Pòtoprens, 9 fevriye 2024 [AlterPresse] --- Plizyè moun blese ak bal, nan yon operasyon lapolis t al mennen, vandredi 9 fevriye 2024 la, nan vil Jeremi, depatman Grandans. Gen lòt moun tou ki blese ak kout manchèt, nan Jeremi ki sou gwo tansyon depi plizyè semenn, dapre enfòmasyon ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Jedi 8 fevriye 2024 la, nan moman li t ap kouvri manifestasyon kont gouvènman defakto Ariel Henry an, jounalis Jean-Marc Jean resevwa sou Dèlma a yon kout bonbon gaz lakimojèn lapolis, ki pete yon je l. Se gwo madoulè lakay fanmi jounalis Jean-Marc Jean, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Avèk plis pase 800 moun ki mouri, blese ak bal oswa ki sibi zak kidnaping, mwa janvye 2024 la se mwa ki gen plis zak vyolans depi plis pase 2 lane, depi lane 2022 a nan peyi d Ayiti. Polisye nasyonal yo fè anpil abi, zak britalite sou sila ki leve kanpe kont gouvènman defakto Ariel Henry an. Konsa, kriz nan peyi d Ayiti a kapab angrave rèd mare. Se avètisman Wo Komisarya Nasyon zini sou dwa moun yo.
Akoz vyolans gang ak zam yo, gen anpil fanmi ki kontinye ap kouri kite kay yo rete, koumansman mwa fevriye 2024 la, nan Lagrenad, Platali, Tisous, Sapotiy, nan komin Kafou, sou wout nasyonal nimewo 2 a, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Lapolis nasyonal d Ayiti a fè konnen li arete, jedi 8 fevriye 2024 la, nan ri Lama, Pòtoprens, yon fanm ki rele Evelyne Frédéric, 32 lane. Evelyne Frédéric se ta madanm chèf gang ak zam Belè a, Kempès Sanon. Depi plis pase 3 mwa, Evelyne Frédéric te konn jwe wòl Toutè, siveye rapòte, nan zòn lopital jeneral Pòtoprens, pou pèmèt gang ak zam Gran Ravin yo kidnape anpil moun nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan ak pote zam ak bal bay gang Belè a, dapre lapolis.
Jedi 8 fevriye 2024 la, lapolis nasyonal di li jwenn, nan yon machin Toyota plak Ofisyèl OF 00038, yon zam ak chajè l, anpil anpil katouch, yon chemiz lapolis, yon chajè radyokominikasyon, yon sachè ki gen poud ki sanble ak dwòg marijuana, 2 telefòn ak anpil rad. Se nan yon operasyon lapolis nasyonal la di li t al fè nan riyèl Félix, sou katye Belè.
Ariel Henry kraze peyi a. Se Ariel Henry k ap domine. Nou pa gen kay pou n rete. Nou pa gen pye bwa pou n repoze. Se kèk pami eslogan moun Ti Gwáv semenn sa a nan manifestasyon pou ekzije gouvènman defakto a bay talon l.
Se mobilizasyon tout sosyete òganize a ki pou konstwi mache kontre fanm ak gason konsekan, ki va mennen batay pou ranplase gouvènman restavèk defakto ki la a, ki va retire peyi d Ayiti nan tyouboum li ye a, nan yon tranzisyon koupe fache tout bon, sou baz lòt kalte relasyon avèk kominote entènasyonal la, sou baz relasyon granmoun ki respekte diyite pèp ayisyen an. Toutotan zòt gen kapasite pou kontinye manipile Ayisyen kont Ayisyen, klas sosyal kont klas sosyal, jan l ap fè sa la a, peyi d Ayiti ap kontinye nan mera, nan brigandáy nètalkole toujou. Se dizon rasanbleman Fwon patriyotik popilè.
Ariel Henry gen plan pou met kanpe yon rejim diktati nan peyi a. Se lagè Ariel Henry deklare popilasyon peyi d Ayiti a, avèk diskou li fè lannuit 7 fevriye 2024 la. Se konsiderasyon Kowalisyon jenès ayisyen pou entegrasyon (Cojhit), ki ekzije bon jan limyè fèt sou jan lapolis nasyonal te rive touye ak bal plizyè ajan Brigad siveyans espas pwoteje yo (Bsap), mèkredi apremidi 7 fevriye 2024 la, nan Laboul, komin Petyonvil.
Mouvman pwotestasyon kont gouvènman defakto Ariel Henry an charye gwo konsekans sou aktivite lasante, lekòl, sekirite lamanjáy la, transpò piblik nan machin ak nan avyon, divès kote sou teritwa Ayiti. Sa ki lakoz popilasyon an pa ka rive jwenn sèvis ki pi enpòtan yo. Se kout rèl Biwo Nasyon zini kòdinasyon zafè imanitè yo (Ocha), nan yon rapò li rann piblik jedi 8 fevriye 2024 la.
Timoun yo, ki sipoze jwenn bon jan pwoteksyon, ap viv yon sitiyasyon vyolans san parèy nan peyi d Ayiti. Fòk tout moun pran responsablite yo pou asire pwoteksyon timoun yo kòmsadwa. Se kout rèl Fon Nasyon zini pou timoun, yo plis konnen sou non Unicef.
Esepte lekòl yo ki paralize depi 3 semenn, aktivite yo (ponp gaz, komès, labank, transpò piblik) reprann piti piti, vandredi 9 fevriye 2024 la, nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan. Men, tansyon an toujou la avèk kout bal k ap pete divès kote, tankou nan Douya, komin Site Solèy, sou wout nasyonal nimewo 1 an, dapre temwayáy ki vin jwenn AlterPresse ak AlterRadio.
Gen 90 mil moun ki sibi anba pri k ap monte san gade déyé nan jou sa yo. Sitiyasyon latwoubláy kounye a nan peyi d Ayiti lakoz pri tout byen yo, espesyalman manje yo, ogmante grad divizyon nan peyi a, tankou nan depatman Sid ak Nip. Se yon ranmase Pwogram lamanjáy mondyal (Pam) nan peyi d Ayiti.
Chak jou pi plis, sitiyasyon dwa moun yo ap angrave sou teritwa Ayiti a. Se pou sa, li ta enpòtan pou fòs miltiaansyonal pou kore sekirite a ta deplòtonnen san pèdi tan nan peyi d Ayiti, dapre Wo komisarya Nasyon zini pou dwa moun yo.
Gen ijans ak nesesite yon gwo pote kole pou anpeche sitiyasyon ki genyen nan peyi d Ayiti a tounen yon lagè sivil. Se kout rèl ministè zafè etranje peyi Jamayik. Jedi 8 fevriye 2024 la, nan peyi Japon, mis zafè etranje peyi Jamayik la te chite pale ak tokay li nan peyi Kenya, sou nesesite pou Misyon miltinasyonal pou kore sekirite a (Mmas la) ta deplòtonnen san pèdi tan nan peyi d Ayiti/ [ppsf eb rc apr 09/02/2024 15:00]