Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Moun Petyonvil pantan, lendi maten 18 mas 2024 la, sou kadav anpil anpil moun, ki mouri anba bal lannuit lan

Pòtoprens, 18 mas 2024 [AlterPresse] --- Lendi maten 18 mas 2024 la, moun Petyonvil pantan sou kadav anpil anpil moun, ki mouri anba bal lannuit lan, nan ri panamerikèn. Poko gen okenn enfòmasyon sou sikonstans lanmò anba bal moun sa yo.

Depi anvan jou lendi 18 mas 2024 la, gang ak zam, ki te bouche figi yo epi ki te gen manch long nan men yo, atake katye Boutilye, Laboul ak Tomasen. Yo dechèpiye plizyè kay, detan yo t ap pete bal san gade dèyè. Moun nan tout katye sa yo te sètoblije eseye mete kò yo kote pou yo pa resevwa bal mawon, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Konpayi leta Elektrisite d Ayiti, ki gen gwo difikilte depi plizyè lane pou rive distribye kouran divès kote kòmsadwa, p ap kapab, pi plis jodi a, bay kouran nòmalman nan jou sa yo. Gang ak zam yo dechèpiye plizyè estasyon Elektrisite d Ayiti. Yo vòlò ennvètè, batri, kab elektrik, anpil anpil materyèl enfòmatik nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou nan KwaBosal, Plas Jeremi, avni Magloire Ambroise, avni monseyè Guilloux, wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, Vilaj Solidarite, Boulva 15 oktòb, Site Solèy, Kwadèboukè, Tomazo, elatriye. Otorite yo dwe degaje yo garanti sekirite tout biwo ak enstalasyon Elektrisite d Ayiti yo. Se kout rèl konpayi leta Elektrisite d Ayiti, nan yon nòt pwotestasyon, lendi 18 mas 2024 la, apre dechèpiyáy gang ak zam yo nan divès estasyon Elektrisite d Ayiti yo.

Anpil anpil vwa ap mande jis ki bò zak laterè ak dechèpiyáy gang ak zam yo ap rive ? Èske se pa nan kondisyon tyouboum pi plis rèd mare y ap mete peyi d Ayiti, kote gouvènman defakto a bat ba, kote lapolis montre l pa gen kapasite pou fè fas kare ak gang ak zam yo, pou fè fòs militè etranje vin debake sou teritwa Ayiti a ?

Depi lane 2024 la koumanse, se anpil anpil moun ki kontinye ap kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè gang ak zam yo. Ant mwa janvye pou rive mitan mwa mas 2024 la, se plis pase 160 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo, douvan zak vyolans gang ak zam yo. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Nan mwens pase yon semenn, gen plis pase 17 mil moun gang ak zam fose kite lakay yo nan zòn metwopoliten Potoprens lan, pou al cheche refij lakay fanmi, zanmi ak lòt moun nan vil pwovens yo. Se anba gwo difikilte milye moun sa yo rive deplase, travèse wout nasyonal yo ki anba kontwòl gang ak zam yo, dapre Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Dimanch 17 mas 2024 la, gen plis pase 40 natif natal peyi Etazini, ki rive pati retounen sou teritwa ameriken an, apre yo kite zòn metwopoliten Pòtoprens lan, ki anba plis laterè gang ak zam yo, sitou depi jedi 29 fevriye 2024 la. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Se Depatman leta peyi Etazini ki òganize vwayáy nan avyon pou natif natal ameriken, ki vle kite peyi d Ayiti. Dimanch 17 mas 2024 la, yo te pèmèt natif natal ameriken kite peyi d Ayiti apati aryopò entènasyonal Okap ayisyen, depatman Nò, dapre jounal ameriken Miami Herald.

Se depi byen bonè dimanch 10 mas 2024 la, moun ka tande anpil elikoptè k ap fè laviwonndede, ni lajounen, ni lannuit yo, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anplis elikoptè lame peyi Etazini, gen elikoptè biznis ki soti Repiblik Dominiken, ki vin pran moun nan peyi d Ayiti pou plizyè milye dola ameriken, dapre enfòmasyon ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Jisteman, anpil elikoptè, moun tande k ap fè laviwonndede anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan, se konpayi biznis Repiblik Dominiken k ap bwote moun kite Ayiti, pou al chèche refij sou teitwa vwazen Ayiti a. Chak pasaje dwe peye ant 10 pou rive 15 mil dola ameriken pou vwayáy nan elikoptè biznis sa yo, dapre jounal ameriken Miami Herald.

Detan yo di yo pa t bay pyès moun okenn manda, ni yo p ap voye okenn reprezantan andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, monseyè katolik women nan peyi d Ayiti yo swete gen yon gouvènman tèt ansanm tout moun ladan, ki pran mayèt politik la nan peyi d Ayiti. Se yon fason pou kenbe distans moral, ki ka pèmèt nou ranpli misyon nou kòm moun legliz. Gouvènman k ap vini a dwe fèt nan enterè tout pèp ayisyen an, ki vle viv nan lapè ak bon jan kondisyon lavi. Se konsiderasyon monseyè katolik women peyi d Ayiti yo, nan yon mesáy yo rann piblik lendi 18 mas 2024 la.

Met kanpe yon Konsèy prezidan ki ka ride fè yon bon tranzisyon, se yon nouvo esperyans nan konstriksyon demokrasi a nan peyi d Ayiti. Esperyans sa a ta dwe pèmèt plizyè dirijan politik aprann jwenn tèt ansanm sou divès chire pit yo ta genyen. Se tou yon esperyans ki va anpeche tout pouvwa a rete gonfle anba ponyèt yon sèl grenn moun, ki pa toujou kapab pote solisyon nan pwoblèm yo. Se konsiderasyon diplomat ayisyen Pierre Richard Cajuste sou AlterPresse ak AlterRadio.

Sou lobedyans reprezantan gouvènman peyi Etazini ak Ekwatè, Konsèy sekirite Òganizasyon Nasyon zini yo òganize yon reyinyon pòt fèmen sou sitiyasyon peyi d Ayiti a, espesyalman sou dosye yon konsèy prezidan ki ta dwe vin pran mayèt politik la nan peyi d Ayiti. Te gen reprezantan Kominote peyi Karayib yo (Caricom) ki te patisipe nan diskisyon yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. [ppsf emb rc apr 18/03/2024 14:15]