Español English French Kwéyol

Ayiti-Kriz : Yon kou touye

Gotson Pierre

Pòtoprens, 10 mas 2024 [AlterPresse] --- Èske se yon tranbleman tè ki pase nan peyi Ayiti nan jou sa yo? Poukisa gwo vyolans gang yo deplòtonnen sou Pòtoprens, fè sonje sitiyasyon goudougoudou janvye 2010, ki te ravaje peyi a?

Non, ou pa kab konpare. Men dezas ou wè, doulè ki travèse w, soufrans ki chavire w, ou pa gen bouch pou pale.

Pòtoprens vin tankou yon kapital ki pran yon kou touye nan men gang ki fè yon sèl kò sou moun ak enstitisyon divès sektè. Gwo enfrastrikti estratejik tankou pò, ayewopò, akademi polis, komisarya ak tout lòt estrikti lapolis, biwo piblik, prive, komès, elatriye. Yo touye, yo kraze, yo boule, yo piye.

Tou sa pase nan absans premye minis defakto Ariel Henry. Jiska vandredi 8 mas la, li te bloke nan Pòto Riko, pandan kriz politik la te toujou nan enpas.

Èske gen wout pou n soti nan malè sa a? Ki mwayen lajistis kab ofri?

Menm jan ak anpil moun, Me Jacques Letang, ki envite semèn sa a nan TiChèzba, sou AlterRadio 106.1 FM, panse lajistis pat janm fè wòl li. Sa kontribye anpil pou lage peyi a nan katchouboumbe sa a.

Men, malgre li sou kabann lopital, lajistis la ta kab gen resous pou adrese sitiyasyon an, dapre Me Letang. Pou li, se moman pou antre nan « jistis tranzisyonèl », sa vle di yon dispozisyon espesyal ki melanje jistis klasik, dyalòg, reparasyon, pinisyon, eksetera.

Dispozisyon ki mache ak yon Komisyon vertite, pou sosyete a pase move pas la, geri tèt li epi kenbe memwa, pou sa pa janm rekòmanse ankò.

Sa fèt nan divès sosyete ki twomatize anba gwo evènman ki fè popilasyon yo soufri anpil, tankou diktati, masak, eksetera.

Nan moman diskisyon pou soti nan enpas politik la, ki plas kesyon sa a merite jwenn sou tab la ?

Ki resous moun, materyèl, teknik ak lojistik sosyete a bezwen pou li antre nan chimen sa a, yon fason pou l reyisi leve apre kou touye li pran an ? [gp apr 10/03/2024 00:30]