Haiti
Ti chèz ba

Gouvènman Bonifas-Latòti a kontinye ap ogmante pri gaz la pou ranfòse mizè pèp la


Ekri jou dimanch 7 out 2005

Nòt pou Laprès Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 6 out 2005

Nou pa kapab konte konbyen fwa gouvènman Bonifas - Latòti a deja monte pri gaz la depi li rive sou pouvwa a nan peyi a Dayiti. Depi Avril 2005, 2 mwa pa janm pase san pri gaz la pa ogmante. Malgre mobilizasyon manch long ki lanse kont ogmantasyon pri gaz la ak lavichè a, gouvènman an kontinyen ap ogmante pri gaz la sou pretèks pri a monte nan nivo entènasyonal. Sa ki pi grav, gouvènman an pwofite moman mobilizasyon yo ap kabicha pou li ogmante pri gaz yo sou mache a.

Dènye ogmantasyon yo rive nan yon moman kote mezi ki te pran anvan yo deja gen gwo konsekans sou kondisyon lavi popilasyon an. Ak pri gaz la ki monte a, pri pwodwi premye nesesite yo, pri lekòl, pri kay, pri liv pral kontinye monte pirèd toujou. Nan yon mwa ankò, anpil lekòl ap louvri pòt yo. Paran yo pral gen gwo difikilte pou yo fè fas ak sitiyasyon sa a, sitou ak pri lekòl yo k ap monte 17 wotè chak ane. Kidonk, ak mezi sa yo ki vin mete plis ensekirite nan tèt ak nan vant popilasyon an, gouvènman an ap kreye kondisyon pou plis ensekirite ak zak kidnaping kontinye blayi nan tout peyi a.

Gouvènman an, nan vwa premye minis la deklare politik sa ap kontinye, chak fwa pri gaz la ogmante sou mache entènasyonal la. Deklarasyon sinik sa a montre aklè, gouvènman an pa gen okenn volonte pou soulaje mizè popilasyon an. Politik sentre bas sa a gouvènman an ap aplike sou ekzijans FMI k ap pete fyèl mas popilè yo mete laboujwazi alèz. Sa pèmèt yo jwenn mwatye nan 29 milyon 100 mil dola vèt, kidonk 500 milyon goud ki te prevwa pou li sou ribrik ‘’Devlopman sektè prive’’ nan kad CCI a. Se sa k fè li jwenn tou 26 milyon 596 mil goud bourad lajan gouvènman an te sere pou li nan bidjè 2004 - 2005 la. Anplis sa, boujwazi a gen avantaj pou l pa peye taks pandan twazan. Ak yon politik konsa, paka pa ka gen lajan pou sibvansyone pri gaz la. Tankou pawòl la di li, tout sa k pa bon pou you kategori moun li bon pou yon lòt. Bourik travay chwal garyonnen. Gouvènman an fè konnen si li sibvansyone gaz la, sa ap pwovoke defisi bidjetè, lavichè elat.... Pou ki sa kantite lajan sa yo gouvènman an dekese tout jounen pou boujwazi a pa janm pwovoke defisi bidjetè ak lavichè. Se pa lajan yo ye?

Devan sitiyasyon malouk sa a, MODEP kwè tout militan ak òganizasyon serye nan peyi a dwe kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an. moun ki nan kouch ki pi defavorize nan popilasyon an tankou ti machann, ti peyizan, ouvriye, elèv lekòl, etidyan, pwofesè, chofè dwe rete mobilize pou nou prepare yon leve kanpe jeneral kont gouvènman an pou fòse l pran mezi pou desann pri gaz la ak pri tout pwodui premye nesesite yo. Se pa eleksyon ni kandida k ap vin rezoud pwoblèm sa yo pou nou. Pandan n ap mande popilasyon an pou li suiv tout modòd k ap gen pou bay nan jou k ap vini yo, MODEP ap kore tout inisyativ tankou grèv, sitin, manifestasyon ... k ap pran pou fòse gouvènman an bese pri gaz la ak pri lavi a an jeneral.

ABA LAVICHàˆ, ABA PLAN NEYOLIBERAL LA
VIV YON PàˆP LIB NAN YON PEYI GRANMOUN

Pòtoprens 7 Out 2005

Pou Kòdinasyon MODEP :

Samuel Regulus

Frantz Moise

Yves Barthélemy