Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Moun Petyonvil pantan ankò sou sou 7 kadav nan plizyè katye...

Pòtoprens, 20 mas 2024 [AlterPresse] --- Mèkredi maten 20 mas 2024 la, moun Petyonvil pantan ankò sou 7 kadav nan plizyè katye. Nan zòn mache Telele, sou wout Frè a, yo te dekouvri 2 kadav, machin te pase sou youn nan 2 kadav sa yo. Lendi maten 18 mas 2024 la, se te plis pase yon dizèn kò moun mouri anba bal, moun te wè nan lari Petyonvil

Pa gen okenn enfòmasyon sou sikonstans ak ki sa k lakoz tout moun sa yo mouri nan Petyonvil, semenn sa a. Men, gen anpil moun ak zam lou, k ap mache san kè sote nan plizyè katye anwo Dèlma.

Gen yon gwo silans dwòl nan lari a, ki sispèk sispèk, Tout moun anboulatya nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, avèk laterè gang ak zam yo.

Lannuit madi 19 pou antre mèkredi 20 mas 2024 la, gang ak zam pete anpil kout bal nan katye Jivena, Pèlren, Pegivil, Meyòt, Doko, Kòlèt, Metivye, Bristou, Dèlma 95, Pènye, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Tansyon an ak kè sote a ogmante pi rèd nan divès katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anpil anpil moun pa ka mennen okenn aktivite. Lekòl, tout kalte komès ak sèvis, labank, elatriye pa ka fonsyone kòmsadwa depi jedi 29 fevriye 2024 la. Sa fè 21 jou depi gang ak zam mete zòn metwopoliten Pòtoprens lan anba yon sitiyasyon laterè ak vyolans san parèy. Li parèt klè pa gen okenn otorite k ap mennen bak peyi a, Lapolis nasyonal la parèt pa ka fè fas kare ak degenn gang ak zam yo, ki kontinye ap simaye laterè plizyè kote.

Pòtoprens tounen yon kapital kote se san k ap koule tout lajounen. Lavi moun ak byen pa gen okenn enpòtans pou gang ak zam yo, k ap asasinen, fè kadejak sou fanm ak ti fi, detan y ap kraze eskanp figi enstitisyon leta yo. Peyi d Ayiti lage poukont li anba sitiyasyon malouk sa a. Se kout rèl anbasadris delege pèmanan peyi d Ayiti douvan Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco). Dominique Dupuy te di endiyasyon l nan yon diskou li te fè lendi 18 mas 2024 la, nan okazyon 219vyèm reyinyon konsèy ekzekitif Unesco a.

Òganizasyon Amnesty International mande kominote entènasyonal la rapousuiv douvan lajistis tout sila, yo sispèk k ap fè krim ak maspinen dwa moun yo nan peyi d Ayiti.

Kominote entènasyonal la dwe manyen kriz peyi d Ayiti a ak lide respè dwa moun yo, ki pa chita sou okenn prejije. Kominote entènasyonal la dwe konsidere tout kalte krim ak zak maspináy dwa moun, kriminèl yo ap fè nan peyi d Ayiti a. Yo ta dwe pote èd imanitè rapid bay popilasyon an, ki nan gwo madoulè. Se dizon òganizasyon Amnesty International.

Nan moman kote sekirite ak lavi moun pa garanti sou teritwa Ayiti a, tout peyi nan rejyon Amerik yo, espesyalman Etazini ak Repiblik Dominiken, ta dwe sispann pimpe migran natif natal Ayiti yo retounen pa bò isit. Peyi sa yo ta dwe pito met kanpe yon pwogram, ki pa chita sou ras migran yo nan fwontyè yo, pou pèmèt fanm ak gason migran yo jwenn bon jan kondisyon lazil. Se rekòmandasyon òganizasyon Amnesty International.

Madi apremidi 19 mas 2024 la, otorite Zil Tik yo, ki pa twò lwen vil Okap nan Nò peyi d Ayiti, kenbe nan mitan lanmè 95 migran natif natal Ayiti, pami yo 13 fanm, ki t ap eseye antre san papye sou teritwa zil Tik yo. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Apati lendi 25 mas 2024 k ap vini a, konpayi avyon Sunrise Airways fè konnen l ap rekoumanse fè vwayáy ale vini ant Okap ayisyen ak Miyami.

Ak mwayen ki pa komès, anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti fè kòdinasyon vwayáy espesyal pou pèmèt natif natal ameriken yo kite teritwa Ayiti a. Se sèl natif natal Etazini ki gen dokiman konsekan yo, y ap pèmèt anbake nan avyon espesyal sa yo. Natif natal ameeriken yo dwe ranpli yon papye ki rele “Anchaje moun nan moman kriz yo”, pou fè anbasad peyi Etazini konnen ki bezwen asistans yo genyen. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti fè konnen nan yon nòt mèkredi 20 mas 2024 la.

Nou p ap tolere okenn solisyon pwazon nan kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a. Nou vle yon tranzisyon koupe fache. Se pinga 8 òganizasyon feminis nan peyi d Ayiti sou sitiyasyon, ki blayi jodi a sou teritwa nasyonal la.

Kominote peyi Karayib yo (Caricom) voye bay premye minis defakto a, Ariel Henry, non 8 moun ki ta sipoze vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon nan peyi d Ayiti a, dapre jounal ameriken Miami Herald. Lendi 11 mas 2024 la, Ariel Henry te di l ap rale kò l nan direksyon politik peyi d Ayiti a apre enstalayon Konsèy prezidan pou tranzisyon an.

Se Pierre Jean Raymond André ki pral reprezante dyaspora a ak René Jean-Jumeau, reprezantan òganizasyon sosyete sivil yo, ki pral jwe wòl obsèvatè andedan Konssèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Se sèl pati politik Pitit Desalin ki di li p ap voye okenn delege andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon nan peyi d Ayiti a. Gwoup Rezisatns demokratik/Angaje pou devopman (Red/Ede) chwazi ansyen minis kondisyon fanm ak afè sosyal Marie Ghislaine Mompremier. Pati politik Fanmi Lavalas chwazi ansyen minis edikasyon Leslie Voltaire. Gwoup pati politik, ki te siyen deklarasyon 30 janvye 2023 a, chwazi ansyen senatè Edgard Leblanc. Mouvman Montana a, ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, chwazi ansyen gouvènè Bank santral la Fritz Alphonse Jean. Alyansáy Ariel Henry andedan akò 21 desanm 2022 a chwazi kounye a ansyen senatè Louis Gérald Gilles. Sektè gwo biznis yo chwazi Laurent Saint-Cyr, yo te deja voye andedan Wo konsèy tranzisyon Ariel Henry an, pou vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 20/03/2024 15:16]