Pòtoprens, 19 mas 2024 [AlterPresse] --- Lendi apremidi 18 mas 2024, gang ak zam al kidnape lakay li nan Vivy Mitchell Lucien Jura, yon ansyen jounalis ki te te pòtpawòl prezidan Joseph Michel Martelly ak Jovenel Moïse. Gang ak zam yo déjà pran kontak ak fanmi Lucien Jura, dapre sa avoka Peguy Jean, ki se yon ansyen jounalis tou, ekri nan yon tweet.
Se 3 moun, pami yo Lucien Jura, ansyen pòtpawòl laprezidans Phtk yo, gang ak zam kidnape lendi 18 mas 2024 la, nan atak yo fé kont katye Vivy Mitchell ak Bèlvil, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio
Gen anpil anpil fanmi ki sètoblije kite lakay yo, akoz atak gang ak zam Vitelhomme Innocent yo ap fè, depi plizyè jou, nan katye Bèlvil ak Vivy Mitchell. Gang ak zam Kraze Baryè Vitelhomme Innocent yo dechèpiye ak boule plizyè kay ak machin, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Lendi maten 18 mas 2024 la, moun Petyonvil pantan sou kadav anpil anpil moun, ki mouri anba bal bal lannuit lan, nan ri panamerikèn. Poko gen okenn enfòmasyon sou sikonstans lanmò anba bal moun sa yo. Depi anvan jou lendi 18 mas 2024 la, gang ak zam, ki te bouche figi yo epi ki te gen manch long nan men yo, atake katye Boutilye, Laboul ak Tomasen. Yo dechèpiye plizyè kay, detan yo t ap pete bal san gade dèyè. Moun nan tout katye sa yo te sètoblije eseye mete kò yo kote pou yo pa resevwa bal mawon, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Plizyè manm gang ak zam, ki te atake lendi apremdi 18 mas 2024 la lokal Bank santral, bank tout bank yo anba lavil Pòtoprens, mouri nan boukantáy kout zam ak ajan sekirite bank santral avèk lapolis plis militè. Polisye ak militè yo rive sezi plizyè zam manch long, ki te nan men bandi yo, dapre enfòmasyon disponib yo.
Sekirite operasyon nou yo ak pwoteksyon anplwaye nou yo, se pi gwo priyorite nou genyen. Se deklarasyon Bank santral, ki di li wete chapo l douvan ajan sekirite l yo ak lapolis plis militè, ki te montre yo veyatif anpil nan fason yo te fè fas kare kont atak gang ak zam yo sou bank tout bank yo nan Pòtoprens.
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo atake ak piye plizyè biwo leta, fakilte Inivèsite leta d Ayiti, pòs polis, Akademi ak lekòl polis la, aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ti aryopò Pòtoprens lan, waf entènasyonal Pòtoprens lan, konsila peyi Gwatemala nan peyi d Ayiti, anpil anpil biznis prive ak depo lamanjáy.
Gouvènman peyi Etazini a ta dwe pwolonje pou pi lontan pwogram estati espesyal, ki rele Tps la, pou fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo ki sou teritwa ameriken an. Jiskaske sitiyasyon an va amelyore nan peyi d Ayiti, gouvènman peyi Etazini a ta dwe pa pimpe vini nan peyi d Ayiti okenn migran natif natal Ayiti, li ta jwenn san papye sou teritwa ameriken an. Se sa plis pase 20 senatè ak depite mande gouvènman Joe Biden nan.
Anplis 33 milyon dola ameriken sekretè leta Anthony Blinken te anonse nan reyinyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom), lendi 11 mas 2024 la, ajans ameriken pou devlopman entènasyonal (Usaid) prevwa báy 25 milyon dola ameriken. Se yon fason pou ta pote kole bay plis pase 5 milyon 500 mil moun ki bezwen èd imanitè nan peyi d Ayiti, akoz laterè gang ak zam yo ki angrave sitisyasyon an. Se sa anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti fè konnen.
Gouvènman tranzisyon k ap vin a dwe gen kapasite ak libète pou negosye nan ki kondisyon li ka jwenn yon sipò teknik ak lojistik pou pèmèt lapolis nasyonal la fè fas kare ak ak gang ak zam yo. Se dizon pati politik Rasanbleman sosyalis pou yon inisyativ nasyonal tou nèf (Rasin kan pèp la) sou AlterPresse ak AlterRadio
Nou dwe kanpe kont diskou yon seri moun, k ap fè pwomosyon enpinite anfavè sila k ap simen laterè depi plizyè lane sou teritwa Ayiti a, sou pretès swadizan tèt ansanm nasyonal, pou yo ta bliye vyolans gang ak zam yo. Nou dwe goumen pou peyi d Ayiti reprann dwa granmoun ni, nan evite tout pyèj fo diskou nasyonalis, k ap eseye pran woulib sou batay sa a. Mòd fo diskou sa yo vle mete tout fòs pwogresis yo deyò tout demach, pou tabli yon tranzisyon politik nan peyi d Ayiti sou baz kritè Kominote peyi Karayib yo (Caricom) ki ta vle pou manm Konsèy prezidan pou tranzisyon ta dwe dakò ak rezolisyon 2 oktòb 2023 Nasyon zini yo, pou yon fòs militè ta vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se konsiderasyon sou AlterPresse ak AlterRadio pati politik Rasanbleman sosyalis pou yon inisyativ nasyonal tou nèf (Rasin kan pèp la), ki denonse kritè Caricom, peyi Etazini ak lòt aktè kominote entènasyonal la vle enpoze pwochen dirijan gouvènman tranzisyon nan peyi d Ayiti a.
Se sèl pati politik Pitit Desalin ki di li p ap voye okenn delege andedan Konsèey prezidan pou tranzisyon nan peyi d Ayiti a. gwoup Rezisatns demokratik/Angaje pou devopman (Red/Ede) chwazi ansyen minis kondisyon fanm ak afè sosyal Marie Ghislaine Mompremier. Pati politik Fanmi Lavalas chwazi ansyen minis edikasyon Leslie Voltaire. Gwoup pati politik, ki te siyen deklarasyon 30 janvye 2023 a, chwazi ansyen senatè Edgard Leblanc. Mouvman Montana a, ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, chwazi ansyen gouvènè Bank santral la Fritz Alphonse Jean. Alyansáy Ariel Henry andedan akò 21 desanm 2022 a chwazi kounye a ansyen senatè Louis Gérald Gilles. Sektè gwo biznis yo chwazi Laurent Saint-Cyr, yo te deja voye andedan Wo konsèy tranzisyon Ariel Henry an, pou vin manm Konsèy prezidan pou tranzisyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 19/03/2024 15:03]