Español English French Kwéyol

Ayiti : Pou ki tout bri?

Gotson Pierre

Pòtoprens, 2 mas 2024 [AlterPresse] --- Akò Ariel Henry nan pòch li kounye a. Akò Ayiti ak Kenya pou koperasyon ant lapolis 2 peyi yo. Li siyen, dapre sa laprezidans Kenya a anonse premye mas 2024 la. Sa pase nan Naywobi an prezans premye minis defakto ayisyen an ak prezidan Kenya a, William Ruto.

Se yon pyès enpòtan pou pèmèt lapolis peyi Kenya a vin deplòtonnen nan Misyon miltinasyonal sekirite, peyi sa a gen pou vin dirije an Ayiti.

Lavèy, se yon gwo demonstrasyon fòs gang yo bay nan kapital Ayiti a. Yon bann katye nan Pòtoprens viv yon moman lanfè pandan atak sa yo ak gwo kout zam.

Pami viktim yo, gen omwen 4 polisye epi gang yo fè frap senbolik patikilyèman sou aryopò, ki parèt tankou yon zòn estratejik enpòtan.

Anplis yo atake, boule plizyè komisarya ak sou-komisarya polis, jan yo abitye fè. Yo frape Akademi lapolis la, ant Frè ak Pènye. Se pi gwo etablisman lapolis genyen sou tout teritwa a.

Kouman pou moun konprann atak kòdone sa a, pandan gang yo afime y ap aji nan tètansanm?

Éske se vre se pou apiye demach pouvwa a pou jwenn entèvansyon etranje?

Èske se yon mesaj gang yo ak sektè k ap apiye yo voye bay kominote entènasyonal la?

Ki sans politik sa k pase a? [02/03/2024 12 :00]

Sijè sa a debat nan TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 FM.

Envite : Jean Garry Denis, direktè Enstit ayisyen obsèvatwa politik piblik (Inhopp).

Gade tout emisyon an sou Youtube :

Foto : kopi ekran videyo