Pòtoprens, 8 mas 2024 [AlterPresse] --- Sou demann depatman leta peyi Etazini, gen yon ekip militè yo rele « marines » yo, ki andedan « Fleet Anti-terrorism Security Team » (Fast), gouvènman ameriken an anvizaje voye deplòtonnen, semenn sa a, nan peyi d Ayiti, kote sitiyasyon laterè an ap angrave nan dènye jou sa yo. Ekip « marines » Fast sa yo, se espesyalis nan operasyon pou vin pran moun ki pa nan goumen. Yo se espesyalis tou nan batay youn ak lòt, nan operasyon militè andedan vil, nan operasyon pou akonpaye konvwa, nann operasyon sekirite espesyal. Militè « marines » ameriken sa yo dwe vin ranfòse ekip ki deja la sou teren an, pou defann ak pwoteje enterè ameriken nan peyi a, tankou pwoteje batiman anbasad peeyi Etazini, pèsonèl diplomasi ameriken an. Se sa medya ameriken Marine Corps Times presize.
Avèk plis laterè gang ak zam yo depi jedi 29 fevriye 2024 la, èd imanitè a bloke nètalkole nan vil Pòtoprens, dapre Òganizasyon Nasyon zini.
Nan Pòtoprens semenn sa a, koumanse gen ratman dlo potab ak dlo pou moun sèvi nan kay, detan pri pwodui moun plis bezwen yo rekoumanse ap monte grad divizyon.
Avèk sitiyasyon sa a, ni lopital leta yo ni lopital prive yo pa ka kontinye báy laswenyáy nesesè yo bay popilasyon an. Dayè, pèsonèl lasante yo, oksilyè, enfimyè, doktè, elatriye, pa ka ale lopital yo nan kondisyon sekirite. Se kout rèl Asosyasyon lopital prive peyi d Ayiti yo, ki denonse zak vyolans ak dechèpiyáy ki fèt sou lopital jeneral Pòtoprens, lopital Sen Franswa Sal Pòtoprens ak lopital nan Dèlma 18 rezo Devlopman aktivite lasante (Dash) nan peyi d Ayiti.
Avèk sitiyasyon laterè sa a, Pwogram lamanjáy mondyal (Pam) sètoblije sispann operasyon transpòte, sou lanmè, lamanjáy ak founiti laswenyày, depi Pòtoprens pou rive nan lòt depatman peyi d Ayiti yo.
Gen menas ki pandye sou waf ak aryopò yo. Èd imanitè a, ki konn ede milyon timoun ak lòt moun, paralize. Tout sèvis sosyal yo sou wout pou tonbe nan degraba nèt, dapre Fon Nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef. Unicef mande kominote entènasyonal la aji prese prese, nan tèt kole ak popilasyon an, pou evite peyi d Ayiti plonje pi plis toujou nan katouboumbe rèd mare.
Sistèm lasante peyi d Ayiti a plat atè. Tout sèvis lasante yo, nan lopital ak sant sante yo, prèske pa ka báy. Popilasyon asyisyen an twouve l nan mitan laterè gang ak zam yo, k ap tire san gade dèyè. Espas ki te fet pou timoun tounen teren, kote gang ak zam ap batay. Aryopò peyi a fèmen. Èd imanitè, ki se yon solisyon sekou pou milyon timoun ak anpil anpil lòt moun nan popilasyon an, pa ka rive. Se kout rèl direktris Fon Nasyon zini pou timoun (Unicef), natif natal peyi Etazini Catherine Mary Russell.
Se menm tèt chaje bò kote Biwo kòdinazyon zafè imanitè Nasyon zini yo (Ocha), ki esplike kouman laterè gang ak zam yo lakoz pakèt lopital fèmen. Pa gen medikaman pou bay moun malad yo. Pèsonèl lasante yo pa ka deplase al bay malad yo laswenyay nesesè yo. Pa gen san ni lòt ekipman lasante. Pa gen ase kabann pou mete moun, ki blese anba bal, k ap kouri al chèche swen lopital yo.
Avèk zak briganday gang ak zam yo nan plizyè konntenè sou waf Pòtoprens lan, depi dat vandredi premye mas 2024 la, biznis Caribbean port services (Cps), ki okipe operasyon depo ak dedwane machandiz sou waf Pòtoprens lan, fè konnen li sispann tout aktivite l yo sou Boulva Lasalin, Pòtoprens.
