Español English French Kwéyol

Virewon aktyalite Ayiti : Gang ak zam asasinen nan Pòtoprens plizyè moun anba bal, pami yo yon polisye nasyonal Swat...

Pòtoprens, 14 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Madi 13 fevriye 2024 la, plizyè moun mouri ak anpil lòt blese, nan yon atak gang ak zam Vilaj Dedye yo fè nan zòn Penitansye nasyonal, Pòtoprens. Te gen boukantáy kout zam ant bandi yo ak gadyen prizon Penitansye nasyonal yo. Lapolis arete yon yon moun ki t ap jwe wòl siveye rapòte pou bandi yo, dapre temwayáy ki vinn jwenn AlterPresse ak AlterRadio.

Mèkredi 14 fevriye 2024 la, bandi ak zam asasinen ak plizyè bal polisye nasyonal Roobens Lector, ki soti nan 31nyèm pwomosyon polis nasyonal la, ki te nan Swat. Sendika nasyonal polisye ayisyen yo (Synapoha) denonse kò sasinay sa a, ki sanble ak yon ekzekisyon ki fèt toupre estad Sylvio Cator, nan Potoprens, mèkredi 14 fevriye 2024 la, sou polisye Roobens Lector, ki al ran dènye souf li nan lopital.

Lendi 12 fevriye 2024 la, plizyè moun blese ak bal nan kanaval, Konsèy ekzekitif enterimè Potoprens lan òganize ansanm ak gouvènman defakto a sou Channmas la, Pòtoprens, akote kan moun deplase nan ansyen lokal Rex Teyat la.

Lapolis nasyonal la te deplòtonnen plizyè polisye sou Channmas la, alòske li pa pran menm dispozisyon yo pou kwape degenn gang ak zam yo sou teritwa Ayiti a.

Avèk atak gang ak zam depi lendi 5 fevriye 2024 la, gen plis pase 2 mil 600 moun, ki vle di 629 fanmi, ki sètoblije kite komin Kafou, Site Solèy ak Taba, pou al chèche refij lòt kote. Se yon ranmase Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon yo (Oim).

Nan mikwo jounalis, plizyè fanm ak gason, ki sètoblije kite kote yo te rete nan dènye jou sa yo, akoz laterè gang ak zam yo nan Kafou, Site Solèy ak Taba, leve lavwa kont konpòtman manfouben otorite yo, ki pa fè anyen pou kwape zak kriminèl sa yo.

Gen 2 timoun ki mouri ak plizyè lòt timoun ki blese ak bal, nan laterè gang ak zam yo, nan dènye jou sa yo, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Pou evite yo sibi anba degenn gang ak zam yo, gen anpil lopital ki pa kenbe malad yo, pami yo timoun yo te mennen al pran swen. Zak vyolans gang ak zam yo mete lavi timoun yo an danje, ni nan lari ni nan lekòl yo. Se kout rèl Fon Nasyon zini pou timoun (Unicef), ki fè sonje te gen plis pase 167 timoun ki te mouri anba bal pandan lane 2023 a nan peyi d Ayiti.

Pandan Leta pa ka peye doktè, yo rive bay gang ak zam lajan epi yo rive òganize kanaval sou lamizè popilasyon an nan Pòtoprens. Se kout rèl doktè Lopital Lapè Dèlma 33 yo, ki ekzije Leta, yo konsidere ki fè yo tounen esklav modèn, peye yo plis pase 8 mwa traváy li dwe yo, detan yo lonje dwèt sou move kondisyon travay nan Lopital Lapè Dèlma 33 a.

Alòske yo te deplòtonnen sou Channmas pou kanaval, lapolis nasyonal la simen gaz lakimonjèn sou plizyè moun, ki te rasanble, lendi 12 fevriye 2024 la, nan kafou Rezistans, kafou wout Dèlma ak aryopò entènasyonal Pòtoprens lan, pou al rele chalbari dèyè gouvènman defakto Ariel Henry an.

13 fevriye, se Jounen mondyal radyo (Jmr). Radyo, se yon medya ki gen prèske 130 lane, kidonk plis pase yon syèk. Radyo gen yon wòl enpòtan nan enfòmasyon, divèti moun, espò, mizik, ledikasyon, elatriye. Se depi 14 fevriye 2013 Asanble jeneral Nasyon zini yo te rekonèt dat 13 fevriye chak lane kòm Jounen mondyal radyo. 13 fevriye 1946, se dat yo te met kanpe Radyo Nasyon zini yo. Gen radyo piblik, radyo k ap fè komès ak radyo kominotè. Nan peyi d Ayiti, radyo se pi gwo zouti kominikasyon pou pi fò moun.

Radyo itil anpil jounen jodi a. L ap toujou gen enpòtans ak valè pou fè demokrasi layite. Chita sou listwa rich radyo yo, sou jan radyo pote kole anpil nan sa k ap brase jounen jodi yo ak sou demen ki chaje ak anpil pwomès radyo ka charye : se pwopozisyon lide Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon,lasyans ak lakilti, yo plis konnen sou non Unesco, báy pou 13 fevriye 2024 la.

Malgre Entènèt vin gen anpil enpòtans nan dènye lane sa yo, radyo toujou rete zouti nimewo 1 pou plis pase 4 milya fanm ak gason nan monn lan, pou monn lan ka vin pi bon. Radyo, se yon mwayen teknik ki bay tout kate enfòmasyon, ki ede lakilti pran jarèt, detan li pote kole tou nan zafè ledikasyon. Se kèk eleman mesaj Fransèz Audrey Azoulay, direktris jeneral Òganizasyon Nasyon zini pou ledikasyon, lasyans ak lakilti (Unesco), okazyon 13 fevriye, ki se Jounen mondyal radyo (Jmr).

Konstitisyon peyi d Ayiti a pa rekonèt Ariel Henry, ki vle met yon rejim diktati nan peyi a. Ariel Henry pa gen okenn dwa pou l kontinye jwe wòl premye minis defakto nan direksyon politik peyi a. Se dizon Konferans pastè ayisyen yo (Copah).

Depi lendi 11 fevriye 2024 la, minis defakto lajistis la ak direktè jeneral lapolis nasyonal la nan tèt yon delegasyon, k al chita pale Washington ak gwo chabrak gouvènman peyi Etazini a sou ki sa k ta dwe fèt, pou fè fòs miltinasyonal pou kore sekirite a ta vin deplòtonnen sou teritwa Ayiti a, dapre lapolis.

Kominote entènasyonal la ta dwe aji pi vit pou anpeche popilasyon peyi d Ayiti a fin deperi anba laterè gang ak zam yo. Se deklarasyon prezidan Repiblik Dominiken an Luis Abinader, ki t ap pale, madi 13 fevriye 2024 la, nan yon reyinyon Konsèy sekirite Nasyon zini yo. [ppsf emb rc apr 14/02/2024 17:00]

Photo : Page X du Syndicat national des policiers haïtiens (Synapoha)