Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Léon Charles bay demisyon l kòm reprezantan peyi d Ayiti douvan Oea, apre kabinè enstriksyon deside pou l ta al jije douvan yon tribinal kriminèl, ansanm ak 50 lòt chabrak, sou dosye kò sasinay sou Jovenel Moïse lan

Pòtoprens, 22 fevriye 2024 [AlterPresse] --- « M pral sévi ak tout chimen lalwa trase, pou m voye jete akizasyon tèt chat jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire met sou do m yo, nan desisyon l lan. Se yon fason pou m fè yo rekonèt mwen inosan ak pou lave onè m ». Se kèk pami mo ansyen direktè jeneral Lapolis nasyonal la Léon Charles ekri sou kont X li, apre jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire mande pou l ta jije, ansanm ak 50 lòt chabrak, douvan yon tribinal kriminèl. Mèkredi 21 fevriye 2024, Léon Charles di, sou kont X li, li remèt demisyon l kòm reprezantan peyi d Ayiti douvan Òganizasyon leta ameriken (Oea).

« Alòskè li te resevwa anpil kout rèl Jovenel Moïse, nan moman asayan t ap antre ak lafòs lakay Jovenel Moïse, Léon Charles te montre li gen yon konpòtman pouryanis ak ensousyan. Léon Charles pa t degaje l ale an ijans ak twoup li yo lakay Jovenel Moïse ». Se sa jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire ekri nan desisyon l 25 janvye 2024 la.

Se mèkredi 21 fevriye 2024 la pakè tribinal sivil Pòtoprens lan resevwa ofisyèlman desizyon 25 janvye 2024 jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire la, dapre kopi yon lèt ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. Martine Joseph Moïse, madan defen Jovenel Moïse, ansyen premye minis Claude Joseph ak ansyen direktè jeneral lapolis la Léon Charles sou lis 51 chabrak, ki ta dwe al jije douvan yon tribinal kriminèl sou dosye kò sasinay 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan, dapre desizyon 25 janvye 2024 la.

Poutèt yo ta mele nan zak koripsyon, sa k pa sa, gaspiyáy byen ak lajan leta, pakè tribinal sivil Pòtoprens mande lapolis, nan dat 21 fevriye 2024 la, mennen douvan l plizyè ansyen gwo chabrak, tankou ansyen palmantè Joseph Lambert, Richard Lenine Hervé Fourcand, Garcia Delva, Wanique Pierre, epitou Jameley Jean-Baptiste ki se direktè jeneral Ofis nasyonal asirans vyeyès (Lona), Stéphanie Mondestin ki se ansyen direkris an apre Lona ak Peterson Juste sou menm dosye Lona a.

Nan yon papye tenbre li voye bay premye minis defakto a nan dat mèkredi 21 fevriye 2024, platfòm politik Rezistans demokratik (Red) bay Ariel Henry delè yon jou, pou l kite direksyon politik peyi d Ayiti a, sou baz akò 21 desanm 2022 a li te siyen ak alyansáy li yo. Depi dat 7 fevriye 2024, Ariel Henry pa gen ni tit ni kalite pou l toujou nan gouvènay peyi d Ayiti, dapre platfòm politik Rezistans demokratik (Red).

Tout sila, pwopriyetè, anplwaye konpayi avyon, konpayi transpò nan machin ak sou lanmè, ki va òganize vwayaj pou fè moun antre san papye ak nan move kondisyon sou teritwa ameriken an, gouvènman peyi Etazini a vini ak yon nouvo politik pou koupe viza moun sa yo. Pèsonn, raketè, konpayi prive, fonksyonè gouvènman, pa dwe pwofite de sitiyasyon fanm ak gason migran yo. Se sa depatman leta ameriken fè konnen.

Dezenfòmasyon, briganday politik, responsabilite sitwayèn ak sitwayen yo, wòl medya ak jounalis yo. Se tèm yon brase lide sou entènèt Gwoup Medyaltènatif (Gm) òganize, jedi 22 fevriye 2024 la, ansanm ak patnè l yo (Oganizasyon entènasyonal frankofoni/Oif, Inyon peyi Ewòp yo ak Solidarite fanm ayisyèn jounalis/Sofehj). Brase lide sou entènèt jedi 22 fevriye 2024 la antre nan kanpay pou ankouraje medya, jounalis, sitwayèn ak sitwayen yo, kanpe goumen kont dezenfòmasyon nan peyi d Ayiti.

Nan okazyon Jounen entènasyonal Lang manman yo, 21 fevriye, plizyè enstitisyon swete se Kreyòl ayisyen an sèvi tout bon nan sistèm lajistis peyi d Ayiti a.

Fakilte dwa ak syans ekonomik andedan Inivèsite leta d Ayiti a pwomèt li pral met kanpe yon espas Kreyòl ayisyen an nan sistèm lajistis la. Tradui lwa ak kòd yo ta dwe youn nan premye gwo travay espas Kreyòl ayisyen an, nan Fakilte dwa ak syans ekonomik lan, dapre dwayen fakilte Inivésite leta sa a.

Tout sèvis Leta yo ta dwe bay nan lang Kreyòl ayisyen an, dapre Fakilte dwa ak syans ekonomik andedan Inivèsite leta d Ayiti a.

Menm jan ak sistèm lajistis la, Kreyòl ayisyen an ta dwe layite nan tout branch aktivite nan peyi d Ayiti yo. Se pou sa, ak sipò Fon nasyonal edikasyon an, tout etidyant ak etidyan ki fè travay rechèch yo (ekri memwa pou jwenn lisans, metriz ak doktora) nan lang Kreyòl ayisyen an va kapab jwenn yon bourad pou pi piti 500 mil goud. Se pwomès ministè edikasyon nasyonal, ki fè sonje li distribye plis pase yon milyon sèl grenn liv nan Kreyòl ayisyen an, pou klas premye ak dezyèm lane fondamantal yo.

Ministè edikasyon nasyonal di l prevwa distribye nan lekòl Leta ak prive yo plis pase yon milyon yon sèl grenn liv Kreyòl ayisyen an, pou klas twazyèm ak katriyèm lane fondamantal yo.

Gouvènman peyi Etazini a swete peyi Brezil pote kole pou ta fè fòs militè entènasyonal la vin deplòtonnen, pou ride pote amelyorasyon nan zafè sekirite sou teritwa Ayiti a. Se sa sekretè leta ameeriken an, Anthony Blinken, di prezidan Brezil la, Luis Inacio (Lula) Da Silva, nan yon chita pale, nan moman woumble G20 yo, jedi 22 fevriye 2024 la, nan peyi Brezil. Gwoup G20 an rasanble 19 peyi ki gen ekonomi ki pi dyanm yo, plis Inyon peyi Ewòp yo ak Inyon peyi afriken yo.

Se ant 515 pou rive 600 milyon dola ameriken, ki ka depanse sou 2 lane pou Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a ta deplòtoonnen sou teritwa Ayiti a. Men, kantite lajan ki pral nesesè yo va depann de plan operasyon ak bezwen sou teren an. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte. [ppsf emb rc apr 22/02/2024 15:05]