Depi gang ak zam yo pèsiste ap angrave pi rèd zak laterè yo, apati jedi 29 fevriye 2024 la, se 10 pòs polis gang ak zam yo atake. Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) konte plis pase 9 moun ki mouri, 21 biwo leta ki sibi zak kraze brize, 2 gwo prizon ki kraze, ak prèske 5 mil prizonye ki sove kite Penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèboukè a. Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo lonje dwèt ankò sou konpòtman manfouben otorite yo douvan laterè gang ak zam yo.
Jedi 7 mas 2024 la, gang ak zam 400 mawozo yo lage 3 mè Kongregasyon Saint Joseph Cluny Kwadèboukè, yo te kidnape madi 5 mas 2024 la lakay mè yo nan Kwadèboukè.
Depi dimanch 3 mas 2024 la, anbasad peyi Etazini nan peyi d Ayiti mande tout natif natal ameriken yo, fanm kou gason ki sou teritwa Ayiti a, gade ki jan yo ka kite teritwa Ayiti a, akoz sitiyasyon laterè gang ak zam yo.
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo pa sispann atake aryopò entènasyonal Potoprens lan. Depi dat sa a, pa gen okenn avyon ki ni soti ni antre nan peyi d Ayiti, sitou nan aryopò entènasyonal Pòtoprens lan.
Li lè li tan pou gen bonjan aksyon pou garanti sekirite popilasyon ayisyen an. Kominote entènasyonal la dwe pote yon asistans rapid bay popilasyon ayisyen an, k ap koukouman anba degenn gang ak zam yo. Se dizon Komisyon entèameriken dwa moun yo (Cidh), ki leve lavwa kont vyolans ak laterè, gang ak zam yo ap plede simaye san kè sote sou teritwa Ayiti a.
Detan tout zak briganday sa yo ap gaye nan peyi d Ayiti, gouvènman peyi Etazini a mande Ariel Henry, ki bloke depi plizyè jou sou zile Pòtoriko, ale pi vit nan demach pou met kanpe yon tranzisyon kote tout moun ladan, ak moun ki gen kapasite. Se ta yon fason pou ride peyi a prepare chimen pou misyon miltinasyonal la ta vin deplòtonnen, pou ka prepare eleksyon. Se sa minis zafè etranje peyi Etazini a, sekretè leta Anthony Blinken, di Ariel Henry nan telefòn, jedi 7 mas 2024 la.
Malfektè ak tout lòt kalte kriminèl kontinye pilonnen dwa fanm yo pi rèd jodi a, nan moman kriz lan ap anvlimen. Depi jedi 29 fevriye 2024 la, vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi yo pran plis jarèt. Sa ki fè tout gany, tout vanse, batay feminis ayisyèn yo te fè depi plis pase 10 lane, vin an danje. Se yon lagè y ap fè kont dwa fanm yo, kont dwa pou fanm yo viv kòmsadwa, kont dwa byennèt fanm yo, kont dwa pou fanm yo viv nan diyite, kont dwa pou fanm yo ekziste tout bon. Se konnsiderasyon òganizasyon feminis Nègès Mawon, okazyon 8 mas, ki se jounen entènasyonal dwa fanm yo.
Akoz laterè gang ak zam yo, anpil anpil fanm sètoblije deplase kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote. Okazyon 8 mas, ki se jounen entènasyonal dwa fanm yo, Ofis pwoteksyon sitwayèn ak sitwayen yo di li regrèt anpil se sitiyasyon vyolans, kadejak ak lòt zak laterè san parèy, peyi d Ayiti ap sibi.
Fanm yo dwe okipe bonjan plas, kote desizyon yo ap pran. Dwe gen pwogram ki ede met bout nan tout kalte vyolans, k ap fèt sou fanm ak ti fi yo, ki ka pèmèt yo konstwi demen yo nan tout kalte aktivite. Lajan dwe debloke pou kore bonjan devlopman, ki ka fè fanm ak ti fi yo ka viv pi byen, nan bon kondisyon. Respekte dwa fanm yo, se youn nan chimen pou tabli sosyete san fòs kote. Se kèk eleman nan ranmase sekretè jeneral Ògaizasyon Nasyon zini yo, natif natal Pòtigal Antonio Guterres, okazyon 8 mas ki se jounen entènasyonal dwa fanm yo . [ppsf emb rc apr 08/03/2024 14:00]