Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Monseyè Pierre André Dumas pa pi mal apre l te blese nan yon boum peta

Akoz move konpòtman, Cspj kwape 12 majistra nan sistèm lajistis la

Pòtoprens, 21 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Eta sante Monseyè katolik women Ansavo/Miragwán nan Pierre André Dumas pa pi mal. Monseyè Pierre André Dumas te blese, dimanch swa 18 fevriye 2024, lè te gen yon boum peta kote l te ye a nan Pòtoprens. Se sa alatèt legliz katolik women Ayiti yo fè konnen nan yon nòt.

2 moun, lapolis sispèk kòm bandi, mouri lendi 19 fevriye 2024 la nan boukantáy kout zam ak lapolis nasyonal la. Sa rive nan Fon Cheval, komin Mibalè, depatman Plato santral, apre yon atak ak zam bandi te fè sou pòs polis Tè Wouj la, sou wout Mibalè/Pòtoprens lan, dapre lapolis.

Akoz pwoblèm moralite, dwèt long siperyè, rakèt, pran lajan nan men moun, Konsèy siperyè pouvwa lajistis la (Cspj) mande pou retire 12 majistra nan sistèm lajistis peyi d Ayiti a. Men, Cspj bay 30 lòt majistra bon kanè. Cspj rekonèt 30 majistra sa yo gen bon konpòtman, yo kapab kontinye travay nan lajistis peyi d Ayiti a. Konsèy siperyè pouvwa lajistis la tou di gen 18 dosye majistra ki ekzije plis ankèt, anvan l bay dizon l sou yo.

Martine Joseph Moïse, madan defen Jovenel Moïse, di l gen dout sou kapasite jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire, ki mande pou limenm ak 50 lòt chabrak al jije douvan yon tribinal kriminèl. Nan yon lèt li voye bay pakè tribinal sivil Pòtoprens lan, Martine Joseph Moïse di manda jij enstriksyon Voltaire te bout, anvan l te rann desizyon l nan dat 25 janvye 2024 la. Martine Joseph Moïse ekzije limyè fèt sou kò sasinay 7 jiyè 2021 an sou mari l Jovenel Moïse.

Martine Joseph Moïse, madanm defen Jovenel Moïse, sou yon lis 51 gwo chabrak jij enstriksyon Walter Wesser Voltaire deside, ki ta dwe al jije douvan yon tribinal kriminèl sou dosye kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan.

Dezenfòmasyon, briganday politik, responsablite sitwayèn ak sitwayen yo, wòl medya ak jounalis yo. Se tèm yon brase lide sou entènèt Gwoup Medyaltènatif (Gm) ap òganize, jedi 22 fevriye 2024 la, ansanm ak patnè l yo (Òganizasyon entènasyonal frankofoni / Oif, Inyon peyi Ewòp yo ak Solidarite fanm ayisyèn jounalis / Sofehj). Brase lide sou entènèt jedi 22 fevriye 2024 la antre nan kanpáy pou ankouraje medya, jounalis, sitwayèn ak sitwayen yo kanpe goumen kont dezenfòmasyon nan peyi d Ayiti.

Operasyon espwatasyon yon min lò, konpayi Unigold peyi Kanada ap pare pou fè nan zòn Dajabón nan peyi Repiblik Dominiken, pral lakoz gwo domaj sou anviwónman peyi d Ayiti a. Operasyon espwatasyon lò sa yo pral fè bese ti fèb kantite dlo peyi a. Ou bezwen yon mwayèn 500 mil lit dlo, pou w rive retire ak lave yon kilogram lò. Konsètasyon pou Ayiti, ki se yon rasanbleman plizyè òganizasyon ak pèsonalite nan Kebèk/Kanada, di l pote solidarite l bay tout òganizasyon nan peyi d Ayiti, ki di gwo kè kase yo genyen pou jan espwtasyon lò sa yo, ki pral sèvi ak pwazon ki pot non syani an, pral kontamine larivyè Masak ak gwo dlo Latibonit lan. Dlo larivyè Masak ak gwo dlo Latibonit lan sèvi peyizan ayisyen yo anpil, pou yo wouze jaden diri ak lòt pwodui yo sou fwontyè ant 2 peyi yo. Ou ka li avètisman Konsètasyon pou Ayiti a nan yon dokiman, ki sou espas entènèt AlterPresse la.

Nan okazyon woumble G20 yo, k ap fèt nan peyi Brezil, Santral otonom travayèz ak travayè ayisyen yo (Cath) mande sendikalis toupatou sou latè, espesyalman peyi Brezil yo, ride pèp ayisyen an soti nan madoulè laterè gang ak zam yo, zak kidnaping ak lòt kalte vyolans yo. Zak vyolans sa yo pouse anpil anpil moun ap kouri kite lakay yo, pou al chèche refij lòt kote, detan anpil anpil timoun pa ka ale lekòl. Se yon jij lakou kasasyon, ki ta dwe enstale nan direksyon politik peyi a, pou pèmèt sekirite retabli ak òganize eleksyon, dapre Santral otonom travayèz ak travayè ayisyen yo.

Kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a antre nan diskisyon k ap fèt nan divès woumble, tankou chita pale minis zafè etranje Gwoup G20 yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. G20 an rasanble 19 peyi ki gen ekonomi ki pi dyanm yo, plis Inyon peyi Ewòp yo ak Inyon peyi afriken yo. [ppsf emb rc apr 21/02/2024 15:24]