Pòtoprens, 17 mas 2024 [AlterPresse] --- Depi vandredi 15 mas 2024 la, lapolis nasyonal la tanmen yon operasyon anba Dèlma kont gang ak zam Jimmy Chérizier, ki bay tèt li non « Barbecue ». Gen plizyè manm gang ki tonbe nan boukantay kout zam ak lapolis la, ki pa di ki kantite bandi ki mouri.
Lapolis nasyonal la di li rive sezi plizyè zam manch long, nan operasyon li tanmèn anba Dèlma a. Lapolis la fè konnen li rive debloke wout ki menenn nan katye anba Dèlma yo, ki te sou kontwòl Jimmy Cherizier, ki bay tèt li non « Barbecue » an.
Men, samdi 16 mas 2024 la, malgre operasyon lapolis yo, gang ak zam rive dechèpiye, yon lòt fwa ankò, espas Caribbean Port Services, ki anchaje operasyon depo ak dedwane machandiz sou waf Pòtoprens lan. Plizyè òganizasyon imanitè pèdi anpil materyèl, ki te andedan plizyè konntenè sou waf Pòtoprens lan. Pami òganizasyon sa yo, gen branch Fon Nasyon zini pou timoun nan peyi d Ayiti (Unicef), ki pèdi anpil materyèl pou timoun ak ti bebe, li te genyen andedan plizyè konntenè, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jedi 7 mas 2024 la, gang ak zam yo te deja dechèpiye Caribbean Port Services, ki te deside kanpe tout aktivite l yo sou Boulva Lasalin nan, Pòtoprens.
Malgre operasyon lapolis yo, gang ak zam anba Dèlma yo dechèpiye, samdi 16 mas 2024 la, konsila peyi Gwatemala. Pa gen moun ki blese nan moman atak gang ak zam yo. Responsab yo te deja pran dispozisyon retire materyèl, yo te genyen andedan konsila a. Se anbasad peyi Gwatemala nan peyi Repiblik Dominiken, k ap jere sitiyasyon ijans sa a nan peyi d Ayiti. Pi fò anplwaye konsila Gwatemala a, se natif natal Ayiti yo ye. Se sa k fè otorite Gwatemala yo pa t fè yo kite peyi d Ayiti, dapre sa gouvènman Gwatemala a fè konnen.
Gen anpil anpil fanmi ki sètoblije kite lakay yo, akoz atak gang ak zam Vitelhomme Innocent yo ap fè, depi plizyè jou, nan katye Bèlvil ak Vivy Mitchell. Gang ak zam Kraze Baryè Vitelhomme Innocent yo dechèpiye ak boule plizyè kay ak machin, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Se plis pase 3 milyon timoun ki bezwen resevwa èd imanitè nan peyi d Ayiti. Se pa yon sitiyasyon peyi d Ayiti te konnen anvan mwa mas 2024 la. Se konsekans latwoubláy politik yo, gang ak zam yo vin angrave avèk pakèt zak vyolans ak laterè yo kontinye fè nan dènye jou sa yo. Se yon sitiyasyon ki mete nan gwo danje demen timoun yo nan peyi d Ayiti. Se kout rèl, samdi 16 mas 2024 la, Fon Nasyon pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef.
Se depi byen bonè dimanch 10 mas 2024 la, moun ka tande anpil elikoptè k ap fè laviwonndede, ni lajounen, ni lannuit yo, anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Anplis elikoptè lame peyi Etazini, gen elikoptè biznis ki soti Repiblik Dominiken, ki vin pran moun nan peyi d Ayiti pou plizyè milye dola ameriken, dapre enfòmasyon ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jisteman, anpil elikoptè, moun tande k ap fè laviwonndede anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan, se konpayi biznis Repiblik Dominiken k ap bwote moun kite Ayiti, pou al chèche refij sou teitwa vwazen Ayiti a. Chak pasaje dwe peye ant 10 pou rive 15 mil dola ameriken pou vwayáy nan elikoptè biznis sa yo, dapre jounal ameriken Miami Herald.
Depatman leta peyi Etazini òganize vwayáy nan avyon pou natif natal ameriken, ki ta vle kite peyi d Ayiti. Dimanch 17 mas 2024 la, yo te pèmèt 166 natif natal ameriken kite peyi d Ayiti apati aryopò entènasyonal Okap ayisyen, depatman Nò. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.
Se aryopò La Isabela, ki nan Santo Domingo, kapital Repiblik Dominiken, Òganizasyon Nasyon zini yo itilize pou fè sa l rele yon pon anlè avèk avyon, soti Repiblik Dominiken, pou voye èd imanitè nan peyi d Ayiti. Se sa Konsèy avyasyon sivil Repiblik Dominiken fè konnen. Operasyon nan avyon sa yo dwe dwe pèmèt ale vini ant anplwaye Nasyon Zini k ap antre oubyen k ap kite peyi d Ayiti yo.
Gang ak zam yo ap manniganse, kontinye fè tout kalte vyolans, laterè ak menas, pran plis espas nan teritwa peyi a, pou fòse aktè kominote entènasyonal yo vin negosye ak yo. Tout mannèv gang ak zam yo depaman ak pwojè pou chanje peyi a. Gang ak zam yo atake sistèm ledikasyon ak lasante, imigrasyon, elatriye. Se konsiderasyon pwofesè James Boyard, nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Demach ap fèt pou yon lòt tranzisyon nan peyi d Ayiti, detan vyolans ak laterè gang ak zam yo sanble vle ogmante. Pou fè analiz sou sitiyasyon an, pwofesè James Boyard ap reponn kesyon emisyon TiChèzBa, ki pase sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Li pa twò ta pou patriyòt Ayisyen yo mete yo nan kondisyon pou negosye yon lòt kalte demen pou peyi d Ayiti. Yo dwe kanpe kont politik ki ta vle bay degenn gang ak zam yo plis jarèt sou teritwa Ayiti a. Yo dwe kanpe tou kont lokipasyon fòs militè etranje, k ap vin kore degenn gang ak zam yo. Se pozisyon pati politik Konbit travayè peyizan pou libere peyi d Ayiti (pati Kontra pèp la). Pati politik Kontra pèp la leve lavwa kont sa l rele mannèv kominote entènasyonal la, ki ta vle fè popilasyon an vale yon Konsèy prezidan koupyon. [ppsf emb rc apr 17/03/2024 12:37]