Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Yon militè ayisyen mouri sou wout pou ale lopital, apre l te resevwa yon bal mawon sou Channmas Pòtoprens

Pòs polis Mache Salomon an fè 10 zyèm pòs polis gang ak zam yo atake depi jedi 29 fevriye 2024 la

Pòtoprens, 7 mas 2024 [AlterPresse] --- Sou wout pou ale lopital, militè ayisyen Fourrier Joseph Oril rann dènye souf li, madi 5 mas 2024 la, apre l te resevwa yon bal mawon nan tèt, detan l te nan biwo l nan katye jeneraal lame d Ayiti, sou Channmas, Pòtoprens.

Lannuit mèkredi 6 mas 2024 la, gang ak zam atake epi met dife nan pòs polis Mache Salomon, Pòtoprens lan. Gang ak zam yo boule plizyè motosiklèt ki te nan lakou pòs polis la ak boule anpil machandiz machann ki konn vann Mache Salomon yo. Pa gen okenn enfòmasyon sou polisye ki te nan pòs polis Mache Salomon an.

Sa fè 10 pòs polis gang ak zam yo atake, depi yo vin angrave zak laterè yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, apati jedi 29 fevriye 2024 la. Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (Rnddh) konte plis pase 9 moun ki mouri, 21 biwo leta ki sibi zak kraze brize, 2 gwo prizon ki kraze, ak prèske 5 mil prizonye ki sove kite Penitansye nasyonal ak prizon sivil Kwadèboukè a. Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo lonje dwèt ankò sou konpòtman manfouben otorite yo douvan laterè gang ak zam yo.

Madi 5 mas 2024 la, gang ak zam antre lakay mè Kongregasyon Saint Joseph Cluny Kwadèboukè yo, kote yo kidnape 3 mè.

Popilasyon an kontinye lage de bra pandye douvan zak kriminèl gang ak zam yo k ap asasinen, kidnape, dechèpiye, san anyen pa fèt pou kwape yo.

Pandan tout lannuit mèkredi 6 mas 2024 la, gang ak zam yo te kontinye ap tire kout zam nan zòn aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Moun ki rete pa twò lwen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan pase tout lannuit mèkredi 6 mas 2024 la sou tansyon, akoz gwo bri kout bal ki t ap chante nan zòrèy yo, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gouvènman defakto a sèlman di li pwolonje sa l rele eta ijans avèk kouvrefe, soti jedi 7 mas pou rive mèkredi 3 avril 2024, nan depatman Lwès la. Pandan peryòd sa a, moun pa gen dwa fè manifestasyon nan lari komin depatman Lwès la, dapre gouvènman defakto a ki pa montre li pran dispozisyon pou met bout nan laterè gang ak zam yo, k ap rapousuiv zak kriminèl yo san kè sote nan depatman Lwès la.

Ta dwe gen plis jefò pou fè fòs militè entènasyonal la vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, pou vi ride lapolis nasyonal la fè fas kare ak gang ak zam yo ak báy popilasyon an sekirite. Men, deplòtonnáy sa a dwe fèt nan respè prensip entènasyonal dwa moun yo. Se dizon Wo komisarya Nasyon zini pou dwa moun, douvan plis zak brigandáy k ap gaye nan peyi d Ayiti depi dat jedi 29 fevriye 2024 la.

Ta dwe gen chita pale pou pase men fèt nan gouvènman defakto a. Ta dwe gen dispozisyon pou garanti sekirite lavi moun ak byen, epi retabli otorite leta san pèdi tan. Se deklarasyon, mèkredi 6 mas 2024 la alyansáy Ariel Henry yo ki te siyen akò 21 desanm 2022 an.

Nan yon deklarasyon mèkredi 6 mas 2024 la, Kominote peyi Karayib yo (Caricom) fè konnen yo poko jwenn okenn antant ak gouvènman defakto Ariel Henry an sou jan pou met bout nan kriz, k ap brase bil peyi d Ayiti a.

Nou pa dakò ak okenn demach pou ta sèvi ak prezans Ariel Henry nan Pòtoriko pou prepare yon debakman militè nan peyi d Ayiti, kote fòs sosyal yo ap goumen pou reprann dwa granmoun peyi d Ayiti a. Nou mande kominote entènasyonnal la voye jete plan Nasyon zini ak alyansáy li yo, ki ta vle pwofite de sitiyasyon katyouboumbe a pou fè fòs militè etranje debake nan peyi d Ayiti. Se pozisyon, mèkredi 6 mas 2024 la, Comuna Caribe, ki rasanble plizyè òganizasyon nan zile Pòtoriko, ki di kare bare li pa dakò ak prezans Ariel Henry sou teritwa pòtoriken an.

Nou pa t mande Ariel Henry retire kò l nan direksyon politik peyi d Ayiti a. Nou te pito mande l ale pi vit nan demach pou met kanpe yon tranzisyon tout moun ladan, ak moun ki gen kapasite pou ride peyi a prepare chimen pou misyon miltinasyonal la vin deplòtonnen, pou ka prepare eleksyon. Pawòl pòtvwa depatman leta ameriken Matthew Miller, nan yon kozman ak laprès entènasyonal mèkredi 6 mas 2024 la.

Ariel Henry dwe pran dispozisyon pou met kanpe yon konsèy prezidan, ki ka kondui Ayiti sou wout eleksyon. Deklarasyon sou medya ameriken CNN anbasadè peyi Etazini douvan Òganizasyon Nasyon zini, Linda Thomas Greenfield
15. Se Ariel Henry limenm ki pou bay esplikasyon sou deplasman l. Se repons ofisyèl ameriken báy sou sitiyasyon Ariel Henry, ki twouve l depi lannuit madi 5 mas 2024 la, sou zile Pòtoriko, anba kontwòl ak pwoteksyon ajans ameriken Federal bureau of investigation (Fbi).

Ariel Henry pa tande pa wè, se nan peyi d Ayiti pou l retounen. Se sa sekretè leta zile Pòtoriko a, Omar Marreor, deklare nan yon entèvyou li bay ajans espanyòl EFE, kote l di li pa konnen konbyen tan Ariel Henry ap pase sou zile Pòtoriko a. [ppsf emb rc apr 07/03/2024 14:05]