Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Diri, ki soti nan peyi Etazini pou vin vann nan peyi d Ayiti, chaje ak pwodui asenik ak kadmyòm, ki se pwazon pou lasante

Pòtoprens, 23 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Diri, ki soti nan peyi Etazini pou vin vann nan peyi d Ayiti, chaje ak pwodui ki pot non asenik ak kadmyòm, ki se pwazon pou lasante, ki pa bon ditou pou lasante. 2 pwodui sa yo ka ogmante danje pou moun vin trape kansè, vin gen pwoblèm kè, trape maladi sik ak lòt maladi. Se sa Inivèsite Michigan peyi Etazini revele, mèkredi 21 fevriye 2024 la, nan yon rapò etid, chèchè Inivésite Michigan yo te fè nan tèt kole ak Òganizasyon kominotè pou agrikilti ayisyen an. Depi plizyè lane, espesyalman finisman lane 1980 yo, gen yon politik louvri vant peyi d Ayiti bay diri ki sot lòt bò, espesyalman diri ki sot nan peyi Etazini. Se yon politik baryè lib ki vin kraze pwodiksyon diri peyi a. Se yon politik baryè lib ki fè tout sila, k ap plante diri nan peyi d Ayiti, gen gwo dikikilte pou rive vann diri yo fè nan jaden yo. Se sa etid Inivèsite Michigan peyi Etazini a ansanm ak Òganizasyon kominotè pou agrikilti ayisyen an fè sonje.

Jedi 22 feriye 2024 la, ofisye lapolis nasyonal la Gerto Cadet mouri nan kondisyon ki poko klè. Sa rive nan katye Mawotyè 85, komin Kafou, depatman Lwès. Lanmò polisye Gerto Cadet a fè se 3 polisye nasyonal, ki mouri nan lespas 9 jou sou teritwa Ayiti a, dapre Sendika nasyonal polisye Ayisyen yo (Synapoha).

Manda jij Al Duniel Dimanche kòm jij enstriksyon, ki te tanmen 29 janvye 2021 bout depi 29 janvye 2024. Manda l kòm jij enstriksyon poko renouvle. Konsa, jij Al Duniel Dimanche pa gen dwa pou fè enstriksyon okenn dosye, ni al poze sele sou yon biwo Sant nasyonal ekipman (Cne), jan l t al fè sa, jedi 22 janvye 2024 l, ansanm ak plizyè polisye nasyonal ki te akonpaye l. Se avètisman Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj) voye nan yon lèt bay jij Al Duniel Dimanche. Cspj tou voye yon lèt bay alatèt lapolis nasyonal la Frantz Elbé, kote l di l manda jij Al Duniel Dimanche fini depi dat 29 janvye 2024 la.

Desizyon jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire, ki mande pou ansyen premye minis defakto Claude Joseph al jije, ansanm ak 50 lòt chabrak, douvan yon tribinal kriminèl, poutèt yo ta gen areevwa ak kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan, se ta yon zak politik ki gen men premye minis defakto Ariel Henry kache dèyè l. Se konsiderasyon Claude Joseph sou desizyon 25 janvye 2024 la jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire. Claude Joseph deklare l ap kontinye batay kare bare kont Arel Henry, li di ki se yon diktatè.

« Nou wè yon Leta k ap tonbe an degraba nètalkole. Sa lakoz tout moun anba yon gwo soufrans san parèy, non sèlman anba tout kalte zak vyolans yo, pami yo kadejak ak lòt kalte vyolans sou fanm ak ti fi yo, men tou paske moun gen anpil difikilte pou rive jwenn pwodui ki pi enpòtan yo nan peyi d Ayiti ». Avèk laterè gang ak zam yo ap simen yo, sitou nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan, sitiyasyon peyi d Ayiti a kontinye angrave pi rèd. Nou dwe pote kole pou ride lapolis nasyonal Ayiti a kwape vyolans gang ak zam yo. Sa ki va mete peyi a sou ray demokrasi ak pèmèt popilasyon an viv nan kè poze. Se dizon minis zafè etranje peyi Etazini a, Anthony John Blinken, jedi 22 fevriye 2024 la, nan peyi Brezil.

Youn nan defi pi ijan, monn lan dwe leve, se nan peyi d Ayiti li ye. Pawòl, Anthony Blinken, sekretè deta peyi Etazini a, nan finisman, jedi 22 fevriye 2024 la, chita pale minis zafè etranje peyi G20 yo ki t ap fèt Brezil. Gwoup G20 an rasanble 19 peyi ki gen ekonomi ki pi dyanm nan monn lan, plis Inyon peyi Ewòp yo ak Inyon peyi afriken yo.

Tout dirijan ki te patisipe nan woumble G20 an nan peyi Brezil dakò, se yon fòs dyanm ki ta dwe vin ride lapolis nasyonal la kwape gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a. Se pou sa dirijan sa yo pwomèt resous moun, lajan ak materyèl pou ride minsyon miltinasyonal la vin deplòtonnen. Se konsa minis defakto zafè etranje Ayiti a, Jean Victor Généus (ki okipe pòs sa a depi dat 25 novanm 2021), bat bravo pou rezilta l di woumble G20 22 fevriye 2024 la ta pote pou Ayiti.

Gen 120 milyon dola ameriken an diplis, ki disponib pou ride Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Lajan sa a ap ajoute sou angajman 12 peyi (pami yo 14 milyon dola ameriken peyi Japon) te deja pwomèt yo. Se sa sekretè leta ameriken an, Anthony John Blinken, fè konnen nan yon kozman ak laprès, jedi 22 fevriye 2024 la, nan peyi Brezil.

Gouvènman peyi Kanada a pwomèt 80 milyon 500 mil dola kanadyen pou ride Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Sou kantite lajan sa a, l ap bay 27 milyon dola kanadyen pou achte ekipman pwoteksyon, machin ak materyèl kominikasyon pou lapolis nasyonal la. Se sa minis zafè etranje peyi Kanada a, Mélanie Joly, fè konnen nan woumbe G20 an nan peyi Brezil.

Se ant 515 pou rive 600 milyon dola ameriken, ki ka depanse sou 2 lane pou Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a ta vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Men, kantite lajan ki pral nesesè yo va depann de plan operasyon ak bezwen sou teren an. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte semenn sa a.

Nan pakèt chita pale sa yo, anyen poko janm klè èske fòs miltinasyonal sa a ap vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, ni nan ki dat misyon miltinasyonal sa a ta kapab rive. [ppsf emb rc apr 23/02/2024 14:40]