Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Bandi ak zam asasien yon lòt polisye nasyonal Okap, kout zam kontinye ap pete anba lavil Pòtoprens

Pòtoprens, 20 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Lendi 19 fevriye 2024 la, bandi ak zam asasinen ofisye polis Cynce Rémy, 22zyèm pwomosyon lapolis nasyonal la, nan moman l te nan machin ansanm ak madanm ni ak pitit li, sou wout pou antre lakay li. Zak kriminèl sa a fèt nan zòn Ti Tans, Okap, depatman Nò, apre polisye a te sot labank, dapre sa Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) rapòte sou AlterPresse ak AlterRadio

Madi maten 20 fevriye 2024 la, anpil kout zam t ap chante anba lavil Pòtoprens lan.

Anpil kout zam t ap chante tou lannuit lendi 19 fevriye 2024 la nan zòn Fò nasyonal, komin Pòtoprens. Yon sitiyasyon ki pouse anpil anpil moun kouri kite kote yo te rete pou al cheche refij lòt kote, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Kout bal ki t ap pete, nan mitan jounen lendi 19 fevriye 2024 la, te lakoz gwo kous kouri nan Nazon, avni Poupla ak zòn ki viwonnen yo, Pòtoprens, dapre enfòmasyon ki te vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio. Moun nan zòn sa yo sanble t ap pare pou al leve kanpe kont bri ki ta fè kwè y ap retire ajan polis Brigad operasyon ak entèvansyon depatman an (Boid), ki estannbáy nan Fò nasyonal. Lapolis nasyonal kouri met yon nòt deyò, kote l di se pa vre pa gen desizyon pou retire ajan Boid yo nan Fò nasyonal. Lapolis nasyonal la mande popilasyon an rete tèt frèt, pa pran nan mannèv bri k ap kouri, ki ka mete lapolis la tèt anba.

Nan mwa janvye 2024 la, se plis pase 71 moun ki mouri ak 87 lòt ki blese ak bal nan vyolans gang ak zam yo, nan Lasalin. Akoz vyolans gang ak zam yo, plizyè lopital (Lopital Chansrèl, Klinik Metodis, Medical Center nan Lasalin, Lopital Fontèn, Lopital Bennett, elatriye) sètoblije sispann bay sévis laswenyáy nan komin Site Solèy. Se yon gwo madoulè, espesyalman pou timoun ak fanm ansent yo. Depi lane 2024 la koumanse, se plis pase 20 mil moun ki kouri kite lakay yo, sèlman nan zòn metwoplitenn Pòtoprens lan, pou al chèche refij lòt kote. Se Kout rèl Biwo Nasyon zini pou kòdinasyon zafè imanitè yo nan peyi d Ayiti (Ocha).

Ekip rejim defakto a kontinye ap maniganse ak gang yo pou konplike lavi popilasyon an. Peyi d Ayiti ap fè fas kare ak yon Leta, ki pa bay dwa moun okenn valè. Se yon ensekirite leta. Otorite yo, ki pa gen pwoblèm ak klima laterè a, livre peyi d Ayiti bay gang ak zam yo. Anpil anpil fanmi sètoblije ap kouri kite lakay yo, akoz vyolans gang ak zam yo, san otorite defakto pa fè anyen pou kwape zak kriminèl sa yo. Se konsa Rezo nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh) di l estomake douvan fason gang ak zam yo ap plede pilonnen dwa moun sou teritwa Ayiti a, nan yon entèvyou li bay AlterPresse ak AlterRadio.

Pakè tribinal sivil Okáy la, depatman Sid, ta dwe pran dispozisyon pou tande tout moun, pami yo ansyen ofisye polis Guy Philippe gouvènman Etazini te depòte nan dat 30 novanm 2023 a, pou patisipasyon yo nan atak ak zam, lendi 16 me 2016, kont konisarya polis Okáy la. Lè sa a, yon polisye nasyonal te mouri epi plizyè lòt te blese. Se demann Rezo Nasyonal k ap defann dwa moun yo (Rnddh), nan yon lèt li voye bay pakè tribinal sivil Okáy la.

Popilasyon an pa ta dwe kite l pran nan pyèj sila k ap mennen kanpáy pou mete l anfas lapolis la, pou fè lapolis nasyonal la vin tèt anba. Se dizon, nan yon kozman ak laprès, Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha). Synapoha di l regrèt move ajisman yon seri polisye nasyonal nan mouvman leve kanpe kont gouvènman defakto a, lè gaz lakimojèn lapolis la te pete je jounalis Jean-Marc Jean jedi 8 fevriye 2024 la, sou Dèlma a.

Operasyon espwatasyon yon min lò, konpayi Unigold peyi Kanada ap pare pou fè nan zòn Dajabón nan peyi Repiblik Dominiken, pral lakoz gwo domaj sou anviwónman peyi d Ayiti a. Operasyon espwatasyon lò sa yo pral fè bese ti fèb kantite dlo peyi d Ayiti a. Ou bezwen yon mwayèn 500 mil lit dlo, pou w rive retire ak lave yon kilogram lò. Nan yon dokiman ou ka li sou espas entènèt AlterPresse, Konsètasyon pou Ayiti, ki se yon rasanbleman plizyè òganizasyon ak pèsonalite nan Kebèk/Kanada, di l pote solidarite l bay tout òganizasyon nan peyi d Ayiti, ki di gwo kè kase yo genyen pou jan espwtasyon lò sa yo, ki pral sèvi ak pwazon ki pot non syani an, pral kontamine larivyè Masak ak gwo dlo Latibonit lan. Dlo larivyè Masak ak gwo dlo Latibonit lan sèvi peyizan ayisyen yo anpil, pou yo wouze jaden diri ak lòt pwodui yo sou fwontyè ant 2 peyi yo.

Kriz k ap brase bil peyi d Ayiti a antre nan diskisyon k ap fèt nan divès woumble, tankou chita pale minis zafè etranje Gwoup G20 yo, dapre enfòmasyon AlterPresse ak AlterRadio rasanble. G20 an rasanble 19 peyi ki gen ekonomi ki pi dyanm yo, plis Inyon peyi Ewòp yo ak Inyon peyi afriken yo. [ppsf emb rc apr 20/02/2024 14:32]