Pòtoprens, 22 mas 2024 [AlterPresse] --- Jedi apremidi 21 mas 2024 la, gen yon jèn basketè ki rele John Exdès Germain, 28 lane, ki mouri lopital, apre l te resevwa yon bal mawon nan tèt detan l te lakay li, nan zòn Pòs Machan, Pòtoprens. Nan moman an, te gen gang ak zam ki t ap pete anpil kout bal sou Channmas la, pa twò lwen Pòs Machan
Jedi 21 mas 2024 la, ansyen ofisye polis Ernst Julmé, moun plis konnen sou non « Ti Grèg », ki te vin chèf gang Dèlma 95, mouri nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la nan zòn Dèlma 66. Ernst Julmé te sove kite gran prizon Pòtoprens, samdi 2 mas 2024 la, nan moman apeprè 4 mil prizonye te rive chape kite Penitansye nasyonal, apre atak gang ak zam yo.
Moun Dèlma ak Petyonvil kontinye pantan, semenn sa a, sou plizyè kadav moun, ki koumanse boule. Pèsonn pa rive konnen nan ki sikonstans moun sa yo mouri nan lari a
Semenn sa a, te kontinye gen gwo kouri anba Dèlma, lè bandi ak zam t ap fè mannèv pou atake baz Cimo a. Polisye nasyonal yo te fè fas kare ak gang ak zam yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Mèkredi maten 20 mas 2024 la, moun Laskawobas, depatman Plato santral, pase alenfinitif yon jenn gason ki rele Fendy Vilesse, ki ta asosye gang ak zam 400 Mawozo yo. Sa rive nan moman lapolis nasyonal la te sou wout pou mennen nan vil Mibalè Fendy Vilesse, li te arete, dapre sa lapolis nasyonal la fè konnen.
Jedi 21 mas 2024 la, sou 4 jou, gang ak zam lage Lucien Jura, ansyen pòtvwa Michel Martelly ak Jovenel Moïse, yo te kidnape lakay li Vivy Mitchell lendi 18 mas 2024 la.
Pa gen okenn enfòmasyon ki disponib sou devni 2 lòt moun, gang ak zam te kidnape tou nan Vivy Mitchell, lendi 18 mas 2024 la.
Lannuit madi 19 mas 2024 la, lapolis nasyonal la arete nan lokalite Bodwen, Jakmèl, depatman Sidès, 4 moun, li sispèk ki ta gen men yo tranpe nan zak kriminèl. Pami moun lapolis Jakmèl arete yo, gen Mackenson Joseph, ki te sove kite gran prizon Pòtoprens, samdi 2 mas 2024 la. Mackenson Joseph te nan prizon Penitansye nasyonal pou zak kidnaping ak asosyasyon malfektè. Se sa lapolis nasyonal Jakmèl fè konnen, nan yon kozman ak laprès vandredi 22 mas 2024 la.
Nan mwens pase 2 semenn, ant vandredi 8 pou rive mèkredi 20 mas 2024 la, gen plis pase 33 mil moun ki kite lakay yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, pou al chèche refij nan vil pwovens yo, akoz zak laterè ak vyolans gang ak zam yo k ap ogmante san gade dèyè. Plis pase 60 pousan fanmi deplase sa yo te rive pran machn transpò piblik pou ale nan depatman Sidès, Sid, Grandans ak Nip. Se yon ranmase, nan dat 21 mas 2024 la, Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim) ki te pran enfòmasyon sa yo nan 15 estasyon machin transpò piblik yo.
Menm jan ak peyi Etazini, gouvènman peyi Kanada a deside deplòtonnen militè pou asire sekirite pèsonèl ak anbasad Kanada nan peyi d Ayiti. Moun sou Dèlma te wè elikoptè lame Kanada, ki t ap depoze militè kanadyen nan anbasad la, jedi 21 mas 2024 la. Epitou gen foto militè kanadyen, ki an pozisyon sou do anbasad Kanada a, ki parèt sou rezo sosyal yo.
Toujou gen anpil elikoptè k ap vire, lannuit kou lajounen, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Se depi dimanch 10 mas 2024 la moun koumanse tande bri elikoptè tanzantan, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Òganizasyon Nasyon zini mande pwoteksyon pou moun k ap defann dwa moun yo, pou jounalis yo ak ak tout moun k ap feraye andedan òganizasyon sosyete sivil nan peyi d Ayiti. Detan l bat bravo pou dirijan politik ki chwazi delge yo pou vin andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, sekretè jeneral Nasyon zini yo, Pòtigè Antonio Guterres, swete fòs miltinasyonal la ta kapab deplòtonnen pi vit posib, pou garanti sekirite ak pwogrè politik nan peyi d Ayiti. Se sa pòtvwa Antonio Guterres la di nan yon kozman ak laprès jedi 21 mas 2024 la. [ppsf emb rc apr 22/03/2024 14:38]