popilasyon an rèd mare. Se kout rèl kòdonatris zafè imanitè Nasyon zini yo nan peyi d Ayiti, natif natal peyi Laswèd Ulrika Richardson, nan yon kozman ak laprès sou videyokonferans jedi 21 mas 2024 la.

Kapital peyi d Ayiti a ap fè fas ak yon kriz imanitè ak yon kriz lasante san parèy. Gen difikilte pou jwenn san pou bay malad ki nan bezwen yo. Gen difikilte pou jwenn materyèl anestezi ak lòt medikaman ki pi enpòtan yo, pou báy malad yo laswenyáy nesesè yo. Aryopò entènasyonal la ak ti aryopò Pòtoprens lan fèmen depi koumansman mwa mas 2024 la. Gen difikilte pou pase sou lanmè, pou al pote èd nesesè yo bay tout sila ki nan bezwen yo. Kriz lan ap angrave, li ka vin pi rèd toujou nan semenn k ap vini yo. Dwe gen dispozisyon ki pran ak aksyon ki fèt rapid rapid, pou evite sa vin pi mal toujou. Se konsiderasyon Òganizasyon mondyal lasante a (Oms).

Si lapolis parèt ap souke kò l, gang ak zam yo toujou ap pilonnen katye yo. Èske gang yo ka fè revolisyon vre ? Sosyològ Ilionor Louis denonse mannèv bandi ak zam yo, k ap prezante tèt yo kòm revolisyonè. Zak gang ak zam yo ap fè yo, se zak kriminèl, se zak vòlò. Se konsiderasyon sosyològ Iionor Louis, ki se pwofesè nan Inivesite leta d Ayiti a, nan emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.

Jis rive dimanch 24 mas 2024 la, anyeen poko klè sou demach pou mete kanpe Konsèy prezidan 7 manm yo ak 2 obsèvatè yo. Peeyi d Ayiti toujou parèt tankou yon bato ki san gouvènáy, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 24/03/2024 14:24]