Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam boule plizyè dizèn moun ak anpil anpil kay nan Laplenn, nan nò Pòtoprens

Nan 9 jou, gang ak zam yo pouse plis pase 10 mil moun kite lakay yo

Pòtoprens, 15 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Nan dènye jou sa yo, gang ak zam asasinen plizyè dizèn moun nan Laplenn (nan nò Pòtoprens), dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Laterè gang ak zam yo pouse anpil fanmi kite kay kote yo te rete, akoz lese frape ant gang ak zam yo, depi plizyè jou, nan Laplenn (nan nò Pòtoprens). Gen plizyè moun ak kay gang ak zam yo boule, tankou nan zòn Mari Madlèn, pa twò lwen Maren, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Gen 2 timoun ki mouri ak plizyè lòt timoun ki blese ak bal, nan laterè gang ak zam yo, nan dènye jou sa yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Pou evite yo sibi anba degenn gang ak zam yo, gen anpil lopital ki pa kenbe malad yo, pami yo timoun ki t ap pran swen. Zak vyolans gang ak zam yo mete lavi timoun yo an danje, ni nan lari ni nan lekòl yo. Se kout rèl Fon Nasyon zini pou timoun (Unicef), ki fè sonje te gen plis pase 167 timoun ki te mouri anba bal pandan lane 2023 a nan peyi d Ayiti.

Gen 170 mil timoun vyolans gang ak zam yo fòse deplase sou teritwa Ayiti a, dapre Fon nasyon pou timoun (Unicef) ki leve lavwa sou yon ogmantasyon san gade dèyè pil ak pakèt zak vyolans gang ak zam yo, depi lane 2024 la koumanse.

Sou 9 jou, ant lendi 5 pou rive madi 13 fevriye 2024 la, laterè gang ak zam yo pouse 10 mil moun kite kote yo te rete pou al chèche refij lòt kote. Sa fè gen plis pase 313 mil moun ki sètoblije deplase sou teritwa Ayiti a. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Gouvènman defakto Ariel Henry an, ki dappiyanp lajistis, ta nan mannigans pou anpeche yo depoze plent nan kabinè enstriksyon Pòtoprens, kont lapolis ki te touye anba bal 5 ajan Brigad siveyans espas pwoteje yo (Bsap), nan Laboul, Petyonvil, mèkredi 7 fevriye 2024 la. Se sa avoka fanmi manm Bsap ki mouri yo denonse nan yon kozman ak laprès, kote yo lonje dwèt sou Ariel Henry ki ta fè lapolis nasyonal la tounen yon fòs k ap matirize popilasyon an.

Alatèt lapolis nasyonal yo ta dwe pran dispozisyon pou anpeche polisye nasyonal yo aji ak britalite kont jounalis, k ap feraye sou teren an. Se dizon òganizasyon SOS Jounalis, ki leve laavwa kont tantativ kò sasináy ak abi lapolis fè sou jounalis nan Dèlna, nan Okap/depatman Nò, Jeremi/depatman Grandans ak Ti Gwáv/depatman Lwès. Pami jounalis ki viktim anba men lapolis nasyonal la, gen Jean-Marc Jean ki resevwa yon kout bonbòn gaz lakimojèn ki pete yon je l, jedi 8 fevriye 2024 la, sou Dèlma.

Menm jan l te fè sa lendi 12 fevriye 2024 la, lapolis nasyonal la gaye ak gaz lakimojèn plizyè moun ki te rasanble, jedi 15 fevriye 2024 la, nan kafou Rezistans, kafou Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, nan objektif pou al rele chalbari dèyè gouvènman defakto Ariel Henry an.

Akò 21 desanm 2022, Ariel Henry te siyen ak alyansáy li yo, pase mòd. Li pa ekziste ankò depi dat 7 fevriye 2024 la. Kidonk, depi 7 fevriye 2024 la, Ariel Henry, ki echwe akoz pwoblèm kapasite politik li pa genyen, pa gen okenn dwa pou l nan direksyon politik peyi d Ayiti a ankò. Se pozisyon pati politik Rasanbleman demokrat nasyonal pwogresis yo (Rdnp).

Konplo pou kidnape ak asasinen Jovenel Moïse, pou rive nan direksyon politik peyi d Ayiti : se akizasyon sa a yon tribinal federal peyi Etazini met sou do Christian Emmanuel Sanon, ki gen 65 lane. Avèk nouvo akizasyon sa a, depi lajistis ameriken rekonèt li koupab, Christian Emmanuel Sanon, malgre l te di li pa gen anyen pou wè ak kò sasináy 7 jiyè 2021 an sou Jovenel Moïse lan, kapab pase tout rès lavi l nan prizon Etazini. Se sa jounal ameriken Miami Herald rapòte.

Madi 13 fevriye 2024 la, yon enspektè polis peyi Kenya, ki rele Walter Nyamato Nyankieya, mouri sibit nan yon otèl Washington peyi Etazini, nan moman li te vini kòm manm yon delegasyon peyi Kenya, ki te nan chita pale sou operasyon sekirite, lè fòs miltinasyonal la ta va deplòtonnen sou teritwa Ayiti a. Se sa plizyè medya kenyan rapòte.

Ant lendi 11 pou rive jedi 14 fevriye 2024, minis defakto lajistis la ak direktè jeneral lapolis nasyonal la te nan tèt yon delegasyon, ki t al chita pale Washington ak gwo chabrak gouvènmn peyi Etazini a plis yon delegasyon peyi Kenya sou ki sa k ta dwe fèt, pou fè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ta vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, dapre lapolis.

Gouvènman peyi Etazini a voye plizyè dèlko ak lòt ekipman vin estoke nan yon espas toupre aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, pou fòs miltinasyonal pou kore sekirite nan peyi d Ayiti a. Sa ta vle di preparasyon, pou fòs miltinasyonal sa a ta deplòtonnen, ta déjà kòmanse, dapre jounal ameriken Miami Herald. [ppsf emb rc apr 15/02/2024 15:00]