Pòtoprens, 15 mas 2024 [AlterPresse] --- Jedi apremidi 14 mas 2024 la, bandi ak zam atake epi met dife lakay direktè jeneral lapolis nasyonal pou yon bout tan an, Frantz Elbé, nan Santo 17, pa twò lwen Kwadèboukè. Menm jedi 14 mas 2024 la, bandi ak zam te atake lokal direksyon jeneral lapolis nasyonal la ansanm ak Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj) nan Klèsin, pa twò lwen ti aryopò a ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre enfòmasyon ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Se politisyen ki ta sèvi ak bandi kriminèl kòm zouti pou atake ak piye lakay li nan Santo 17, komin Kwadèboukè. Mannèv politisyen sa yo, li pa site non yo, se ta pou kreye plis latwoubláy andedan lapolis nasyonal la, pou mete lapolis la plat atè. Lapolis nasyonal la ap rete mobilize pou fè fas kare ak gang ak zam ansanm ak akolit yo, ki vle mete peyi d Ayiti nan plis tyouboum. Se akizasyon Frantz Elbé, nan yon nòt lapolis nasyonal la apre atak bandi ak zam jedi 14 mas 2024 la lakay li nan Santo 17.
Lapolis nasyonal la se dènye ranpa ki ka anpeche peyi d Ayiti tonbe pi fon nan plis tyouboum. Polisye nasyonal yo deja fè fas kare ak plizyè atak gang ak zam, ki te atake biwo leta, tankou aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, Palè nasyonal, ministè enteryè ak lekòl nasyonal polis la sou wout Frè a, Petyonvil. Se sa direksyon jeneral lapolis la di nan yon nòt.
Ant jedi 29 fevriye pou rive dimanch 3 mas 2024 la, gang ak zam yo asasinen anpil anpil moun, pami yo 6 polisye nasyonal nan pòs polis Bon Repo a. Gang ak zam yo al dechèpiye epi fè zak kraze brize nan plis pase 30 pòs polis, biwo leta ak biznis prive ant jedi 29 fevriye pou rive dimanch 3 mas 2024 la. Se yon ranmase Rezo nasyonal k ap defann dwa mounn yo (Rnddh) te fè sou konsekans laterè gang ak zam yo, ki vin angrave rèd mare koumansman mwa mas 2024 la.
Nou poko ka di ki kantite dega gang ak zam yo fè jedi 14 mas 2024 la nan fakilte syans, youn nan lekòl siperyè Inivésite leta d Ayiti a. Men, gang ak zam yo kraze vit, vòlò pano solèy, televizyon ak anpil lòt ekipman laboratwa fakilte syans lan. Li pa nòmal pou y ap kraze enstitisyon ak patrimwán peyi a konsa, ki p ap rann pitit peyi a sèvis ditou. Se kout rèl Rektora Inivésite Leta d Ayiti a.
Gen yon kantite pano solèy, ennvètè, òdinatè, enprimant, chèz, biwo, matla, telefòn, pami anpil anpil materyèl gang ak zam yo bwote ale nan fakilte agwonomi, koumansman mwa mas 2024 la. Zak dechèpiyáy gang ak zam yo fè nan fakilte agwonomi ak metsin veterinè, koumansman mwa mas 2024 la, grav anpil, dapre yon premye ranmase Rektora Inivésite leta d Ayiti bay lendi 11 mas 2024 la, detan li di li estomake anpil anpil.
Depi jedi 29 fevriye 2024 la, gang ak zam yo dechèpiye san kè sote plizyè pòs polis, depo pwovizyon lamanjáy, labank ak lopital. Avèk sitiyasyon sa a, ni lopital leta yo ni lopital prive yo pa ka kontinye báy laswenyáy nesesè yo bay popilasyon an. Dayè, pèsonèl lasante yo, oksilyè, enfimyè, doktè, elatriye, pa ka ale lopital yo nan kondisyon sekirite. Se kout rèl, depi semenn pase, Asosyasyon lopital prive peyi d Ayiti yo, ki denonse zak vyolans ak dechèpiyáy ki fèt sou lopital jeneral Pòtoprens, lopital Sen Franswa Sal Pòtoprens ak lopital nan Dèlma 18 rezo Devlopman aktivite lasante (Dash) nan peyi d Ayiti.
Kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a lakoz lopital, sant lasante yo pa ka báy sèvis laswenyáy kòmsadwa. Oksilyè, enfimyè, doktè pa ka al traváy. Se zak dechèpiyáy ak kraze brize, gang ak zam yo ap fè nan lopital ak sant lasante yo. Ak sitiyasyon sa a, dwa pou moun jwenn lasante pa respekte ditou. Se dizon Asosyasyon medikal ayisyenn an (Amh) ki ekzije pwoteksyon pou lopital, sant lasante yo ak tout pèsonèl k ap báy swen yo.
Tout enstitisyon yo plat atè. Nou nan yon sitiyasyon, peyi d Ayiti pa t janm konnen nan listwa l. Se gang ak zam k ap fè lalwa. Tout sa se konsekans move politik, yo suiv nan dènye lane ki sot pase yo. Fòk gen yon bagay ki fèt san pèdi tan, pou chanje sitiyasyon sa a. Paske, se tout moun ki sou menas laterè gang ak zam yo. Se konsiderasyon Kolektif avoka k ap defann dwa mounn yo (Caddho) sou AlterPresse ak AlterRadio.
Jedi 14 mas 2024 la, sena ameriken an vote rapid rapid anfavè Dennis Bruce Hankins, Joe Biden te lonmen depi mwa jen 2023, pou vin nouvo anbasadè peyi Etazini nan peyi d Ayiti. Vòt sena a rive nan moman kriz la ap anvlimen, avèk laterè gang ak zam yo nan peyi d Ayiti. Se depi mwa oktòb 2021 peyi Etazini pa genyen anbasadè nan peyi d Ayiti. Michele Jeanne Sison te pase 3 lane (21 fevriye 2018 pou rive 9 oktòb 2021) kòm anbasadris ameriken nan peyi d Ayiti. Depi mwa oktòb 2021, se yon anchaje zafè ki te okipe politik peyi Etazini nan peyi d Ayiti.
Legliz Tabènak Laglwa voye fè kado yon gwo traktè bay komite, ki anchaje konstriksyon kannal apati larivyè Masak nan Wanament lan. Gwo traktè sa a pral pèmèt yo vanse nan travay konstriksyon kannal la epi fè dlo koule nan kannal la. Se yon travay ki pral fè peyizan plenn Maribawou yo, nan depatman Nòdès la, rive wouje jaden yo. Se sa komite ki anchaje konstriksyon kannal apati larivyè Masak Wanament lan fè konnen, nan yon videyo li mete sou rezo sosyal yo.
Gouvènman Joe Biden nan ta dwe báy plis detáy sou fòs miltinasyonal ki ta sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, anvan sena a ak kongrè a dakò pou yo ta bay fòs miltinasyonal sa a 40 milyon dola ameriken, jan gouvènman Biden nan ta swete sa. Se ekzijans senatè ak depite repibliken yo nan peyi Etazini.
Depi gen yon lòt gouvèman ki vin pran mayèt politik nan peyi d Ayiti a, gouvènman Kenya a va kapab vin pran tèt fòs miltinasyonal, ki sipoze vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa prezidan Kenya a Williams Ruto ekri sou kont X li, apre l te pale nan telefòn avèk premye minis Kanada a Justin Trudeau, plizyè dirijan Kominote peyi Karayib yo (Caricom), men tou avèk Arel Henry ki bay demisyon l kòm premye minis defakto depi lendi 11 mas 2024 la/ [ppsf emb rc apr 15/03/2024 14:21]