Gang ak zam kidnape yon pè, 6 frè Kongregasyon Sakre Kè ak yon pwofesè, vadredi 23 fevriye 2024 la
Pòtoprens, 25 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Gen yon fo medikaman, ki rele « FADA Fenobarbital », k ap vann nan yon boutèy mawon ki make Citrato de cafeina 20 miligram, ki ka lakoz gwo pwoblèm lasante lè moun ta pran l. Malerezman, fo medikaman sa a ap vann nan peyi d Ayiti. Ministè sante piblik voye yon avètisman bay popilasyon an pou l pa ni achte, ni pran fo medikaman « Fada fenobarbital » sa a. Ministè sante piblik fè konnen tout sila k ap vann fo medikaman sa a va sibi gwo sanksyon.
Diri, ki soti nan peyi Etazini pou vin vann nan peyi d Ayiti, chaje ak pwodui ki pot non asenik ak kadmyòm, ki se pwazon pou lasante, ki pa bon ditou pou lasante. 2 pwodui sa yo ka ogmante danje pou moun vin trape kansè, vin gen pwoblèm kè, trape maladi sik ak lòt maladi. Se sa Inivèsite Michigan peyi Etazini revele, mèkredi 21 fevriye 2024 la, nan yon rapò etid, chèchè Inivésite Michigan yo te fè nan tèt kole ak Òganizasyon kominotè pou agrikilti ayisyen an. Depi plizyè lane, espesyalman finisman lane 1980 yo, gen yon politik louvri vant peyi d Ayiti bay diri ki sot lòt bò, espesyalman diri ki sot nan peyi Etazini. Se yon politik baryè lib ki vin kraze pwodiksyon diri peyi a. Se yon politik baryè lib ki fè tout sila, k ap plante diri nan peyi d Ayiti, gen gwo dikikilte pou rive vann diri yo fè nan jaden yo. Se sa etid Inivèsite Michigan peyi Etazini a ansanm ak Òganizasyon kominotè pou agrikilti ayisyen an fè sonje.
Pou pi piti 8 moun, pami yo, yon polisye nasyonal, mouri anba bal gang ak zam, nan Kafou ak Fò nasyonal, jedi 22 ak vandredi 23 fevriye 2024 la.
Depi vandredi swa 23 fevriye 2024 la, plizyè fanmi sètoblije kouri kite kay yo, nan zòn Plas Jeremi, ri Kamo, ri Nikola ak katye ki anviwonnen yo, nan Pòtoprens, akoz atak gang ah zam Gran Ravin yo.
Vandredi maten 23 fevriye 2024 la, douvan kolèj Jean 23, sou bisantnè Pòtoprens, gang ak zam kidnape 6 frè kongregasyon Sakre Kè a ak yon pwofesè lekòl Jean 23 a. Menm vandredi 23 fevriye 2024 la, gang ak zam kidnape, nan menm katye Bisantnè Pòtoprens lan, yon pè katolik women, ki te fèk chante yon mès nan legliz Notre Dame Fatima.
Apre zak kriminèl sa a, responsab kolèj Jean 23 yo deside fèmen pòt lekòl la sou Bisantnè a.
Monseyè katolik women Ansavo/Miragwán nan, Pierre André Dumas, ap pran swen kounye a nan peyi Etazini, apre l te blese dimanch 18 fevriye 2024 la, lè te gen yon boum peta kote l te ye Petyonvil la. Se sa alatèt legliz katolik women Ayiti yo fè konnen.
Sa n ap viv la a, se yon brigandáy politik. Se yon ti pa k ap mennen nou nan diktati rèd. Esepte libète lapawòl, esepte lalwa bouch nou, y ap pilonnen tout libètè yo, y ap pilonnen tout dwa moun yo. Nou pa genn okenn dwa. Gang ak zam, enpinite… kapasite nuizans politisyen yo, ki wè pito enterè pèsonèl yo olye enterè peyi d Ayiti yo, anpeche lekòl fonksyone. Se kèk pami konsiderasyon pwofesè Marguerite Clérié, ki se prezidant Asosyasyon pwofesyonèl lekòl prive yo, nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Gen gwo danje sou edikasyon nan peyi d Ayiti, kote plis pase mil 500 lekòl sètoblije fèmen akoz laterè ak lòt kalte vyolans gang ak zam yo. Se kout rèl ankò pwofesè Marguerite Clérié, prezidant Asosyasyon pwofesyonèl lekòl prive yo, ki t ap pale nan emisyon TiChèzBa sou AlterRadio 106.1 Fm ak divès lòt platfòm entènèt.
Jedi 22 fevriye 2024 la, lapolis naasyonal la di li arete Eliezer Casimir, 29 lane, ki gen ti non « Avyon » epi ki ta nan alyansáy ak gang ak zam Kanayan yo. Lapolis nasyonal la di l sispèk Eliezer Casimir, pami sila k ap simen laterè nan Fon Chwal, zòn tè Wouj, komin Mibalè, depatman Plato santral.
Menm jedi 22 fevriye 2024 la, lapolis nasyonal la arete Sen Mak Olrich Volcy, li sispèk ki nan alyansáy ak gang ak zam Grann Salin, depatman Latibonit.
Vandredi 23 fevriye 2024 la, lapolis nasyonaal arete Steven Doresca, 36 lane, nan Jakmèl, depatman Sidès. Nan kesyon Sèvis depatman lapolis k ap travay pou lajistis la (Sdpj) te poze l, Steven Doresca ta rekonèt se limenm ki te touye madanm ni Kimberly Viltanis, lendi 12 fevriye 2024 la, nan Leyogán, dapre lapolis.
Gouvènman peyi Venezyela a deja resevwa 500 milyon dola nan men gouvènman defakto Ayiti a, pou peye dèt lajan pwogram PetwoKaribe a. Se sa ministè enfòmasyon peyi Venezyela fè konnen, dapre sa ajans Reuters rapòte.
Gouvènman peyi Etazini a pral kontinye fè sansiblizasyon bò kote plizyè lòt gouvènman, pou ankouraje yo bay resous moun, lajan ak materyèl, ki ta ka ride Misyon miltinasyonal pou kore sekirite[n1] a deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa gouvènman ameriken an pral defann nan reyinyon Kominote peyi Karayib yo (Caricom), ant dimanch 25 pou rive mèkredi 28 fevriye 2024 la, k ap fèt nan peyi Guyana. Se sa Brian Nichols, sekretè leta an apre depatman leta ameriken an, ekri sou kont X li. [ppsf emb rc apr 25/02/2024 11:50]
