Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Ariel Henry bloke nan avyon, li pa ka ateri Ayiti... Plis pase 15 mil moun sètoblije kouri kite lakay yo ankò depi jedi 29 fevriye 2024 la

Potoprens, 5 mas 2024 [AlterPresse] --- San sekirite, pa gen demokrasi. Nou va montre nou se moun ki pa responsab ditou, sizoka nou kontinye mizade, nou kontinye pran tan pou pran bon jan dispozisyon pou fè sekirite retounen nan peyi d Ayiti. Se pozisyon Òganizasyon leta ameriken yo (Oea), ki mande Nasyon zini retabli sekirite sou teritwa Ayiti a.

Lannuit lendi 4 mas 2024 la, kout zam te kontinye pete nan plizyè katye zòn metwopoliten Pòtoprens lan, tankou nan zòn ki pre aryopò entènasyonal ak ti aryopò Pòtoprens lan.

Popilasyon peyi d Ayiti a gen gwo kè kase pou sekirite l, avèk mannèv gang ak zam ap fè yo. Malgre yo anonse eta ijans ak kouvre fe, otorite defakto yo pa pran okenn dispozisyon pou kwape zak kriminèl sa yo, dechèpiyáy plizyè biwo leta, pòs polis, depo manje, labank ak lòt biznis, k ap ogmante rèd mare nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan depi jedi 29 fevriye 2024 la.

Depi zak vyolans ak avari san gang ak zam yo, jedi 29 fevriye 2024 la, gen plis pase 15 mil moun ankò ki sètoblije kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote. Anpil nan moun deplase sa yo ak kouri kite kan, kote yo te ye nan lekòl, lopital ak sou plas piblik. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyonyo (Oim).

Popilasyon an, ki te deja nan gwo madoulè, lamizè, grangou elatriye, ap sibi konsekans mannèv latwoubláy ak laterè gang ak zam yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Gen anpil katye ki pa gen dlo pou bwè, ni manje pou manje. Toujou gen gwo kout zam k ap tire anba Dèlma, sou wout aryopò entènasyonal Pòtoprens lan ak lòt kote, dapre temwayaay ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Dimanch swa 3 mas 2024 la, nan moman te gen kouvrefe, gang ak zam t al dechèpiye, anba lavil Pòtoprens, lopital Sen Franswa Sal, ki sou kont legliz katolik women nan peyi d Ayiti. Lopital Sen Franswa Sal, se yon lopital responsab legliz katolik women Ayiti yo te rekonstwi avèk anpil enstalasyon modèn, kèk lane apre gwo tranbleman tè madi 12 janvye 2010 la.

Finisman semenn pase a, gang ak zam yo te kontinye ap dechèpiye espas Fakilte agwonomi ak metsin veterinè, epi ministè agrikilti nan Damyen, nan nò Pòtoprens. Gang ak zam yo, ki te alèz, vini ak machin epi bwote ale anpil anpil materyèl, menm seramik, nan fakilte agwonomi ak ministè agrikilti, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Lendi 4 mas 2024 la, apre gwo atak gang ak zam te fè jedi 29 fevriye 2024 la, te gen gwo kout zam ki t ap pete nan zòn aryopò entènasyonal Pòtoprens lan. Gen bri ki te fè kwè premye minis defakto a Ariel Henry ta kapab fè mannèv pou eseye rantre nan peyi d Ayiti, apre virewon l nan Guyana ak Kenya. Militè fòs lame d Ayiti yo te fè fas kare ak atak bandi ak zam, ki t ap eseye kraze mi pou anvayi aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, dapre enfòmasyon AlterPresse ak AlterRadio rasanble.

Lannuit lendi 4 mas 2024 la, moun Okap/depatman Nò ak Jakmèl/depatman Sidès te òganize mouvman leve kanpe, douvan bri ki t ap kouri sou posiblite pou Ariel Henry ta pase nan aryopò vil sa yo, pou retounen nan peyi d Ayiti.

