Pòtoprens, 18 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Pa gen boulvès nan tan an, ki sèk sou gwo zile Karayib yo, koumansman semenn sa a.
Se sa espesyalis ayisyen yo nan kondisyon tan an fè konnen, nan dènye bilten ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Men, boulvès lokal nan tan an ap báy ti aktivite lapli, nan aswè ak pandan lannuit lan, sou plizyè tèt mòn depatman peyi d Ayiti yo.
Gen kout van k ap soufle sou depatman peyi d Ayiti yo, pandan jounen an.
Gen solèy ak ti bouyáy, nan maten.
Ap gen nyáj nan finisman apremidi ak aswè.
Soti nan nivo 34 degre Sèlsiyis, tanperati a pral desann ant 22 pou al 18 degre Sèlsiyis, nan aswè.
Tanperati a kontinye fre lannuit yo.
Ki jan lanmè a ye jodi a ?
Detan yo va evite rantre nan fon lanmè a, k ap move anpil, kaptenn bato, chaloup, bwa fouye, pipirit yo, dwe pran prekosyon nesesè yo bò tout kòt peyi d Ayiti yo.
Vag yo ap monte nan nivo 9 pye wotè bò kòt Sid peyi d Ayiti yo. [rc apr 18/02/2024 10:40]