Pòtoprens, 6 mas 2024 [AlterPresse] --- Ariel Henry dwe rale kò l nan direksyon politik peyi d Ayiti a, pou pèmèt yon gouvènman tranzisyon pran mayèt la. Se nan yon mesay, detan l te nan avyon kote l t ap eseye rantre nan peyi d Ayiti, otorite peyi Etazini yo, k ap kore l depi mwa jiyè 2021, te mande Ariel Henry bay demisyon l. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte nan yon atik AlterPresse ak AlterRadio te li.
Madi 5 mas 2024 la, otorite Repiblik Doiniken yo pa t bay lese pase pou avyon, ki te gen Ariel Henry ladan l lan, ateri sou teritwa vwazen peyi d Ayiti a. Avyon an te blije kase tèt tounen pou al ateri sou zile Pòtoriko.
Detan Ariel Henry nan San Juan, kapital zile Pòtoriko, otorite ameriken yo te pale ak li. Pandan tan sa a, plizyè dirijan Kominote peyi Karayib yo (Caricom) te nan diskisyon sou entènèt ak plizyè dirijan politik ak sektè biznis ayisyen yo sou dosye demisyon Ariel Henry an. Manm Caricom yo vle pou Ariel Henry ale nan peyi Jamayik, kote li va remèt demisyon l ak fè yon videyo pou anonse gen yon nouvo ekip tranzisyon, k ap pran mayèt peyi d Ayiti a.
Jij Durin Duret Junior, doktè Françoise Saint-Vil Villier ki se yon paste pwotestan ak ansyen komisè polis Guy Philippe, gouvènman Etazini a te depòte Ayiti jedi 30 novanm 2023 apre 6 lane nan prizon ameriken pou trafik dwòg, se non 3 moun ki ta dwe nan yon konsèy prezidan pou ranplase gouvènman defaakto Ariel Henry an. Se sa k ekri nan yon pwopozisyon alyansáy pati politik Pitit Desalin ak gwoup Guy Philippe yo.
Ant jedi 29 fevriye pou rive mèkredi 6 mas 2024, se plis pase 15 mil moun ki sètoblije kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè gang ak zam yo. Plizyè milye fanmi, espesylman timoun ak fanm, vin nan gwo madoulè, dèy, gwo chòk, kè sote ak ensekirite, san okenn pwoteksyon, detan yo vin plis espoze anba tout kalte soufrans. Fanmi sa yo, ki deja sou gwo tansyon chak jou, dwe fè fas kare ak ijans dlo patab, lamanjáy, laswenyáy, enstalasyon lijyèn. Se yon ranmase Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyon zini (Ocha) nan peyi d Ayiti, Ocha di tèt li chaje anpil sou konsekans zak vyolans san parèy sa yo genyen sou lopital, sant sante ak lekòl nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak lòt vil sou teritwa Ayiti a.
Jis rive byen ta lannuit madi 5 pou antre mèkredi 6 mas 2024 la, gang ak zam t ap atake ankò aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen bal mawon, nan gwo kout zam ki t ap tire yo, k al tonbe lakay plizyè moun nan katye ki viwonnen aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, tankou nan zòn Mayi Gate, dapre temwayáay ki vi jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Se militè lame d Ayiti ak polisye nasyonal ki te fè fas kare, lendi 4 mas 2024 la, ak mannèv gang ak zam yo. Se depi vandredi premye mas 2024 la, gang ak zam yo ap eseye anvayi espas aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, ki pa lwen Direksyon jeneral lapolis la ak Direksyon santral lapolis k ap travay pou lajistis la (Dcpj), apre laterè ak gwo kraze brize yo tanmen depi jedi 29 fevriye 2024 la.
Madi 5 mas 2024 la, gang ak zam Kraze Baryè Vitelhomme Innocent yo te atake ankò Akademi nasyonal lapolis la, sou wout Frè a, Petyonvil. Polisye nasyonal yo te fè gang ak zam sa yo fè bak. Te gen anpil kout zam nan zòn nan, nan moman gang ak zam sa yo t ap fè mannèv pou antre nan Akademi nasyonal lapolis la.
Lannuit madi 5 mas 2024 la, 2 prizonye mouri ak 5 lòt blese nan moman yon gwoup prizonye te pete eskonbrit pou eseye chape nan prizon sivil Jakmèl la, depatman Sidès. Sitiyasyon an te retounen nan nòmal apre lapolis te voye gaz lakimojèn ak tire anpil kout zam, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. LPa t gen atak ki te fèt kont prizon Jakmèl lam dapre lapolis Jakmèl, ki te bay yon kozman ak laprès pou esplike sa k te pase nan prizon sivil Jakmèl la, lannuit madi 5 mas 2024 la.
