Pòtoprens, 14 mas 2024 [AlterPresse] --- Sitiyasyon kè sote, jedi maten 14 mas 2024 la, nan Belvil, Tòsèl, Frè, Petyonvil, nan katye lès Pòtoprens yo, apre yon lannuit mèkredi 13 mas 2024 la anba tansyon ak kout zam.
Jedi maten 14 mas 2024 la, gang ak zam yo dechèpiye, kraze brize epi pote ale tout sa yo jwenn nan Fakilte syans, youn nan lekòl siperyè Inivèsite leta d Ayiti a nan Pòtoprens. Se ta yon fason pou gang ak zam yo rive gen plis kontwòl anba lavil Pòtoprens lan, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Gen yon kantite pano solèy, ennvètè, òdinatè, enprimant, chèzm biwo, matla, telefòn, pami anpil anpil materyèl gang ak zam yo bwote ale nan fakilte agwonomi, koumansman mwa mas 2024 la. Zak dechèpiyáy gang ak zam yo fè nan fakilte agwonomi ak metsin veterinè, koumansman mwa mas 2024 la, grav anpil, dapre yon premye ranmase Rektora Inivésite leta d Ayiti bay lendi 11 mas 2024 la, detan li di li estomake anpil anpil.
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo dechèpiye san kè sote plizyè pòs polis, depo pwovizyon lamanjáy, labank ak lopital. Avèk sitiyasyon sa a, ni lopital leta yo ni lopital prive yo pa ka kontinye báy laswenyáy nesesè yo bay popilasyon an. Dayè, pèsonèl lasante yo, oksilyè, enfimyè, doktè, elatriye, pa ka ale lopital yo nan kondisyon sekirite. Se kout rèl, depi semenn pase, Asosyasyon lopital prive peyi d Ayiti yo, ki denonse zak vyolans ak dechèpiyáy ki fèt sou lopital jeneral Pòtoprens, lopital Sen Franswa Sal Pòtoprens ak lopital nan Dèlma 18 rezo Devlopman aktivite lasante (Dash) nan peyi d Ayiti.
Jedi maten 14 mas 2024 la, yon gwo dife pete nan espas Penitansye nasyonal, Pòtoprens. Dife sa a pete 13 jou apre gang ak zam yo te fòse, anba gwo kout zam, prèske 4 mil prizonye sove, kite gran prizon Pòtoprens lan.
Lannuit mèkredi 13 mas 2024 la, gang ak zam yo te tire anpil kout zam sou wout Frè a, Petyonvil, kote yo t ap fè mannèv pou atake Lekòl nasyonal lapolis la, ki sou menas yo depi plizyè jou.
Menm lannuit mèkredi 13 mas 2024 la, te gen gwo kout zam ki t ap tire sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Yon sitiyasyon, ki te mete moun nan zòn sa yo sou gwo tansyon ak kè sote.
Mèkredi apremidi 13 mas 2024 la, gang ak zam yo te tire anpil kout zam tou anba Dèlma, nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonnal Pòtoprens lan, jis rive nan zòn Dèlma 30 yo.
Akoz zak laterè ak vyolans gang ak zam yo, Òganizasyon Nasyon zini fè konnen li louvri sa l rele yon pon avèk avyon soti Repiblik Dominiken, pou voye èd imanitè nan peyi d Ayiti. Operasyon nan avyon sa yo dwe pèmèt ale vini ant anplwaye Nasyon Zini k ap antre oubyen k ap kite peyi d Ayiti yo. Gen yon moso nan pèsonèl entènasyonal Nasyonn zini yo, ki dwe kite peyi d Ayiti. Gen yon lòt moso, k ap deplòtonnen pou vin ranfòse prezans Òganizasyon Nasyon zini yo, ki di yo pare pou kontinye pote sipò bay pép ayisyen an.
Gouvènman peyi Etazini a fè konnen li kapab sèvi ak baz li genyen Guantanamo a, sou zile Kiba a, pou konsidere dosye fanm ak gason migran natif natal Ayiti yo, k ap eseye antre san papye sou teritwa ameriken an, akoz kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a. Se sa medya amerinen Cnn rapòte.
Gouvènè Leta Florid lan, nan peyi Etazini, fè konnen li pral fè deplòtonnen, sou lanmè ak nan avyon, plis pase 250 ajan polis pou fè siveyans sou mouvman fanm ak gason migran natif natal Ayiti, k ap eseye rantre san papye bò kòt leta Florid lan.
Gouvènman peyi Etazini a fè konnen li deja pran dispozisyon koupe viza tout responsab konpayi avyon, k ap fè fanm ak gason migran antre san papye sou teritwa ameriken an apati avyon Chatè yo.
Gen yon dezyèm gwoup « marines » militè ameriken, ki rantre pou vin ranfòse gwoup « marines » ki deja sou teren an, pou garanti sekirite anplwaye ak batiman anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti. Se sa anbasad ameriken nan peyi d Ayiti fè konnen.
Depi lannuit samdi 9 pou antre dimanch 10 mas 2024 la, gen anpil elikoptè ak avyon k ap fè laviwonndede anlè zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Apre demisyon lendi 11 mas 2024 la premye minis defakto Ariel Henry an, plizyè gwoup chwazi moun, ki ta dwe vin antre andedan yon Konsèy prezidan pou mennen bak tranzisyonn peyi d Ayiti a. Gwoup Rezistans demokratik/angaje pou devlopman (Red/Ede) chwazi ansyen minnis kondisyon fanm ak afè sosyal Marie Ghislaine Mompremier. Pati politik Fanmi Lavalas chwazi ansyen minis edikasyon Lesly Voltaire. Gwoup pati politik 30 janvye 2023 a chwazi ansyen senatè Edgard Leblanc. Mouvman Montana a, ki te siyen akò 30 dawout 2021 an, chwazi Fritz Alphonse Jean. Sektè gwo biznis yo chwazi Laurent Saint-Cyr, yo te déjà voye andedan Wo Konsèy tranzisyon Arieel Henry an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Men, sanble gen bouch louvri nan mitan alyansáy Ariel Henry andedan akò 21 desanm 2022 a. Ansyen depite Vikerson Garnier, ansyen depite Levaillant Louis Jeune ak pwofesè Charles Tardieu, se 3 non ki parèt nan dikisyon andedan akò 21 desanm 2022 a. Kanta pati politik Pitit Desalin, li di li p ap patisipe nan operasyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom) ki ta vle jwenn non 7 moun, ki ta dwe vin andedan yon Konsèy prezidan pou asire tranzisyon an nan peyi d Ayiti.
Sizoka aktè ayisyen yo pa ta kapab rive chwazi delege yo, pou antre andedan Konsèy prezidan pou tranzisyon an, n ap vini ak yon plan B. Se sa pòt pawòl depatman leta peyi Etazini a te fè konnen, nan yon kozman ak laprès madi 12 mas 2024 la. Ki sa plan B sa a ye ? Se kesyon sa a, ki rete san repons, anpil moun ap poze. [ppsf emb rc apr 14/03/2024 14:13]