Akoz laterè gang ak zam yo, plizyè konpayi avyon deside, depi semenn pase, pa annile tout vwayáy antre oubyen soti nan aryopò entènasyonal ak ti aryopò Pòtoprens lan. Ariel Henry, ki te dwe retounen nan peyi d Ayiti koumansman semenn sa a, ta bloke nan peyi Etazini, dapre enfòmasyon ki disponib yo.

Plizyè anbasad peyi etranje nan peyi d Ayiti deside tou sispann tout sèvis bay piblik la, akoz klima laterè gang ak zam yo ki angrave rèd mare.

Gouvènman Repiblik Dominiken an pa bay otorizasyon pou okenn avyon ni elikoptè antre nan peyi d Ayiti, akoz laterè gang ak zam yo k ap angrave rèd mare. Gen militè dominiken k ap fè ale vini sou tout liy fwontyè ak peyi d Ayiti yo, dapre sa AlterPresse ak AlterRadio li nan medya dominiken yo.

Lannuit lendi 4 mas 2024 la, gang ak zam t al eseye sakaje pòs polis ki nan kafou wout Dèlma ak aryopò entènsyonal Pòtoprens lan, pa twò lwen Dèlma 28. Gang ak zam sakaje tou pòs polis, ki anba mòn Kabrit, pa twò lwen komin Kwadèboukè a.

Dimanch 3 mas 2024 la, gang ak zam Kanayan yo atake epi met dife nan pòs polis Kabarè a, ki nan depatman Lwès la, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Anpil moun nan zòn nan sètoblike kraze rak pou evite bandi yo pase yo alenfinitif. Se gwo kouri ki genyen nan tout zòn ki viwonnen komin Kabarè, yo dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Jouk rive madi 5 mas 2024 la, otorite leta yo pa fè anyen nan komin Kwadèboukè, kote gang ak zam te kidnape yon ajan sekirite Bank nasyonal kredi, atake prizon sivil Kwadèboukè a, piye plizyè bank, biwo leta, sezi zam, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gouvènman peyi Etazini a p ap voye militè ameriken vin deplòtonnen pou ta ede lapolis nasyonal Ayiti a fè fas kare ak laterè gang ak zam yo. Pou kounye a, gouvènman Etazini a ap fè tout sa l kapab, nan tèt kole ak kominote entènasyonal la, pou ride lapolis la reprann kontwòl sitiyasyon an. Se deklarasyon yon zotobre nan gouvènman peyi Etazini a, dapre sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Kominote entènasyonal la ta dwe ede lapè ak sekirite retounen rapid rapid nan peyi d Ayiti. Nou pa ka kite gang ak zam yo kontinye ap pran teren konsa ak mete tout popilasyon an nan kè sere. Se kout rèl palmantè peyi Etazini Sheila Cherfilus-McCormick ekri sou rezo sosyal li yo.

Gen ijans pou kominote entènasyonal la pote kole anfavè deplòtonnáy rapid fòs miltinasyonal pou kore sekirite a, pou evite peyi d Ayiti tonbe nan plis katyouboumbe toujou. Se deklarasyon sekretè jeneral Òganizzasyon Nasyon zini yo, natif natal Pòtigal Antonio Guterres, lendi 4 mas 2024 la. Nasyon zini di li gen gwo tèt chaje douvan zak laterè gang ak zam yo, nan dènye jou sa yo, daapre sa pòtvwa sekretè jeneral Nasyon zini yo di laprès entènasyonal.

Menm jan y ap plede di sa depi plizyè lane, Antonio Guterres kontinye mande pou ta gen antant prese prese ant gouvènman defakto a ak dirijan politik yo, pou fè rekanpe enstitisyon demokrasi yo, ki ka manen nan eleksyon. Kouman li va posib pou eleksyon fèt nan peyi d Ayiti, kote tout teritwa a anba kontwòl gang ak zam k ap pilonnen tout dwa moun yo ? [ppsf emb rc apr 05/03/2024 14:40]