Mèkredi 6 mas 2024 la, gang ak zam met dife nan papòt tribinal depè Dèlma a, ki pa twò lwen kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Lapolis nasyonal te fè mouvman pou reprann kontwòl sityiasyon an, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Lannuit lendi 4 mas 2024 la, gang ak zam t al eseye sakaje pòs polis ki nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènsyonal Pòtoprens lan, pa twò lwen Dèlma 28. Gang ak zam sakaje tou pòs polis, ki anba mòn Kabrit, pa twò lwen komin Kwadèboukè a.
Dimanch 3 mas 2024 la, gang ak zam Kanayan yo atake epi met dife nan pòs polis Kabarè a, ki nan depatman Lwès la, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Anpil moun nan zòn nan sètoblike kraze rak pou evite bandi yo pase yo alenfinitif. Se gwo kouri ki genyen nan tout zòn ki viwonnen komin Kabarè, yo dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Polisye nasyonal yo dwe met tèt yo ansanm nan batay kont laterè gang ak zam yo. Otorite lapolis nasyonal d Ayiti yo ap kontinye jwe wòl, Konstitisyon an ba yo, san yo pa rantre nan politik. Se pwomès direktè jeneral pou yon bout tan lapolis la, Frantz Elbé, ki swete popilasyon an pote kole ak lapolis nasyonal la, nan yon mesaj videyo li bay sou rezo sosyal yo madi swa 5 mas 2024 la.
Pèmèt enstitisyon leta yo mache kòmsadwa. Otorite yo dwe fè tout say o kapab pou reprann kontwòl teritwa Ayiti a. Yo dwe rekipere tout moun ki sove nan prizon yo. Yo dwe mennen bo jan ankèt sou sa k pase nan Penitansye nasyonal Pòtoprens ak nan prizon sivil Kwadèboukè a. Yo dwe areete epi voye douvan lajistis tout sila ki gen men yo tranpe nan zak kriminèl sa yo. Yo dwe kraze gang ak zam yo, revoke ak trennen douvan lajistis wo etamajò lapolis la, ki pa t fè anyen pou anpeche peyi d Ayiti tonbe nan katyouboumbe sa a. Se rekòmandasyon rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), nan yon ranmase sou lòt nivo laterè gang ak zam yo pran depi jedi 29 fevriye 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Pèp ayisyen an dwe fè tèt li travay, montre li gen kouráy pou pran chimenki ka pèmèt lapè ak demojrasi retounnen sou teritwa Ayiti a. Premye minis defakto Arieel Henry ak alyansáy li yo dwe rekonèt plas yo pa la. Nou dwe kontinye batay pou kenbe sa nou genyen ak konstwi demen miyò. Se pozisyon Federsyon bawo avokat ak avoka peyi d Ayiti yo (Fbh).
Apre dezas rejim defakto Ariel Henry an, peyi d Ayiti bezwen yon tèt ansanm ak yon plan klè, kote nou p ap janm kite okenn dirijan malpouwont pran direksyon politik peyi a, nan kore gang ak zak zam ak pwograme masak kont popilasyon an. Lè lwa pouvwa sele politizyen tizè, tout alyans vin posib, soti nan mafya, kriminèl, dilè dwòg, tyoul blan, pase pran oligak kowonpi pou rive nan gangstè kriminèl, ki pa sispan bwè san pèp ayisyen an (Pèp ayisyen an dwe rete veyatif pou pa kite yon seri estrikti sosyal ak politik, ki anba kontwòl oligachi pouri an, vin enpoze peyi a yon solisyon pou satisfè Caricom ak Core group la. Se pou n kontinye mobilize kont Ariel Henry, kont pwojè politik gang, mafya ak oligachi kriminèl yo). Se konsiderasyon gwoup ki rele Inisyativ patriyòt Maryen (Ipam), ki tabli nan Nòdès ak nò peyi d Ayiti a.
Plizyè eli ameriken, ki sot nan toyo Ayiti, leve lavwa kont pil ak pakèt zak vyolans, gang ak zam yo ap simaye pi plis toujou depi jedi 29 fevriye 2024 la kont plizyè biwo leta ak prive, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan.
Se pèp ayisyen an ki dwe pran gouvènay tout desizyon, ki va pèmèt peyi d Ayiti soti nan katyouboumbe li ye a, kote kriminèl ap simen laterè san kè sote, ap masakre anpil anpil fanm ak gason, pouse plizyè milye fanmi ap deplase kouri nan tout direksyon sou teritwa a. Gang ak zam yo depase tout limit nan kò sasináy dechèpiyáy, zak brigandáy, elatriye. Se kout rèl, depi Bruxelles, kapital peyi Bèljik, Kòdinasyon Ewòp Ayiti (CoEH), ki voye gwo solidarite l bay pèp ayisyen an, ki nan gwo soufrans pi rèd nan jou sa yo . [ppsf emb rc apr 06/03/2024 14:42]