Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Pohdh lonje dwèt sou konpòtman sinik ak manfouben gouvènman defakto a, ki pa fè anyen pou kwape degenn gang ak zam yo

Pòtoprens, 16 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh) lonje dwèt sou konpòtman sinik ak manfouben gouvènman defakto a, ki pa fè anyen pou kwape degenn gang ak zam yo, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Rektora Inivèsite Leta d Ayiti a plis Ministè kominikasyon ak lakilti, yo chak bò kote pa yo, wete chapo yo pou salye memwa doktè nan jeyografi Jean Saint-Vil, ki mouri anba maladi vandredi 9 fevriye 2024 la, nan Petyonvil. Jean Saint-Vil, ki te fèt nan lane 1945, se ansyen pwofesè nan Lekòl nòmal siperyè ak Fakilte syans moun andedan Inivèsite Leta d Ayiti a. Li te ekri anpil liv, atk ak pwezi.

Fè lang Kreyòl la jwenn vrè plas li nan sistèm lajistis nan peyi d Ayiti. Se sou tèm sa a te gen yon jounen brase lide, vandredi 16 fevriye 2024 la, nan Lekòl majistra-jij yo, sou lobedyans Rezo nasyonal majistra yo (Renamah). Jij, avoka, manm pakè tribinal sivil, grefye ak pwofesè nan inivèsite te patisipe nan diskisyon yo. Brase lide sa a antre nan yon seri aktivite, okazyon 21 fevriye ki se Jounen entènasyonal Lang manman yo.

Madi 13 fevriye 2024 a, lapolis nasyonal arete nan katye Fò Sen Michel, Okap/depatman Nò, yon natif natal peyi Jamayik Michel Winston Evan ansanm ak yon natif natal Ayiti, lapolis pa bay non l. Yo te jwenn plis pase 92 kilogram dwòg marijuana nan yon machin plak TQ 16409, yo te ladan. Gen yon lòt moun, ki te nan machin sa a, ki rive chape poul li, dapre lapolis.

Premye minis defakto a Ariel Henry, ki nan tèt Konsèy siperyè lapolis nasyonal la (Cspn), montre li gen yon konpòtman sinik ak manfouben. Li pa fè anyen pou kwape degenn gang ak zam yo, k ap simen laterè ak fè anpil anpil moun kouri kite kote yo rete, tankou nan komin Kafou ak Laplenn nan dènye jou sa yo. Se kout rèl Platfòm òganizasyon ayisyen dwa moun yo (Pohdh), ki di tèt li chaje anpil douvan sitiyasyon krèv kè sa a y ap fè popilasyon Ayiti a sibi.

Lapolis nasyonal la tounen yon zouti nan men Ariel Henry, ki gen entansyon met kanpe yon diktati nan peyi a. Se yon konplo kominote entènasyonal la fè ak gouvènman defakto Ariel Henry an pou kenbe peyi d Ayiti nan move sitiyasyon, li ye jodi a. Peyi d Ayiti nan yon sitiyasyon, kote pil ak pakèt moun ap kouri kite lakay yo pou al chèche refij lòt kote, akoz laterè gang ak zam yo. Se dizon ansyen minis jisis Lucmane Delille, nan yon kozman ak laprès jedi 15 fevriye 2024 la.

Gen 170 mil timoun vyolans gang ak zam yo fòse deplase sou teritwa Ayiti a, dapre Fon nasyon pou timoun (Unicef) ki leve lavwa sou yon ogmantasyon san gade dèyè pil ak pakèt zak vyolans gang ak zam yo, depi lane 2024 la koumanse.

Sou 9 jou, ant lendi 5 pou rive madi 13 fevriye 2024 la, laterè gang ak zam yo pouse 10 mil moun kite kote yo te rete pou al chèche refij lòt kote. Sa fè gen plis pase 313 mil moun ki sètoblije deplase sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Klima laterè gang ak zam yo anpeche ale vini fèt sou wout nasyonal yo. Se yon sitiyasyon ki bloke tout operasyon imanitè Pwogram lamanjáy mondyal (Pam) nan peyi d Ayiti, nan moman gen plis pase yon milyon 400 mil moun ki nan grangou rèd mare sou teritwa a. Se kout rèl Pwogram lamanjáy mondyal nan peyi d Ayiti, ki swete bon jan dispozisyon, ki ka pèmèt Pam pote asistans bay tout sila ki nan plis bezwen yo.

Fè ankèt ak rapousuiv tout sila ki gen men yo tranpe nan aktivite kriminèl transnasyonal. Fè respekte dwa moun ak yon leta ki chita sou dwa moun, travay pou lapè ak sekirite nan rejyon an. Se objektif Inite ankèt transnasyonal nan peyi d Ayiti pral rapousuiv, nan boukantáy enfòmasyon sou jan y ap fè lalwa mache nan peyi Ayiti ak Etazini. Se sa yon akò gouvènman defakto Ayiti a siyen, madi 14 fevriye 2024 la, ak gouvènman peyi Etazini a, prevwa. [ppsf emb rc apr 16/02/2024 14:45]